Timoun yo ak Jèn yo
Yon modèl pou pwogresyon


“Yon modèl pou pwogresyon,” Devl0pman Pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo (2019)

“Yon modèl pou pwogresyon,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo

Yon modèl pou pwogresyon

Pwogresyon se yon pati enpòtan nan plan Papa nou ki nan Syèl la. Pou ede ou, Pè Selès la ba ou gidans nan men Sentespri a, nan ekriti yo, ak pwofèt vivan yo. Ou pral aprann apati eksperyans ou yo, espesyalman lè w konte sou Jezikri ak sou Ekspyasyon l lan. Men yon modèl pou ede w viv levanjil la nan tout domèn nan lavi ou.

Dekouvri sou kisa w bezwen travay pou w amelyore.

Imaj
jèn kap priye ak fè rechèch

Planifye kijan w pral fè sa.

Imaj
jèn avèk kat jewografik

Aji selon plan w lan nan lafwa.

Imaj
jèn k ap rann sèvis

Reflechi sou sa w te aprann.

Imaj
jèn k ap reflechi

Dekouvri

Bezwen, Don, ak Talan ou

Imaj
moun k ap fè aktifvite

Pè Selès la ba ou don, talan, ak kapasite. Li vle w dekouvri yo epi devlope yo pou rann tèt ou, lòt moun, e menm mond lan pi bon. Kijan w ka amelyore ak pwogrese?

Eseye poze kesyon tankou:

  • Kisa m santi m ta dwe aprann oswa chanje nan lavi m?

  • Ki talan oubyen kapasite m vle akeri?

  • Ki abitid espirityèl mwen bezwen devlope oswa amelyore?

  • Kijan m ka kenbe alyans mwen te fè lè m te batize yo?

  • Kimoun mwen ka sèvi?

Pè Selès la ap reponn kesyon sa yo lè w konte sou li. Priye. Sonde ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo. Li benediksyon patriyakal ou, si w gen youn. Aprann rekonèt santiman ak panse ki soti nan Sentepri a. Li ap ede w konnen kisa k pi enpòtan pou ou nan moman sa a. Si w pa konn kisa pou w fè, gade paj 58–63.

Planifye

Pou amelyore

Imaj
moun nan yon vil

Yon fwa w fin deside sa w pral travay sou li a, fè yon plan sou fason w kapab fè sa. Plan w lan dwe enkli aksyon oswa etap espesifik, oubyen l ta ka enkli fason pou w devlope yon abitid oswa yon kalite pèsonèl.

Eseye poze kesyon tankou:

  • Poukisa bagay sa a enpòtan pou mwen?

  • Kijan bagay sa a ap ede m vin plis tankou Jezikri?

  • Ki aksyon m ka antreprann pou m fè bagay sa a?

  • Èske m ka separe aksyon sa yo an etap ki pi piti?

  • Ki plan m ka fè kounyea pou m simonte pwoblèm m ka rankontre?

Priye konsènan plan w lan, epi pote atansyon ak santiman ak ide w resevwa yo. Ou kapab mande èd Sentespri a, èd fanmi ou, ak dirijan w yo.

Aji

Pou grandi nan lafwa

Imaj
moun k ap fè aktifvite

Suiv plan w lan! Kreye rapèl pou ede w rete fokis. Ou ka ekri yon nòt, mete yon alam, oubyen mande yon moun pou travay avèk ou. Pafwa travay sou plan w lan pral parèt difisil. Pafwa w ap echwe. Sa pa pwoblèm! Aprann kisa k mache ak kisa k pa mache ap ede w pwogrese.

Si w rive bloke, eseye poze kesyon tankou:

  • Kisa k te mache? Poukisa?

  • Kisa k pa t mache? Poukwa pa?

  • Ki lòt bagay mwen ka eseye?

  • Ki kote m ka jwenn plis ide?

  • Èske m ka separe objektif mwen an an ti etap oswa ti aksyon ki pi piti?

  • Kisa m ka aprann apati echèk yo?

Fè yon bagay byen mande pratik ak pasyans. Mande fanmi ou, zanmi, oswa dirijan w yo èd. Sovè a konnen oumenm ak pwoblèm w ap fè fas yo. Li kapab ede w fè bagay ki difisil? Priye pou èd ak direksyon.

Reflechi

Sou sa w aprann

Imaj
moun k ap monte eskalye

Medite sou objektif ak plan w yo pandan w ap travay sou yo ak lè w fini. Kijan ou santi w? Kisa w aprann? Si w ekri panse ak enpresyon w resevwa yo, sa kapab ede w pi devan.

Eseye poze kesyon tankou:

  • Kijan m pwogrese?

  • Kijan m ka itilize sa m aprann yo pou sèvi lòt moun?

  • Kijan aksyon m yo ede m vin pi pre Sovè a?

  • Kijan m ka kontinye pwogrese nan domèn sa a?

Lè w fin travay sou yon objektif oswa yon plan, remèsye Pè Selès la ak moun ki te ede w yo. Reflechi sou wòl Sovè a nan lavi ou lè w ap pran sentsèn. Reflechi epi priye sou ki pwochen bagay ou ka travay.