Vini, Suiv Mwen
25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite’


“25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“25 Fevriye–3 Mas. Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezi ap anseye bò lanmè a

Jezi k ap anseye moun yo bò lanmè a, pa James Tissot

25 Fevriye–3 Mas

Matye 6–7

“Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite”

Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse prepare tèt pa w toudabò. Etidye Matye 6–7, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Sa ap ede w resevwa revelasyon sou fason pou w pi byen reponn bezwen klas la. Apresa, chèche jwenn ide ansèyman nan plan leson sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje ki pasaj nan Diskou sou Mòn nan yo santi nou pi bezwen jodia. Ankouraje yo pou yo di sa yo panse youn apre lòt.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 6–7

Si nou koute ansèyman Senyè a bay yo epi nou suiv yo, lavi nou ap bati sou yon fondasyon fèm.

  • Ki chanjman presi nan Matye 6–7 la ki ka pi plis benefisye moun w ap anseye yo? Panse pou w ekri sou tablo a plizyè referans nan Matye 6–7 la ki gen ansèyman sa yo. Manm klas yo ta dwe seleksyone yonn nan referans yo pou yo etidye an silans, epi apresa pou yo ekri sou tablo a nenpòt verite espirityèl yo aprann. Kòman ansèyman sa yo enfliyanse lavi nou?

  • Sovè a te fini diskou l la avèk yon parabòl ki ta ka ede klas ou a pi byen konprann kijan l enpòtan pou yo viv daprè ansèyman Sovè a bay yo (gade Matye 7:24–27; gade Elaman 5:12 tou). Pou yo vizyalize parabòl sa a, manm klas yo gen dwa travay ansanm pou yo bati yon fondasyon solid kote y ap itilize blòk, gode, oubyen lòt materyèl epi apresa pou yo teste fòs fondasyon yo a. Petèt yo ta gen dwa mete etikèt sou materyèl y ap itilize yo kote yo ka ekri bagay yo ka fè pou yo aplike ansèyman Sovè a. Kijan lè nou fè bagay sa yo, sa ka ede nou kanpe devan tanpèt lavi yo?

Matye 6:5–13

Sovè a te anseye nou kijan pou n priye.

  • Etidye Priyè Senyè a (Notre Père), ka ede manm klas yo idantifye kijan yo ka amelyore pwòp priyè pa yo nan suiv egzanp Senyè a. Ou gen dwa envite yo pou yo ekri sou tablo a kèk fraz ki frape yo nan Matye 6:9–13 (oubyen Lik 11:1–4) la. Lè nou medite sou pawòl Sovè a, kisa nou aprann konsènan atitid nou ta dwe genyen lè nap priye? Kisa nou aprann konsènan pou ki bagay nou ta dwe priye e apwopo ki bagay nou ta dwe priye? Sa ta ka aprann manm klas yo anpil si yo ta refòmile kèk nan fraz Sovè a kòm bagay yo ta ka di nan lapriyè pa yo. Paregzanp, “Ba nou pen kotidyen jodia” ta ka refòmile konsa “Tanpri ede m nan efò m pou m pran swen fanmi mwen.”

  • Moun w ap anseye yo ka benefisye nan etidye lòt egzanp sou Sovè a k ap priye Papa l tou, tankou Matye 26:36–42 ak Jan 17. Ou gen dwa envite yo pou yo etidye kèk nan pasaj sa yo, pou yo chèche repons pou kesyon tankou “Kisa nou aprann osijè lapriyè nan fason Sovè a te priye a?” ak “Kijan nou ka fè priyè nou yo vin plis tankou priyè Sovè a?” Pou lòt egzanp sou priyè, gade nan Enòs 1:3–17; Alma 31:26–35; 33:3–11.

  • Èske w gen kèk eksperyans ou ta ka pataje ki gen relasyon avèk lapriyè? Lè w pataje eksperyans ou, sa ka ede manm klas yo fè menm jan an tou. Prezidan Thomas S. Monson te pataje plizyè eksperyans pèsonèl konsènan lapriyè nan mesaj li ki rele “Konsidere benediksyon yo” (Ensign oubyen Liahona, Nov. 2012, 86–89). Ou gen dwa diskite sou prensip ki nan mesaj sa ak nan sitasyon ki nan seksyon “Resous adisyonèl" la. Sa yo ekri sou “Priyè” nan Diksyonè Bib la ka ede tou.

Matye 7:7–11

Papa nou ki nan syèl la reponn priyè.

  • Pou ede manm klas yo ranfòse lafwa yo ke Bondye ap tande ak reponn priyè yo, ou gen dwa ekri mande, chèche, ak frape sou tablo a. Apresa, envite yo pou yo fouye ekriti yo pou yo chèche egzanp sou moun ki te “mande,” “chèche,” ak “frape” (paregzanp, gade nan 1 Nefi 11:1; Etè 2:18–3:6; Istwa—Joseph Smith 1:11–17). Kisa nou aprann nan egzanp sa yo konsènan jwenn repons pou priyè nou?

  • Nou ka jwenn kèk kontèks enpòtan pou Matye 7:7–11 la nan Tradiksyon Joseph Smith Matye 7:12–17 la tou (nan apendiks Bib la). Nan vèsè sa yo, disip Jezi yo te prevwa kèk ekskiz moun yo te ka bay pou yo pa chèche laverite nan men Papa nou ki nan syèl la. Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo imajine yo gen yon zanmi ki gen retisans pou l chèche direksyon oubyen benediksyon nan men Senyè a. Kisa yo ta ka di pou ankouraje zanmi sa a? Kijan yo ka itilize pawòl Sovè a nan Matye 7:7–11 yo?

Matye 7:15–20

Nou ka fè diferans ant vrè pwofèt ak fo pwofèt atravè fwi yo.

  • Manm klas yo siman konn ekspoze anba fo filozofi ak lòt mansonj advèsè a, keseswa sou entènèt oubyen nan kèk lòt sous. Yo gen dwa konn tande lòt moun ap kritike sèvitè Senyè yo tou. Kijan w ka ede yo konprann kijan pou yo disène ant fo pwofèt ak fo ansèyman yo ak sa ki vrè yo? Ou gen dwa montre yo plizyè kalite fwi epi mande yo kisa nou ka asime lè n ap panse nan ki pyebwa fwi sa yo soti. Nan ki fason egzèsis sa a ede nou konprann Matye 7:15–20 an? Ou gen dwa li avèk yo kèk mesaj resan pwofèt vivan yo te bay. Ki “fwi” oubyen rezilta yon moun jwenn nan suiv konsèy yo?

    Imaj
    Fwi

    Nou ka konnen vrè pwofèt yo atravè fwi yo.

  • Matye 7:15–20 ta ka ede w bati lafwa manm klas yo nan misyon divin Pwofèt Joseph Smith la. Ki fwi travay Joseph Smith yo akonpli? Pou kèk ide, gade nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Joseph Smith” (Ensign oubyen Liahona, Nov. 2014, 28–31). Kijan nou ka itilize analoji Sovè a ki nan Matye 7:15–20 la pou nou rann zanmi ak fanmi nou temwayaj konsènan Pwofèt Joseph?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Semèn sa a, pandan manm klas yo ap etidye anpil nan mirak Sovè a te akonpli yo, envite yo pou yo medite sou egzanp mirak nan epòk aktyèl la—gwo oubyen piti—ke yo te viv oubyen yo te tande.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 6–7

Kantik pou itilize nan klas la.

  • Ki prensip anrapò ak lapriyè manm klas yo aprann nan pawòl kantik “La prière” la? (Cantiques, no. 81).

  • Si yo li, chante, oubyen koute kantik “Au grand prophète,” Cantiques, no. 27 la, sa ka ede yo panse sou fwi ki ka fè nou konnen ke Joseph Smith te yon pwofèt Bondye (gade nan DA 135:3; “Joseph Smith,” Sujets de l'évangile, topics.lds.org tou).

Istwa konsènan lapriyè.

Prezidan Boyd K. Packer te rakonte yon priyè fanmi l te fè anvan l te fè yon vwayaj al Kalifòni. Yon veterinè te di yo ke bèf yo a pa t ap pase rès jounen an. “Ti pitit gason nou an te fè priyè a. Apre l te fin mande Papa nou ki nan syèl la pou l ‘beni papa l nan vwayaj la epi beni nou tout,’ li te kòmanse yon siplikasyon sensè. Li te di, ‘Papa nou ki nan syèl la, tanpri, beni Bossy, bèf nou an, pou l ka geri.’”

"Lè m te rive Kalifòni, m te rakonte ensidan an, epi m te di: ‘Li dwe aprann ke nou pa toujou jwenn tout bagay nou mande nan lapriyè nou osi fasilman.’

“Te gen yon leson pou te aprann, men sete mwen menm ki te aprann ni, se pa t pitit gason m nan. Lè m te retounen nan Dimanch swa, Bossy ‘te geri’” (“Prayer and Promptings,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 45).

Frè Mangal Dan Dipty, yon manm Legliz la nan peyi Inde, te di konsa: “Lè m te piti, m te konn al nan Legliz Literyen Alman an regilyèman. Nou te konn al nan mòn yo souvan pou n te priye ansanm. Yon jou lapli, tout moun ki te nan gwoup priyè a te tranpe nèt anba dlo, epi yonn nan predikatè yo te fè yon priyè sensè kote l te sipliye Senyè a pou l te fè lapli a sispann. Nou te sezi wè lapli a te sispann. Sa sete kòmansman lafwa m nan Bondye ak nan lapriyè” (“Mon parcours de pionnier originaire d'Inde,” Liahona, Jiyè 2016, p.21).

Pou lòt istwa sou lapriyè, gade nan seksyon vwa Sen Dènye Jou yo nan Ensign oobyen Liahona.

Amelyore ansèyman nou

Pa pè silans. "Bon kesyon pran tan pou yo jwenn repons. Yo mande meditasyon, rechèch, ak enspirasyon. Tan w pase ap tann repons pou yon kesyon an kapab yon moman meditasyon sakre. Evite tantasyon pou entèwonp tan sa a twò bonè nan reponn kesyon an oumenm oubyen nan pase sou yon lòt sijè” (Anseye nan fason Sovè a, 31).