Timoun yo ak Jèn yo
Ou se yon pitit presye Bondye


“Ou se yon pitit presye Bondye,” Devlopman pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo (2019)

“Ou se yon pitit presye Bondye,” Devlopman pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo

Ou se yon pitit presye Bondye

Pè Selès la ak Jezikri te kreye tout bagay, yo konnen tout bagay, epi yo simonte tout bagay. Epi yo vle w vin menmjan avèk yo! Lè w fè alyans epi w suiv plan Bondye a, ou ka itilize don patikilye w yo pou w pwogrese epi pou w sèvi lòt moun.

Imaj
espri yo nan syèl la

Ou soti nan syèl la vini sou tè a. Ou fè pati yon fanmi.

Imaj
moun k ap batize

Ou fè alyans pou w suiv Jezikri lè w te batize ak lè w pran sentsèn.

Imaj
moun k ap konfime

Lè w konfime, ou resevwa don Sentespri a pou gide ou.

Imaj
òdinasyon nan prètriz

Ou ka patisipe nan travay Bondye a epi sèvi nan legliz la anba otorite kle prètriz yo.

Imaj
moun ki deyò yon chapèl

Ou ka aprann ak pwogrese lè w etidye levanjil la, viv li, ak pataje li.

Imaj
moun k ap fè aktivite

Ou ka jwenn lajwa lè w renmen ak sèvi lòt moun jan Jezi t ap fè.

Imaj
Jezi ap anseye moun

Pè Selès la te voye pitit gason li, Jezikri, pou sèvi kòm yon egzanp pafè epi pou rann posib pou w repanti epi chanje.

Imaj
moun ki deyò yon tanp

Nan tanp la, ou ka sèvi epi fè alyans ki konekte pitit Bondye yo pou tout tan.