Ekriti yo
Poukisa nou Etidye Ekriti yo?


“Poukisa nou etidye ekriti yo?” Ide pou Etidye Ekriti yo (2021)

“Poukisa nou etidye ekriti yo?” Ide pou Etid Ekriti yo

Imaj
Kris enstitiye sentsèn nan pami Nefit yo, pa Andrew Bosley

Poukisa nou Etidye Ekriti yo?

Lè nou etidye ekriti yo avèk dilijans, nou vin pi pre Jezikri epi nou vin pi byen konprann levanjil Li a ak sakrifis ekspyatwa L la. Pwofèt Nefi te ankouraje nou nan fason sa a:

“Se poutèt sa, nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiska lafen, gade, Papa a di: N ap gen lavi etènèl” (2 Nefi 31:20).

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Ansèyman ki soti nan ekriti yo ap ede nou retounen al jwenn Papa nou ki Syèl la. Pwofèt dènye jou nou yo mande nou pou nou etidye yo regilyèman, pèsonèlman epi, kote sa aplikab, antanke fanmi. Yo envite nou pou nou aprann nan eksperyans moun yo ki nan ekriti yo epi aplike resi ak ansèyman ekriti yo nan lavi nou jodi a, jan Nefi konseye l nan 1 Nefi, 19:23. Ni pwofèt ansyen ak modèn yo envite nou pou nou etidye ekriti yo epi “fè yon festen ak pawòl Kris la” (2 Nefi 32:3).

Imaj
gason ki ap li ekriti yo

Prezidan Russell M. Nelson te anseye verite enpòtan sa a tou sou “fè festen” avèk ekriti yo:

“Fè festen vle di plis pase goute. Fè festen vledi savoure. Nou savoure ekriti yo lè nou etidye yo nan yon espri dekouvèt delisye ak obeyisans fidèl. Lè nou fè festen ak pawòl Kris yo, yo ekri ‘sou tab lachè kè nou’ [2 Korentyen 3:3]. Yo vin fè pati entegrant nati nou” (“Viv pa gidans ekriti yo,” Ensign, Nov. 2000, 17).

Lè nou patisipe regilyèman nan etid ekriti pèsonèl ak familyal, y ap kapab gide, pwoteje ak fòtifye noumenm ak fanmi nou kont anpil pwoblèm nan epòk nou an.