Timoun yo ak Jèn yo
Ou kapab suiv Sovè a


“Ou kapab suiv Sovè a,” Devlopman pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo (2019)

“Ou kapab suiv Sovè a,” Devlopman pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo

Ou kapab suiv Sovè a

Papa nou ki nan Syèl la vle pitit li yo aprann ak pwogrese. Li te voye Pitit Gason l lan, Jezikri, pou vin egzanp pafè pou nou tout nan tout fason.

Espirityèl

Jezi te grandi nan “fason ki te fè Bondye plezi.” Ou kapab pwogrese espirityèlman nan montre lanmou ou pou Bondye ak volonte w pou w viv levanjil la.

Sosyal

Jezi te grandi nan “fason ki te fè lezòm … plezi.” Ou kapab pwogrese sosyalman nan montre lanmou pou tout moun.

Fizik

Jezi te devlope nan “kò fizik li.” Ou kapab aprann travay ak pran swen kò ou, sante mantal ou, ak kreyasyon Bondye yo.

Entelektyèl

Jezi te devlope an “sajès.” Ou kapab etidye nan lekòl, aprann nouvo talan, ak amelyore talan w yo.