Ekriti yo
Ide pou Amelyore Etid Ekriti Familyal ou


“Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou,” Ide pou Etid Ekriti (2021)

“Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou,” Ide pou Etid Ekriti

Imaj
fanmi k ap etidye ekriti yo

Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou

Etid ekriti familyal regilye se yon mwayen puisan pou ede fanmi w aprann levanjil la. Kantite w li ak dire lekti ou an fanmi an pa osi enpòtan ke konsistans nan efò w yo. Lè w fè etid ekriti yo vin yon pati enpòtan nan lavi familyal ou, w ap ede manm fanmi w rapwoche yo de Jezikri e bati temwayaj yo sou fondasyon pawòl li yo.

Reflechi sou kesyon sa yo:

  • Kijan w ka ankouraje manm fanmi w pou yo etidye ekriti yo pou kont yo?

  • Kisa w ka fè pou ankouraje manm fanmi w pataje sa y ap aprann yo?

  • Kijan w ka mete aksan sou prensip w ap aprann nan Ekriti a nan moman ansèyman chak jou yo?

Sonje fwaye a se kote ideyal pou moun aprann ak anseye levanjil la. Ou ka aprann ak anseye levanjil lakay ou nan fason ki pa posib nan yon sal klas nan Legliz la. Se pou w kreyatif lè w ap panse sou fason pou w ede fanmi w aprann nan ekriti yo. Itilize kèk nan ide sa yo pou anrichi etid ekriti familyal ou.

Itilize mizik.

Chante kantik ki ranfòse prensip yo anseye nan ekriti yo.

Imaj
yon mesye k ap li ekriti yo

Pataje Ekriti Siyikatif

Bay manm fanmi w tan pou yo pataje pasaj ekriti yo twouve ki siyifikatif nan etid pèsonèl yo.

Itilize Pwòp Mo Pa w

Envite manm fanmi yo pou yo fè rezime sa yo aprann nan ekriti w ap etidye yo nan pwòp mo pa yo.

Aplike Ekriti yo nan Lavi W

Lè w fin li yon pasaj ekriti, mande manm fanmi yo pou yo eksplike ki fason pasaj sa a aplike ak lavi yo.

Poze Yon Kesyon

Envite manm fanmi yo pou yo poze yon kesyon sou levanjil la, epi apre sa, pran tan pou w chèche vèsè ki kapab ede reponn kesyon an.

Afiche yon Ekriti

Chwazi yon vèsè ou twouve ki siyifikatif, epi afiche l kote tout manm fanmi an ka wè l souvan. Envite manm fanmi yo pou yo chak chwazi yon ekriti pou yo afiche lè se tou pa yo tou.

Fè yon lis Ekriti

Antanke fanmi, chwazi plizyè vèsè nou ta renmen diskite pandan semèn k ap vini an.

Memorize Ekriti yo

Chwazi yon pasaj ekriti ki enpòtan pou fanmi w epi mande yo pou yo memorize li kote y ap repete l chak jou oubyen y ap jwe yon jwèt memwa.

Prezante leson objè

Chèche objè ki anrapò avèk vèsè n ap li an fanmi yo. Envite manm fanmi yo pou yo di kijan chak objè gen rapò avèk sa yo anseye a nan ekriti yo.

Imaj
yon fi k ap anseye yon timoun

Chwazi yon sijè

Fè chak manm fanmi w yo chwazi yon sijè fanmi an ap etidye ansanm lè tou pa yo rive. Itilize Gid pa Sijèa, Diksyonè Bib la, oubyen Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) pou n ka jwenn pasaj ekriti sou sijè a.

Fè yon Desen

Li kèk vèsè an fanmi, epi bay tan pou manm fanmi yo desine yon bagay ki anrapò avèk sa w ap li a. Pran tan pou nou chak diskite sou desen lòt.

Jwe wòl yon istwa

Lè w fin li yon istwa, envite manm fanmi yo pou yo fè yon senaryo avèk li. Apre sa, pale sou fason istwa a anrapò avèk sa n ap viv endividyèlman oubyen antanke fanmi.

Elder David A. Bednar te anseye: “Chak priyè familyal, chak tan etid ekriti familyal, e chak sware adomisil se yon kout penso sou tablo nanm nou. Okenn nan bagay sa yo gen dwa pa parèt trè enpresyonan ni memorab. Men, menmjan kout penso jòn ak dore ak mawon yo konplete youn lòt pou pwodui yon tablo enpresyonan an, se konsa tou si nou pèsevere nan fè ti bagay ki aparaman piti yo, sa ka mennen nan rezilta espirityèl enpòtan” (“Pi dilijan ak pi sousye lakay,” Liahona, Nov. 2009, 19–20).