Nouvo Testaman 2023
24–30 Jiyè. Travay 16–21: “Senyè a Aple Nou pou Nou Preche Levanjil la”


“24–30 Jiyè. Travay 16–21: ‘Travay 16–21: “Senyè a Aple Nou pou Nou Preche Levanjil la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“24–30 Jiyè. Travay 16–21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2023

Imaj
Paul ap anseye sou yon mòn

24–30 Jiyè

Travay 16-21

“Senyè a Aple Nou pou Nou Preche Levanjil la”

Anvan w gade plan leson sa a, nan yon espri lapriyè, li Travay 16–21 avèk manm klas ou a nan lespri w. Ide sa yo kapab konplete enspirasyon ou resevwa nan men Lespri a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Anvizaje envite manm klas la pou yo pataje yon pasaj nan Travay 16–21, ki raple yo yon eksperyans yo te fè nan pataje levanjil la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Travay 16–21

Antanke manm Legliz la, nou temwaye sou Jezikri e nou pataje levanjil Li a.

  • Yon mesaj ki frapan nan Travay 16–21 se enpòtans Sentespri a nan pataje levanjil la. Pa egzanp, manm klas la ta kapab li kèk bagay sou jan Sentespri a te ede Pòl ak Silas nan Travay 16:6–15 Poukisa nou bezwen Sentespri a lè nou ap pataje levanjil la? (gade nan 2 Nefi 33:1; Doktrin ak Alyans 33:8–10; 42:14; 100:5–8). Petèt manm klas la ta kapab pataje eksperyans lè Sentespri a te gide efò yo pou yo te pataje levanjil la.

  • Kijan eksperyans Pòl te fè yo ede manm klas la pou yo gen kouraj lè yo santi yo pouse pou yo pataje temwayaj yo? Anvizaje mande chak manm klas la pou yo revize youn nan istwa sa yo: Travay 16:16–34; 17:16–34; 18:1–11. Mande yo pou yo pataje prèv yo jwenn konsènan kouraj ak radiyès Pòl. Ki verite Pòl te anseye (ak konprann) ki te ba l konfyans nan mesaj li a? Poukisa nou ezite pafwa pou nou pataje levanjil la, e kijan Senyè a ede nou? Ankouraje manm klas la pou yo panse a yon fason yo kapab suiv egzanp Pòl la epi pataje temwayaj yo sou Kris pi souvan (the videyo “M Prale Kote Ou Vle M Ale” [ChurchofJesusChrist.org] kapab ede).

Travay 17:16–34

Nou se pitit Bondye.

  • Sou Ayewopaj la, Pòl te pataje ansèyman sou Pè Selès la avèk yon gwoup moun ki pa t konn anpil bagay sou vrè nati Bondye. Pou eksplore ansèyman sa yo, manm klas la ta kapab li Travay 17:24–31 epi ekri sou tablo a verite yo jwenn sou Pè Selès la, sou relasyon nou avèk Li, ak sou relasyon nou youn avèk lòt. Ki eksperyans manm klas la ka pataje kote yo te santi verasite deklarasyon Pòl la lè l te di Bondye “pa lwen okenn nan nou” (vèsè 27).

  • Pandan nou ap egzamine vèsè sa yo ansanm, panse a diskite verite ki anseye vèsè 29la ki di: “Nou se pitit Bondye.” Ou ta kapab ekri sou tablo a Paske nou se pitit Bondye, … ak Si nou pa t konnen nou se pitit Bondye, … Envite manm klas la pou yo sigjere fason pou nou konpete fraz sa yo Pa egzanp, kisa konnen nou konnen nou se pitit Bondye a anseye nou sou noumenm ak sou fason nou youn ta dwe trete lòt? Ki diferans ki tap genyen nan lavi nou si nou pat gen konesans sou vrè relasyon nou avèk Bondye? Kisa deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks la nan “Resous Adisyonèl yo” ajoute sou nan diskisyon sa a?

    Imaj
    yon tibebe yo kenbe

    Nou chak se yon pitit Bondye.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Nou tout se pitit yon Bondye.

Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” pataje verite etènèl sou relasyon nou avèk Bondye: “Tout kretyen vivan—gason ak fi—kreye daprè imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi byenneme paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven” (ChurchofJesusChrist.org).

Prezidan Dallin H. Oaks nan Kolèj Douz Apot yo te pale de jan li enpòtan pou nou konsidere tèt nou kòm pitit espirityèl Bondye toudabò e nan tout bagay:

“Fè atansyon a jan nou karakterize tèt nou. Pa karakterize ni defini tèt nou selon yon kalite tanporè. Sèl grenn kalite ki ta dwe karakterize nou sè ke nou se yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye. Bagay sa a depase tout lòt karakteristik, sa enkli ras, okipasyon, karakteristik fizik, onè, oswa menm afilyasyon relijye. …

“Nou gen libabit nou, epi nou ka chwazi nenpòt karakteristik pou defini nou. Men nou dwe konnen ke lè nou chwazi pou nou defini tèt nou oubyen prezante tèt nou pa kèk karakteristik ki tanporè oubyen san enpòtans nan tèm letènite, nou minimize sa ki pi enpòtan nan nou an, epi nou bay twòp enpòtans a sa ki yon ti jan pa enpòtan. Sa ka fè nou tonbe nan move chemen epi bloke pwogresyon etènèl nou” (“Se Pou Nou Saj” [devosyon nan Inivèsite Brigham Young–Idaho, 7 Nov., 2006], byui.edu).

Amelyore ansèyman nou

Envite jèn yo pou yo patisipe nan leson an. Si w ap anseye jèn moun, raple yo ke souvan yo kapab konprann bagay kanmarad yo ap travèse. Lè yon moun rann temwayaj oswa anseye doktrin nan, lòt jèn yo gen dwa santi yo touche nan yon fason nou pa p ka repwodui. Bay jèn yo opòtinite pou youn anseye lòt. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a,32.)