Vini, Suiv Mwen
Mas 11–17. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: ‘Sa yo se Douz Jezi te voye yo’


"Mas 11–17. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: ‘Sa yo se Douz Jezi te voye yo’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

"Mas 11–17. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019

Imaj
Jezikri k ap òdone Pyè

Mas 11–17.

Matye 10–12; Mak 2; Lik 711

“Sa yo se Douz Jezi te voye yo’”

Si w li Matye 10–12; Mak 2; ak Lik 711 la avèk elèv nan klas ou yo nan panse ou, sa ap ede w resevwa enspirasyon nan men Sentespri a konsènan sa yo bezwen. Ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo, epi li plan leson sa a pou w ka jwenn limyè ak ide ansèyman adisyonèl.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite kèk manm nan klas la pou yo vini tou prepare pou yo pataje nenpòt kesyon yo te genyen konsènan Matye 11:28–30 la. (Pou plis egzanp kesyon, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.) Ki repons yo te jwenn?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 10

Senyè a bay sevitè l yo pouvwa pou yo fè travay li.

  • Misyon Sovè a bay Apot li yo ka ede nou nan responsablite endividyèl nou. Manm klas yo ka petèt jwenn ide sou sijè sa a pandan etid pèsonèl yo a; ; paregzanp, gen yon aktivite sou sijè sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Envite yo pou yo pataje sa yo te aprann oubyen travay an ti gwoup pou yo ka konplete aktivite a nan klas la. Envite yo pou yo pataje eksperyans kote yo te santi pouvwa Sovè a pandan yo t ap ranpli apèl yo.

  • Yon lòt fason pou manm klas yo revize Matye 10 la se fouye chapit sa a pou yo ka jwenn yon bagay Sovè a te mande Apot yo pou yo te fè epi fè yon desen ki reprezante bagay sa a. Yo gen dwa pataje desen yo a ak sa yo te aprann konsènan misyon Douz Apot yo.

  • Ki fason etid misyon Kris la te bay Douz Apot li yo nan Matye 10 la ka ede manm klas ou yo konprann wòl pwofèt ak apot aktyèl yo. Sa ta ka bon pou w ta konpare misyon Sovè a te bay Douz yo avèk misyon li te bay premye Kolèj Douz Apot yo nan dispansasyon sa a, w ap jwenn nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Ki fason manm klas yo santi yo enfliyanse pa ministè Apot vivan yo? Rann temwayaj ou sou apèl diven pwofèt ak apot vivan yo, epi envite manm klas yo pou rann temwayaj pa yo.

  • Pou fè yo konnen chak detantè prètriz ka trase otorite l retounen nan moman kote Jezi te òdone Apot li yo, envite yon detantè prètriz pou l pataje liy otorite li.

Imaj
Kolèj Douz Apot yo

Douz Apot yo fè travay Senyè a jodia.

Matye 10: 17–20

Lè nou nan sèvis Senyè a, l ap enspire nou sa pou nou di.

  • Pafwa moun konn santi yo enkonfòtab lè y ap anseye lòt moun oubyen pale yo de levanjil la. Men Senyè a te pwomèt disip yo k l t ap ede yo konn kisa pou yo di. Kisa nou bezwen fè pou nou resevwa èd Senyè a te pwomèt la pou tèt pa nou? Envite manm klas yo pou yo li Matye 10:19–20; Doktrin ak Alyans 84:85; ak Doktrin ak Alyans 100:5–8 pou yo ka jwenn repons pou kesyon sa a. Kilè Sentespri a te ede w konn kisa pou w di? Ou gen dwa pataje eksperyans ou epi envite manm klas yo pataje pa yo.

Matye 12:1–13; Mak 2:23–28

Saba a se yon jou pou nou fè byen.

  • Pou te ede yo sanktifye jou Saba a, Farizyen yo te etabli règ sevè ak tradisyon lèzòm ki te vin finalman bwouye konpreyansyon yo sou vrè bi Saba a. Èske moun w ap anseye yo ta ka benefisye nan yon diskisyon sou rezon k fè Senyè a te ba nou Saba a? Ou gen dwa envite yo pou yo repase resi ki nan Matye 12:1–13 ak Mak 2:23–28 yo epi pataje sa Sovè a te anseye konsènan jou Saba a (gade Tradiksyon Joseph Smith, Mak 2:26–27 [nan apendiks Bib la]) tou. Ki limyè adisyonèl konsènan Saba a nou jwenn nan Egzòd 31:16–17; Ezayi 58:13–14; ak Doktrin ak Alyans 59:9–13? Ki tradisyon oubyen règ ki ka distrè nou de vrè bi Saba a?

  • Alòske Farizyen yo te mete aksan sou anpil règ detaye konsènan Saba a, Sovè a te anseye yon prensip ki senp: “Li pèmi pou nou fè byen nan jou Saba a” (Matye 12:12). Moun ki respekte prensip sa a, yo pa gen pwoblèm pou yo sanktifye jou Saba a. Ki lòt prensip ki ka ede manm klas yo sanktifye jou Saba a? Poukisa anseye prensip yo pi efikas pase etabli règ lè nou vle devlope otonomi espirityèl? (gade deklarasyon Pwofèt Joseph Smith te fè a nan seksyon “Resous Adisyonèl”) la. Èske nou ka panse ak kèk lòt prensip ki ka ede nou obeyi kòmandman Bondye yo? Paregzanp, ki prensip ki ka ede paran yo pouse pitit yo pou yo obeyi Pawòl Sajès la oubyen pou yo fè rechèh jeneyalojik?

  • Mesaj Prezidan Russell M. Nelson an “Saba a se yon delis” la nan (Ensign oubyen Liahona, Me 2015, 129–32) la ak videyo sou konsèy Èldè Jeffrey R. Holland nan nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ka ede nan yon diskisyon konsènan jou Saba a.

  • Sa ta bon tou pou manm klas yo ta revize “Obsève Jou Saba a” nan bwochi Pou Fòs Jèn yo. Yo gen dwa jwe wòl sou fason yo ka eksplike yon moun ki pa manm Legliz la rezon k fè yo sanktifye jou Saba a.

Lik 7:36–50;

Lè nou jwenn padon pou peche nou, amou nou pou Sovè a vin pi pwofon.

  • Kisa nou ka aprann nan egzanp fi a ak ansèyman Sovè a nan Lik 7:36–50 la lè n ap chèche padon pou peche nou? Ki fason repantans ranfòse relasyon nou avèk Kris la? Kijan nou ka itilize istwa sa a pou anseye yon moun sa sa vle di pou nou chèche jwenn padon?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ou gen dwa bay manm klas yo tach pou yo li parabòl nan Matye 13 ak Lik 813 yo epi prepare yo pou yo pataje nan klas semèn pwochèn nan yon limyè sou yon prensip levanjil yo te jwenn nan youn nan parabòl yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 10–12; Mak 2; Lik 711

Benediksyon obsèvasyon jou Saba a.

Nan yon seri ki gen twa video, Èldè Jeffrey R. Holland anseye konsènan benediksyon ki genyen nan obsève jou Saba a: “Nan jou sakre m nan—Rapwoche nou de Bondye,” “Nan jou sakre m nan—Onore Saba a,” ak “Nan jou sakre m nan—Repo ak Renouvèlman” (LDS.org).

Yon misyon Apot dènye jou yo.

Lè yo te aple kèk nan premye manm Kolèj Douz Apot yo nan dispansasyon sa a, Oliver Cowdery te ba yo yon misyon ki te menm avèk misyon Jezikri te bay nan Matye 10 la. Li te di:

“‘Nou pral gen pou n konbat prejije tout nasyon. … Se poutèt sa, m avèti nou pou nou gen gwo imilite, paske m konnen ogèy ki nan kè lèzòm. Fè atansyon pou flatè nan mond la pa fè nou gen ògèy. Fè atansyon pou kè nou pa vire vè bagay ki nan mond la. Mete ministè nou an an premye. … [Li] nesesè pou nou resevwa yon temwayaj pèsonèl nan men syèl la, pou nou ka rann temwayaj konsènan laverite. …

“‘… Nou dwe pote mesaj sa a bay moun ki konsidere tèt yo kòm moun saj yo. Epi, moun sa yo ka pèsekite nou; yo ka chèche pran lavi nou. Advèsè a te toujou chèche pran lavi sèvitè Bondye yo. Se poutèt sa, nou dwe prepare tout tan pou n sakrifye lavi nou si Bondye ta mande sa pou avansman ak edifikasyon koz li a. …

“Apresa, li te pran men yo separeman epi l te di, ‘Èske se ak tout kè w ou vle patisipe nan ministè sa a, pou w pwoklame levanjil la ak tout dilijans avèk frè w yo, daprè kondisyon ak bi misyon w resevwa a?’ Yo chak te reponn wi” (nan Joseph Smith Papers, Documents, Volume 4: April 1834–September 1835, ed. Matthew C. Godfrey ak lòt [2016], 243–44, 247; òtograf ak ponktyasyon remanye).

Anseye prensip ki kòrèk.

Yon lè, yon moun te mande Pwofèt Joseph Smith kòman l te fè pou l te gouvène tout kantite moun sa yo nan Novou a avèk siksè. Pwofèt la te di: “Mwen anseye yo prensip kòrèk yo, epi yo gouvène tèt yo” (gade nan Enseignements des présidents de l'église: Joseph Smith [2007], 304).

Amelyore ansèyman nou

Pwomèt benediksyon. Lè w ap ba yo envitasyon pou yo aji, temwaye bay elèv klas ou yo ke y ap resevwa benediksyon Bondye pwomèt yo lè yo suiv ansèyman l yo ak lafwa. Benediksyon pa ta dwe premye motivasyon obeyisans nou, men, Papa nou ki nan syèl la vle beni tout pitit Li. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 35.)