Timoun yo ak Jèn yo
Ide pou Pwogresyon nan tout domèn nan lavi a


“Ide pou Pwogresyon nan tout domèn nan lavi a,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo (2019)

“Ide pou Pwogresyon nan tout domèn nan lavi a,” Devlopman Pèsonèl: Manyèl pou Jèn yo

Ide pou Pwogresyon nan tout domèn nan lavi a

Gen si anpil fason w ka pwogrese nan lavi ou! Chèche ide nan paj ki vini apre yo, oubyen vini ak pwòp ide pa w. Mande Pè Selès la pou ede w konn kisa w bezwen travay sou li nan moman sa a.

Ou ka jwenn ide adisyonèl nan ChildrenandYouth.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Gospel Living nan.

Espirityèl

Imaj
jèn k ap li ekriti yo
  • Priye sensèman.

  • Etidye ekriti yo ak pawòl pwofèt vivan yo.

  • Chèche opòtinite pou w pataje levanjil la.

  • Dekouvri epi devlope don espirityèl ou yo.

  • Prepare w pou benediksyon patriyakal ou.

  • Rete diy pou w resevwa ak kenbe yon rekòmandasyon tanp.

  • Travay sou istwa familyal ou epi sèvi nan tanp.

  • Eksprime gratitid chak jou.

  • Kenbe yon kòmandman pi totalman.

  • Etidye lavi Kris la.

  • Rete diy pou w pran sentsèn chak semèn.

  • Patisipe nan seminè.

Sosyal

Imaj
jèn ka p salye granmoun
  • Pote plis atansyon ak bezwen lòt moun.

  • Aprann koute byen epi eksprime ide w klèman.

  • Renmen ak sèvi moun ki bò kote ou.

  • Pase tan avèk fanmi w.

  • Prepare pou w vin yon konjwen ak yon paran.

  • Devlope rezistans—kapasite pou adapte ak andire lè bagay yo vin difisil.

  • Enplike w nan aktivite lekòl oubyen aktivite kominotè.

  • Chèche fason pou w pran swen pòv yo.

  • Aprann prezante eskiz. Aprann padone.

  • Pale epi aji ak jantiyès, epi evite komeraj.

Fizik

Imaj
jèn k ap monte bisiklèt
  • Amelyore sante w ak fòs fizik ou.

  • Aprann oubyen amelyore nan yon talan fizik, tankou nan espò, dans, oswa aktivite ki fèt deyò.

  • Aprann oubyen amelyore nan yon talan atistik oswa atizana.

  • Jere dezi fizik yo nan yon fason ki ansante.

  • Aprann fason pou pwoteje tèt ou kont abi, epi cheche èd si nesesè.

  • Evite pònografi.

  • Chèche bonjan fason pou jere emosyon ak strès.

  • Aprann kijan pou w pran swen timoun.

  • Pratike bon ijyèn.

  • Aprann kijan pou w byen itilize zouti pou fè jaden ak zouti pou kay yo.

  • Aprann talan pou w bay premye swen ak pou w siviv nan raje.

  • Itilize langaj apwopriye, epi pa sèmante.

Entelektyèl

Imaj
jèn kap etidye
  • Amelyore kapasite pou w li ak ekri.

  • Devlope bon abitid pou etidye.

  • Chèche konn kisa w bezwen fè pou w jwenn yon bon travay, epi kòmanse travay pou w atenn bi sa a.

  • Aprann plis konsènan yon bagay ki enterese ou.

  • Pale avèk moun ou admire pou w ka konn kijan yo devlope kalite w ta renmen akeri yo.

  • Aprann kijan pou w jere lajan avèk sajès.

  • Etidye yon sijè levanjil la an pwofondè.

  • Aprann konpetans pwofesyonèl debaz ke w ka itilize kounyea oubyen pita.

  • Asiste evenman kiltirèl yo.

  • Aprann yon lòt lang.

  • Vin plis otonòm.

  • Aprann ak fè pratik prensip disiplin tèt.