Nouvo Testaman 2023
10–16 Jiyè. Travay 6–9: “Kisa W Ta Renmen M Fè?”


“10–16 Jiyè. “Kisa W Ta Renmen M Fè?,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

Travay 6–9. Travay 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2023

Imaj
Pòl tonbe atè

Konvèsyon sou Wout Damas la, pa Michelangelo Merisi da Caravaggio

10–16 Jiyè

Travay 6–9

“Kisa W Ta Renmen M Fè?”

Etidye Travay 6–9 epi ekri enpresyon w yo. Sa ap ede w resevwa revelasyon sou jan pou ede manm klas la vin pi pre Jezikri atravè etid yo sou chapit sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Sou tablo a, ekri non kèk nan moun ki mansyone nan Travay 6–9, tankou Etyèn, Sayil, Filip, Ananyas, Pyè, ak Tabita oswa Dòkas. Envite kèk manm klas la pou yo di yon bagay yo aprann nan men youn nan moun sa yo nan etid yo semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Travay 7

Reziste anba Sentespri a kapab mennen nou nan rejte Sovè a ak pwofèt Li yo.

  • Ou ta kapab kòmanse yon diskisyon sou eksperyans Etyèn nan lè w envite manm klas la pou yo revize pawòl Etyèn yo nan Travay 7:37–53. Ou ta kapab konsantre w sou deklarasyon Etyèn nan? Ou ta gen dwa konsantre w sou deklarasyon Etyèn nan Travay 7:51. Kisa “resziste anba Sentespri a” vle di? Pou konprann mo sa yo pi byen, manm klas la ta kapab diskite sou youn ou plizyè nan pasaj sa yo: 2 Nefi 28:3–6; 33:1–2; Mozya 2:36–37; Alma 10:5–6; ak Alma 34:37–38. Poukisa nou “reziste a Sentespri a“? Kisa nou ka fè pi byen pou nou rekonèt ak suiv enspirasyon Sentespri a?

Travay 8:9–24

Kè nou bezwen “dwat devan Bondye.“

  • Pou etidye istwa Simon an antanke yon klas, ou ta kapab ekri kesyon sa yo sou tablo a Kimoun Simon te ye Kisa li te vle? ak Kijan li te eseye jwenn li? Bay chak manm klas la responsablite pou yo li Travay 8:9–24, pandan y ap chèche repons pou kesyon sa yo. Ki verite Simon pot ko konprann? Kisa nou ka aprann nan eksperyans sa a? Kijan nou ka asire nou ke kè nou “dwat devan Bondye“? (vèsè 21).

  • Diran etid pèsonèl yo, kèk manm klas la kapab te remake kèk kalite Etyèn ak Filip te genyen ke Simon pa t genyen (gade nan plan leson semèn nan nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Si l te konsa vre, envite yo pou yo pataje sa yo te jwenn. Manm klas la ta kapab pataje tou egzanp ki soti nan Travay 6–9 konsènan moun kè yo te dwat devan Bondye, tankou Filip ak nèg ki te soti Etyopi a (gade nan Travay 8:26–40), Sayil gade nan Travay 9:1–22), ak Tabita (gade nan Travay 9:36–39).

    Imaj
    Pyè ki ap leve Tabita pou l soti anba lanmò

    Tabita Leve, pa Sandy Freckleton Gagon

Travay 8:26–39

Sentespri a ap ede nou gide lòt moun al jwenn Jezikri.

  • Pou ede manm klas konprann kijan yo ka gide lòt moun al jwenn Jezkiri (gade nan Travay 8:31), ou ta gen dwa envite de manm nan klas la pou yo chita fasafas pou yo li konvèsasyon Filip ak mesye ki te soti Etyopi a nan Travay 8:26–39. Yon twazyèm elèv ta kapab li pati ki pa nan konvèsasyon an. Kisa nou aprann nan egzanp Filip la sou anseye lòt moun levanjil la?

  • Pou eksplore egzanp modèn ak istwa nan Travay 8:26–39, manm klas la kapab pataje eksperyans yo te fè avèk pataje levanjil la oubyen lè yo t ap antre nan legliz la. Kijan Sentespri a te ede yo? Kijan yon moun aji gid yo? Envite yo pou yo reflechi sou yon moun yo ta ka gide pou l vin nan levanjil la.

Travay 9

Lè nou soumèt nou devan volonte Senyè a, nou vin tounen enstriman nan men L.

  • Manm klas la ka aprann verite puisan sou pwòp konvèsyon pa yo lè yo li eksperyans Sayil la, ansanm ak verite ki di moun ka repanti e chanje lavi yo si yo vle a. Ou gen dwa mande yo pou yo konpare eksperyans Sayil la avèk eksperyans Alma (gade nan Mozya 17:1–418; 26:15–21) ak Anti-Nefi-Leyi yo (gade nan Alma 24:7–12). Kisa Senyè a te fè pou ede moun sa yo vin konvèti? Kijan yo te demontre volonte yo pou yo chanje? Ki mesaj nou jwenn pou pwòp lavi pa nou nan istwa sa yo?

  • Pou fasilite yon diskisyon sou eksperyans Sayil la, ou ta gen dwa envite kèk manm klas la pou yo vini tou prepare pou yo pataje sa yo aprann nan chak seksyon diskou Prezidan Dieter F. Uchtdorf la, ki rele “Ap Tann Sou Wout Damas la” (Liahona, Me 2011, 70–77). Kijan nou tann pafwa sou pwòp wout Damas pa nou? Selon Prezidan Uchtdorf, kisa ki ka ede nou ande vwa Bondye pi byen? Ou ta gen dwa anvizaje pase videyo “Wout Damas la” tou (ChurchofJesusChrist.org). Petèt manm Legliz la ta kapab pataje eksperyans kote yo t ap chèche ak suiv volonte Bondye.

Amelyore Ansèyman Nou

Rann Temwayaj konsènan Jezikri. Antanke enstriktè, ou ka ede manm klas bati lafwa yo nan Sovè a, menmjan Filip te fè pou Etyopyen an lè l te anseye l pawòl Ezayi yo (gade nan Travay 8:26–37). Pou w fè sa, ou dwe gen pwòp eksperyans bati lafwa pa w nan ekriti yo. Temwayaj ou pataje a kapab se yon fòs puisan nan ede manm klas la fòtifye temwayaj yo konsènan Jezikri.