Nouvo Testaman 2023
3–9 Jiyè. Travay 1–5: “Na Sèvi M Temwen”


“3–9 Jiyè. Travay 1–5: ‘Na Sèvi M Temwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“3–9 Jiyè. Travay 1–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2023

Imaj
Yon pakèt moun ki bò rivyè a e ki ap batize nan rivyè a

Jou Pannkot la, pa Sidney King

3–9 Jiyè

Travay 1-5

“Na Sèvi M Temwen”

Si w li Travay 1–5 epi w chèche jwenn asistans Lespri a, w ap resevwa enspirasyon konsènan ki verite nan chapit sa yo ki ka ede manm klas ou a konte sou Sentespri a ak vin temwen fidèl Senyè Jezikri pi konplètman.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Gen anpil pasaj ak prensip enpòtan nan Travay 1–5. Youn nan fason pou dekouvri sa ki pi presye ak valab pou manm klas ou a se pou fè yo di w kisa ki enteresan pou yo nan etid ekriti yo a. Kijan w ap envite yo fè sa? Ou ta gen dwa tou senpleman ba yo kèlke minit pou yo jwenn ak pataje yon vèsè nan Travay 1–5 kote yo te santi vwa Senyè a t ap pale avèk yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Travay 1:1-8; 2:37-39; 4:1–13, 31–33

Jezikri dirije Legliz li a atravè Sentespri a.

  • Li eksperyans Apot yo kapab ede manm klas ou a wè kijan yo ka resevwa pouvwa ak asistans Sentespri a nan apèl yo ak responsablite yo nan Legliz la. Youn nan fason pou repase eksperyans ki nan Travay 1–5 yo se pou ta ekri sou tablo a Sentespri a te ede Apot yo dirije Legliz la nan: epi apre sa envite manm klas la pou yo chèche Travay 1:1–8; 2:37–39; ak 4:1–13, 31–33, pandan y ap chèche fason pou yo fini fraz la. Manm klas la ta kapab pataje apre sa eksperyans kote Sentespri a te ede yo nan fason sa yo. Poukisa Apot yo te bezwen Sentespri a—epi poukisa nou bezwen L?

Travay 1:15–26

Se Bondye ki aple Apot Jezikri yo pa revelasyon.

  • Anvizaje envite manm klas la pou yo eksplike kijan yon antrepriz ta kapab chwazi yon ranplasan pou yon pòs direksyon. Ki kalifikasyon yo ta kapab chèche? Mande manm klas la pou yo di ki kontras ki genyen ant fason sa a ak fason Apot Matyas te aple (gade nan Travay 1:15–26; gade tou nan 1 Samyèl 16:1–13) ak pawòl Prezidan Gordon B. Hinckley nan “Resous Adisyonèl” yo ki dekri kijan Apot aple jodi a. Kijan metòd Bondye a pou chwazi dirijan yo afekte lafwa nou nan dirijan Li aple yo? Manm klas la ta kapab pataje kijan yo te rive gen yon temwayaj ke se Limenm ki aple apot ak pwofèt jodi a.

Travay 2:37–47

Sentespri a enspire nou pou nou aji selon sa nou aprann yo.

  • Lè manm klas la etidye ekriti yo lakay yo epi ansanm nan klas la chak semèn, souvan yo gen dwa santi “kè yo boulvèse” (Travay 2:37). Ou gen dwa santi w enspire pou w ede yo ale pi lwen toujou nan mande yo: “Kisa nou dwe fè?” Travay 2:37 Li Travay 2:37–47 ansanm, pandan w ap envite yo pou yo chèche bagay gwoup 3,000 moun sa yo te fè apre yo te fin koute envitasyon Pyè a. Petèt yo ta kapab di ki fason yo te suiv enspirasyon yo te jwenn nan etid yo sou pawòl Bondye a. Apre sa ou gen dwa rezève yon ti tan nan fen klas la pou chak moun poze tèt yo kesyon “Kisa m dwe fè?” a epi pou yo ekri enpresyon yo.

Imaj
Pyè ki ap souri e ki ap preche avèk blesi nan figi l.

Malge yo te arete l epi yo te bat li, Pyè te preche levanjil la san kè sote.

Travay 3; 4:1–21; 5:12–42

Lè nou ranpli avèk Sentespri a, nou ka pataje levanjil la avèk radiyès.

  • Manm klas la ta kapab revize Travay 3; 4:1–21; 5:12–42, pandan y ap chèche egzanp kote Pyè t ap temwaye san kè sote. Oubyen yo ta kapab gade youn nan videyo sa yo: “Pyè Ap Preche epi Yo Arete l,” “Yo Jije Pyè ak Jan,” oubyen “Pyè ak Jan Kontinye Preche Levanjil la” (ChurchofJesusChrist.org). Kisa pale “pawòl Bondye avèk radiyès” vle di? (Travay 4:31). Kijan Sentespri a ede nou pataje levanjil san kè sote? Ki diferans ki genyen ant tip radiyès sa a ak renmen kontansyon? Manm klas la ta gen dwa gen eksperyans pou yo pataje kote yomenm oubyen yon moun yo konnen te defann oswa rann temwayaj sou levanjil la san kè sote.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Apèl yon manm Douz yo.

Gordon B. Hinckley te pataje kèk ide sou pwosesis pou aple yon nouvo Apot la: “Pwosedi a patikilye a pou Legliz Senyè a. Pa gen chèche ofis, pa gen fè mannèv pou w ka jwenn pozisyon, pa gen fè kanpay pou voye moun monte. Montre Fason Senyè a se kontrè fason mond lan. Fason Senyè a trankil, se yon fason pezib, ki san fanfa ni depans lajan. Li san egoyis, ni vanite, ni anbisyon. Selon plan Senyè a, moun ki gen responsablite pou chwazi ofisye yo gide pa kesyon trè enpòtan sa a: ‘Kiyès Senyè a t ap chwazi?’ Gen yon deliberasyon trankil ak reflechi. Epi gen anpil priyè ki fèt pou resevwa konfimasyon Sentespri a pou konnen si chwa a kòrèk” (“Dieu est à la Barre,” L Etoile, Me 1994, 53).”

Amelyore Ansèyman Nou

Envite moun w ap anseye yo pou yo aji. Sentespri a enspire nou souvan pou nou aji selon sa nou aprann yo (gade nan Travay 2:37). Lè sa te rive pèp Pyè t ap anseye a, li te voye yon envitasyon (gade Travay 2:38). Anvizaje kijan w ka suiv egzanp Pyè a.