EnglishConnect for Missionaries
Leson 25: Revizyon


“Leson 25: Revizyon,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo (2022)

“Leson 25,” EnglishConnect 2 pou Etidyan yo

tigason k ap souri epi bay akolad

Lesson 25

Review

Objektif: M pral revize EnglishConnect 2 epi reflechi sou eksperyans mwen.

Personal Study

Konplete aktivite A jiska D pou prepare konvèsasyon an gwoup ou a.

senbòl a
Study the Principle of Learning: Learn by Study and by Faith

Aprann atravè Etid ak Lafwa

I can rely on God to seek learning by study and by faith.

M ka konte sou Bondye pou chèche aprann atravè etid ak lafwa.

Senyè a ban nou yon modèl pou aprann

“Chèche avèk dilijans epi aprann youn lòt pawòl sajès; wi, chèche pawòl sajès nan pi bon liv yo, chèche konesans nan etid epi nan lafwa” (Doktrin ak Alyans 88:118)

Reflechi sou eksperyans ou yo nan EnglishConnect. Kijan ou te aplike modèl sa a? Reflechi sou prensip aprantisaj ak deklarasyon yo ou te aprann ansanm yo:

  • “Ou se yon pitit Bondye”—M se yon pitit Bondye avèk potansyèl ak objektif etènèl.

  • “Egzèse lafwa nan Jezikri”—Jezikri ka ede m fè tout bagay si m egzèse lafwa nan Li.

  • “Pran responsablite”—M gen pouvwa pou m chwazi, epi m responsab pwòp aprantisaj mwen.

  • “Renmen ak anseye yonn lòt”—M ka aprann apati Lespri a pandan m renmen, anseye, ak aprann avèk lòt yo.

  • “Avanse devan”—Avèk èd Bondye, mwen ka kontinye avanse menm lè m rankontre obstak.

  • “Chèche Konsilte Senyè a”—Mwen amelyore aprantisaj mwen nan konsilte Bondye chak jou konsènan efò m yo.

Tan ou avèk gwoup EnglishConnect la gendwa pral fini, men, gen anpil lòt bagay Bondye vle ou aprann ak eksperimante. Papa w ki nan Syèl la renmen w epi Li vle ede w atenn potansyalite diven ou. Ou ka konte sou Bondye epi kontinye “chèche aprann, menm atravè etid ak lafwa tou.”

Yon fi ak yon gason k ap souri

Ponder

  • Kijan ou te fè eksperyans amou ak èd Bondye pandan w ap aprann Anglè a?

  • Kouman ou te aplike prensip aprantisaj yo nan EnglishConnect?

  • Kouman w ap aplike prensip aprantisaj sa yo nan lòt pati nan lavi ou?

senbòl b
Prepare for Activity 1

Li enstriksyon yo pou aktivite 1. Ekri yon kesyon ak yon repons pou chak fanmi nan aktivite a. Li yo awotvwa. Gade leson 4 ak leson 5 pou vokabilè ak modèl yo.

senbòl c
Prepare for Activity 2

Li enstriksyon yo pou aktivite 2. Chwazi yon foto Ekri kat kesyon ak repons konsènan evenman sa a. Li yo awotvwa. Gade leson 12 ak leson 23 pou vokabilè ak modèl yo.

senbòl d
Prepare for Activity 3

Li enstriksyon yo pou aktivite 3 pati 1. Ekti twa kesyon ak repons pou planifye yon evenman. Li yo awotvwa. Gade leson 17 ak leson 22 pou vokabilè ak modèl yo.

Repete pou aktivite 3 pati 2.

Additional Activities

Konplete aktivite ak evalyasyon leson an anliy yo nan englishconnect.org/learner/resources oswa nan Kaye Egzèsis EnglishConnect 2 a.

Act in Faith to Practice English Daily

Kontinye pratike Anglè chak jou. Itilize “Fèy Suivi Etid Pèsonèl” ou a. Revize objektif etid ou epi evalye efò w yo.

Conversation Group

Discuss the Principle of Learning: Learn by Study and by Faith

(20–30 minutes)

Yon fi ak yon gason k ap souri

senbòl 1
Activity 1: Create Your Own Conversations

(10–15 minutes)

Gade foto yo. Poze epi reponn kesyon yo konsènan chak fanmi. Di otan ou kapab. Se pou w kreyatif! Youn apre lòt.

Example

foto fanmi milti-jenerasyoèl sou kanape
  • A: How many grandchildren does he have?

  • B: He has two grandchildren.

  • A: Tell me about his daughter-in-law.

  • B: She is thirty years old, short, intelligent, and thoughtful.

  • A: How are the grandfather and the grandmother different?

  • B: The grandfather is more generous than the grandmother.

  • A: How are this sister and that sister different?

  • B: This sister is older. That sister is younger.

Image 1

pòtrè fanmi manman ak pitit gason

Image 2

pòtrè fanmi avèk nèf moun

Image 3

fanmi k ap pale nan yon salon

Image 4

granparan ak pititpitit yo an plennè

senbòl 2
Activity 2: Create Your Own Conversations

(10–15 minutes)

Jwe wòl. Patnè B te asiste evenman nan foto a. Patnè A poze kesyon yo konsènan evenman an. Di pi plis ou kapab. Se pou w kreyatif! Chanje wòl yo.

Example

zanmi k ap jwi yon fèt ak selebre
  • A: Where were you last night?

  • B: I was at a birthday party.

  • A: How was the birthday party?

  • B: It was fun. I had a wonderful time. There were lots of gifts.

  • A: What did you do?

  • B: We listened to music, danced, and shared memories.

  • A: Was there cake at the birthday party?

  • B: Yes, there was cake!

Image 1

sè k ap ri epi manje dine

Image 2

papa k ap ede timoun yo prepare liy pou lapèch

Image 3

koup nan maryaj

Image 4

fanmi k ap konstwi chatosab ansanm

senbòl 3
Activity 3: Create Your Own Conversations

(10–15 minutes)

Part 1

Jwe wòl. Patnè B ap planifye yon evenman nan kominote w la. Patnè A poze kesyon yo pou ede planifye evenman an. Se pou w kreyatif! Chanje wòl.

Example
selebrasyon fedatifis
  • A: What will we do?

  • B: We will have a celebration.

  • A: OK! What will happen at the celebration?

  • B: It will be a celebration of our city. There will be games, snacks, a band, and fireworks.

  • A: Who will be there?

  • B: People from our community.

  • A: What day will it be?

  • B: It will be on August 1st.

  • A: When is it going to be?

  • B: It’s going to start at 6:30 p.m. It’s going to end after midnight.

Part 2

Jwe wòl. Patnè A envite patnè B nan evenman ou te planifye nan pati 1. Poze epi reponn kesyon suivi yo. Parnè B pa kapab asiste. Se pou w kreyatif! Chanje wòl yo.

Example
  • A: Do you want to come to a celebration with me?

  • B: When is it?

  • A: It’s on Friday, May 10th at 6:30 p.m.

  • B: What will happen at the celebration?

  • A: There will be fireworks and games.

  • B: Sorry, I can’t come to the celebration because I need to study for a test.

  • A: Can you please come to the celebration with me?

  • B: No, I can’t come because I have to get a good grade on my test.

Reflection

(5–10 minutes)

Felisitasyon! Ou soti lwen anpil. Nou fyè de tout efò ak tan ou mete nan aprann Anglè a.

Reflechi sou eksperyans ou nan EnglishConnect 2 epi fikse bi yo pou lavni.

  • Pataje twa bagay ou te aprann ki te pi itil pou ou.

  • Kouman ou pral kontinye amelyore Anglè ou?

  • Panse konsènan prensip aprantisaj yo. Kijan w ka aplike prensip sa yo nan lavi ou?

Pwochen Etap Ou

Kounyea ke w fin konplete EnglishConnect 2 an, panse pou w kontinye nan EnglishConnect 3. Pou w aprann plis, vizite join.englishconnect.org

Pa pare pou kòmanse EnglishConnect 3? Kontinye aprann Anglè nan EnglishConnect 2.

Kèlkeswa sa w ap fè nan apre, sonje ke ou se yon pitit Bondye epi Li ka ede w pwogrese.

Act in Faith to Practice English Daily

“Akeri tout edikasyon ke ou kapab. … Edikasyon se kle ki pral ouvri pòt opòtinite yo pou ou. Li vo lapèn pou w fè sakrifis pou sa. Li vo lapèn pou w travay sou sa, epi si w edike panse w ak men ou yo, ou pral ka pote yon gran kontribisyon pou sosyete kote w ap viv la, epi w ap kapab reflete onorableman sou Legliz kote ou se manm nan” (Enseignements des Présidents de l’Église: Gordon B. Hinckley [2016], 241).