Vini, Suiv Mwen
Mas 25–31. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6: ‘Pa pè’


“Mas 25–31. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6: ‘Pa pè’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Mas 25–31. Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezikri k ap nouri foul moun nan

Nouri yo, pa Jorge Cocco

Mas 25–31.

Maye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6

“Pa pè.”

Pandan w ap prepare pou w anseye nan Matye 14–15; Mak 6–7; ak Jan 5–6 la, chèche mesaj ki enpòtan pou klas ou a. Pandan w ap fè sa, panse a fason pou w fè manm klas ou yo viv yon eksperyans siyifikan avèk ekriti yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Yon fason pou w kòmanse yon diskisyon sou chapit sa yo se envite kèk manm nan klas la pou yo chak chwazi yon chapit nan lekti yo te fè a epi vini tou prepare pou yo pataje yon mesaj nan chapit sa a ki te siyifikan pou yo. Pandan y ap pataje a, lòt manm klas yo kapab poze kesyon oubyen bay opinyon pa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jan 5:16–47

Jezikri se Piti Gason Byeneme Papa nou ki nan Syèl la.

  • Nan Jan 5, Jezi te bay anpil limyè sou tèt li, sou Papa li, ak sou relasyon l avèk Papa a. Pou ede manm klas yo dekouvri limyè sa yo, eseye divize yo an gwoup epi ba yo kèlke minit pou yo fè yon lis sou tablo a sou tout verite yo ka jwenn nan vèsè 16–47 yo sou pèsonalite Bondye, Jezikri ak relasyon yo genyen. Envite gwoup yo chak pran tou pa yo pou li verite nan lis yo a jiskaske yo fin pataje chak verite nan chak lis. Kòman verite sa yo ede nou pi byen konprann Papa nou ki nan syèl la ak Pitit Gason l la? Kijan nou ka suiv egzanp obeyisans Jezikri pou Papa l la?

  • Gen yon aktivite nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ki envite elèv klas ou yo pou yo note chak fwa Jezikri te itilize mo Papa a nan Jan 5 la. Envite kèk nan manm klas yo pou yo pataje sa yo te aprann pandan yo t ap fè aktivite a. Ki limyè yo te jwenn sou Papa ki nan syèl la ak Pitit Gason Byenneme l la? Kisa levanjil retabli a anseye ki ede nou pi byen konprann kiyès Papa nou ki nan syèl la ye epi poukisa nou adore l? Nou ka jwenn kèk ide nan Diksyonè Bib la pou mo “Bondye” a ak nan “Bondye Papa a” nan Ankre nan lafwa, 46-48. Kòm pati nan diskisyon sa a, ou gen dwa chante, koute, oubyen li “Ô mon Père,” Cantiques, no. 185, avèk klas la.

Matye 14:16–21; Mak 6:33–44; Jan 6:5–14

Sovè a ka mayifye ofrann nou pou nou akonpli objektif li.

  • Kisa k ta ka ede manm klas yo jwenn yon siyifikasyon pèsonèl nan mirak kote Jezikri te nouri senk mil moun yo? Ou gen dwa mande yo kijan lekti yo sou mirak sa a ogmante lafwa yo nan kapasite Sovè a pou beni yo pèsonèlman. Èske yo janm santi ke mwayen yo oswa kapasite yo pa t ase pou yo akonpli yon objektif oubyen yon kòmandman Bondye? Èske yo pa janm santi ke Sovè a mayifye oubyen miltipliye efò yo pou ede yo akonpli yon bagay ki te sanble l enposib?

    Imaj
    Pen ak pwason

    Jezikri te mirakilezman nouri 5,000 moun avèk pen ak pwason.

  • Video “Nouri 5.000 nan” (LDS.org) ka ede manm klas ou yo medite sou mirak yo dekri nan pasaj sa yo. Ki detay nou ka jwenn nan istwa sa a ki ogmante lafwa nou nan Sovè a? Nan ki fason Sovè a ka nouri nou spirityèlman? Ki lè Jezikri te nouri nou ak sipòte nou? Pou yon egzanp sou mirak nan epòk pa nou an ki sanble avèk mirak pen ak pwason an, gade video “Pure and Simple Faith” (LDS.org) la oswa Paul VanDenBerghe, “Power in Prayer,” New Era, Jiyè 2012, 34–36.

Matye 14:22–33

Jezikri envite nou pou nou mete krent ak dout nou yo sou kote pou nou ka vin jwenn ni pi totalman.

  • Istwa nan Matye 14:22–33 a ka ede manm klas yo ogmante lafwa yo nan Sovè a ak dezi yo pou suiv li. Envite manm klas yo pou yo li istwa sa a, pou yo pote yon atansyon spesyal a pawòl Kris la, Pyè ak lòt Apot yo te di. Kijan pawòl Jezikri yo te ede Pyè gen lafwa pou l te kite bato a pou l te vin mache sou dlo a? Kijan avètisman Jezikri a pou nou “pran kouraj” epi “pa pè” a nan (vèsè 27) la aplike pou nou jodia? Kisa nou ka aprann nan men Pyè konsèan kisa sa vle di pou nou se disip Jezikri epi fè l konfyans?

  • Matye 14:22–33 gen pawòl ak fraz ki ta ka enspire manm klas yo pou yo egzèse pi gwo lafwa nan Sovè a. Mande yo pou yo chèche kèk mo ak fraz enspiran konsa, ekri yo sou tablo a, epi diskite sou sa yo ekri yo. Èske manm klas yo ka wè tèt pa yo nan eksperyans Pyè a? Ou gen dwa ankouraje yo pou yo reflechi sou sa epi pataje eksperyans kote, menmjan ak Pyè, yo te deside pou yo suiv Sovè a, menmlè yo pa t konn ki rezilta sa t ap pote. Kisa yo te aprann nan eksperyans la? Kòman Jezikri te vin pote yo sekou nan moman krent oswa dout yo?

Jan 6:22–71

Antanke disip Kris la, nou dwe dispoze pou nou kwè epi aksepte laverite menm lè l difisil pou nou fè sa.

  • Evenman yo rakonte nan Jan 6 yo ka pote yon nouvo pèspektif lè moun ap kesyone doktrin, istwa, oubyen pratik Legliz Kris la. Nan chapit sa a, kèk nan disip Jezi yo te refize aksepte ansèyman kote l te di li se pen vivan an epi se sèlman atravè sakrifis kò li ak san li yo ka sove a. Pou ede manm klas ou yo aplike istwa sa a nan lavi yo, ou ge dwa ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a epi mande yo pou yo chèche repons nan vèsè 22–71 yo: Kisa moun yo t ap atann? (gade vèsè 26). Kisa Kris la te ofri yo olyesa? (gade vèsè 51). Kisa moun yo te mal konprann? (gade vèsè 41–42, 52). Ki kèk fason nou ka chwazi pou nou mache avèk Kris la menm lè nou gen kesyon? Envite yo pou yo medite sou kesyon Sovè a ak repons Pyè a nan vèsè 67–69 yo. Ki kèk doktrin, òdonans, oubyen lòt “pawòl lavi etènèl” nou ka jwenn sèlman nan Legliz retabli Kris la? Envite manm klas yo pou yo pataje fason doktrin ak òdonans sa yo te beni yomenm ak fanmi yo. Pou yo ka aprann sa yon Apot nan epòk pa nou an te di sou sijè sa a, envite yon manm nan klas la pou l li deklarasyon Èldè M. Russell Ballard la nan seksyon “Resous Adisyonèl" la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Manm klas yo ka santi yo enspire pou yo li pasaj pou pwochen klas la si w di yo ke evenman yo pral li yo pral anrichi eksperyans yo lè y ap koute konferans jeneral la. Ankouraje yo pou yo vini nan pwochen klas la tou prepare pou yo pataje ide yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 14–15; Mak 6–7; Jan 5–6

“Èske nou prale tou?“

Apre l te fin site Jan 6:68–69, Èldè M. Russell Ballard te anseye:

“Pou kèk moun, envitasyon Kris la pou yo kwè ak pèsevere a toujou rèd—oswa difisil pou yo aksepte. Gen kèk disip k ap lite pou yo konprann yon règleman oubyen yon ansèyman spesifik Legliz la. Gen kèk lòt ki jwenn bagay ki preyokipe yo nan istwa nou oubyen nan enpèfeksyon kèk manm ak dirijan, pase ak prezan. Gen kèk lòt toujou ki twouve l difisil pou yo viv yon relijyon ki egzije si anpil konsa. Finalman, gen kèk moun ki ‘fatige fè byen’ [DA 64:33]. Pou rezon sa yo ak pou lòt rezon, lafwa kèk manm nan Legliz la ebranle, y ap mande tèt yo si petèt yo pa ta dwe suiv moun ki “te retounen, epi ki pat mache ankò ” avèk Jezi yo.

“Si nenpòt nan noumenm ta santi lafwa nou ap febli, m ap poze nou menm kesyon Pyè te poze a: ‘Kiyès [nou] pral jwenn?’ …

“… Anvan w fè chwa espirityèlman danjere sa a pou w kite a, mwen ankouraje w pou w kanpe epi byen reflechi anvan w abandone kèlkeswa sa k te mennen w resevwa temwayaj ou sou Legliz retabli Jezikri a pou kòmanse. Kanpe epi panse sou sa w te santi isit la ak poukisa ou te santi l. Panse a sou moman kote Sentespri a te rann ou temwayaj konsènan verite etènè la” (“Kiyès pou n al jwenn?” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 90–91).

Amelyore ansèyman nou

Koute “Koute se yon zak lanmou. … Mande Papa nou ki nan syèl la pou l ede w konprann sa manm klas ou yo ap di yo. Si w pote bon jan atansyon a sa y ap di ak menm sa yo pa di, w ap vin pi byen konprann bezwen yo, sousi yo, ak dezi yo” (Anseye nan fason Sovè a, 34).