Ekriti yo
Ide pou Itilize Aplikasyon Libreri (Medyatèk) Levanjil la


“Ide pou Itilize Aplikasyon Libreri (Medyatèk) Levanjil la,” Ide pou Etid Ekriti yo (2021)

“Ide pou Itilize Aplikasyon Libreri (Medyatèk) Levanjil la,” Ide pou Etid Ekriti yo

Imaj
yon fi ak yon timoun k ap gade yon tablèt

Ide pou Itilize Aplikasyon Libreri (Medyatèk) Levanjil la

Koute

Youn nan pi bon fason pou etidye ekriti yo se koute anrejistreman yo. Ou kapab fè sa a lakay ou oswa prèske nenpòt kote. Ou kapab regle vitès la tou pou koute epi nan diferan lang.

Etidye daprè Sijè

Ou kapab jwenn ekriti sou yon sijè lè w itilize fonksyon rechèch la epi apre lè w egzaminen rezilta rechèch ki pètinan yo. Ou kapab itilize tou piblikasyon Sijè Levanjil yo ki bay prensipal ekriti pou yon sijè.

Òganize daprè Sijè

Ou kapab òganize kontni an daprè sijè lè w itilize “Etikèt” ak “Fichye.” Sijè sa yo kapab itil lè w ap prepare yon diskou oswa yon leson.

Souliye

Ou kapab souliye oswa make ekriti ou yo lè w seleksyone yon pasaj epi apre w chwazi yon estil. Estil la kapab yon konbinezon diferan koulè epi yon souliyman oswa yon miz an evidans.

Kreye Lyen

Ou kapab kreye lyen ant ekriti yo, mesaj konferans jeneral ak lòt sijè yo. Sa a kapab ede ou sonje ak jwenn lyen ou te fè yo san pèdi tan.

Chèche Definisyon

Ou kapab chèche definisyon yon mo byen fasil nan ekriti a lè w seleksyone li epi tape bouton “Defini” a.

Itilize Makè ak Ekran

Ou kapab retounen rapidman nan sijè ou seleksyone a lè w itilize makè pou swiv tras kèk kote ak ekran. Itilizasyon makè kapab pèmèt ou kenbe plizyè chapit ak lòt sijè ki ouvri an menm tan.

Fikse yon Orè

Ou kapab kreye yon plan etid k ap ede w swiv pwogrè etid ekriti ou. Ou kapab tou fikse rapèl pou ede w akonpli objektif etid ou yo. Yon orè kapab ede ou swiv orè Vini, Suiv Mwen an oswa li Liv Mòmon an pèsonèlman.