Timoun yo ak Jèn yo
Kòmanse!


“Kòmanse!” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo (2019)

“Kòmanse!” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo

Kòmanse!

Imaj
moun k ap monte mòn

Eseye itilize chema ki se Dekouvri, Planifye, Aji, ak Reflechi a pou ede w suiv egzanp Sovè a pandan w ap pwogrese. Anvizaje pou w fikse bi pou chak nan kat domèn yo pou kenbe lavi w balanse. Ou ka itilize paj annapre yo pou gide ou. Oubyen ou ka itilize yon lòt jounal oswa yon lòt metòd pou fikse bi ki mache byen pou ou.

Sonje, se ou ki responsab pwogresyon ou, men ou pa oblije fè l poukont ou. Pè Selès ou a vle ede w, epi ou ka mande paran, dirijan, ak zanmi w yo pou ede ou. Chèche opòtinite pou w ede lòt moun nan pwogresyon pa yo tou. Pè Selès la vle pitit li yo renmen ak sipòte youn lòt.

Dekouvri

Kisa w santi w ta dwe aprann oswa amelyore? Ekri enpresyon ou ak ide ou pandan w ap reflechi sou kesyon tankou sila yo: Kijan m ka devlope talan m yo? Kisa m ta renmen fè? Ki responsablite m genyen nan moman sa a? Kijan m ka rekonèt Sentespri a? Kimoun mwen ka sèvi?

Imaj
espirityèl, sosyal, entelektyèl, fizik

Espirityèl

Egzanp: Kenbe yon jounal, priye chak maten, etidye ekriti yo chak jou, kenbe jou saba a sen.

Sosyal

Egzanp: Sèvi lòt moun, evite komeraj, fè nouvo zanmi

Entèlektyèl

Egzanp: Devlope yon pastan oubyen yon talan, fè pratik anseye, aprann kijan pou w fè bidjè.

Fizik

Egzanp: Prepare epi manje manje ki nitritif, fè egzèsis, pwòpte oubyen amelyore anviwonman ou.

Planifye

Objektif mwen:

Poukisa bagay sa a enpòtan pou mwen?

Kijan sa ap ede m vin pi plis tankou Jezikri?

Fason m pral fè sa:

Ki kèk etap oubyen aksyon senp mwen ka antreprann pou m travay pou atenn bi m yo?

Dat/Kantite fwa

Dat/Kantite fwa

Dat/Kantite fwa

Kimoun ki ka ede mwen?

Aji

  • Ki sa m ap aprann?

  • Ki ajisteman m bezwen fè?

Reflechi

  • Kisa m aprann?

  • Kijan m rapwoche m de Sovè a?

  • Kijan m ka itilize sa m aprann yo pou sèvi lòt moun?

Imaj
senbòl, selebrasyon

Dat ou fini

Mwen pral selebre pwogresyon m nan:

Imaj
logo, Devlòpman Timoun yo ak Jèn yo

Ki pwochen bagay m pral fè?

Retounen ale gade fòm Dekouvri a pou w ka jwenn ide.