Vini, Suiv Mwen
18–24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Moun ki gen zòrèy pou l tande, se pou l tande’


18–24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Moun ki gen zòrèy pou l tande, se pou l tande'" Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

18–24 Mas. Matye 13; Lik 8; 13,” Vini, Swiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
ble ki pare pou rekòlte

18–24 Mas.

Matye 13; Lik 813

“Moun ki gen zòrèy pou l tande, se pou l tande’”

Pandan w ap li, panse a kesyon manm klas ou yo ka genyen lè y ap eseye konprann mesaj ki nan parabòl yo. Kisa ki ta ka difisil pou yo konprann? Kòman etid ou a ka prepare w pou w reponn kesyon yo genyen?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Revize avèk klas la “Ide pou amelyore etid pèsonèl ekriti ou ” ki nan Vini, Swiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Envite manm klas yo pou yo pataje metòd yo te itilize pou etidye Matye 13 ak Lik 813 la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 13: 1–23

Kè nou dwe prepare pou nou resevwa pawòl Bondye a.

  • Pou ede moun w ap anseye yo vizyalize mesaj parabòl kiltivatè a, ou ta gen dwa pote kèk semans, yon mamit tè, ak yon mamit tiwòch nan klas la. Mande manm klas yo pou yo plante yon semans nan tè a ak yonn nan wòch yo. Ki semans ki pral grandi pi byen, e poukisa? Ki rapò leson objè sa a genyen avèk parabòl nan Matye 13:1–23 a? Kòman nou ka prepare kè nou pou n resevwa pawòl Bondye a?

  • Kijan w ka itilize parabòl kiltivatè a pou enspire manm klas ou yo pou yo prepare kè yo pou yo resevwa pawòl Bondye a? Ou gen dwa ekri Disip ak Lòt moun sou tablo a. Envite yo pou yo li Matye 13:10–17 epi chèche wè kijan Sovè a te dekri diferans ant disip li yo ak lòt moun ki te tande parabòl li yo. Apresa, mande yo pou yo gade vèsè 18–23, pou yo ka chèche sa k ka lakoz zòrèy nou vin “bouche” oubyen je nou fèmen pou bagay espirityèl yo. Ki direksyon nou resevwa nan epòk pa nou an nan men Bondye ak sèvitè l yo? Nan ki fason n ap kiltive yon “bon tè”? (vèsè 23).

  • Ou gen dwa envite kèk nan manm klas yo pou yo chak vini tou prepare pou anseye yon seksyon nan mesaj Èldè Dallin H. Oaks la “Parabòl Kiltivatè a” (Ensign oswa Liahona, Me 2015, 32–35). Kisa mesaj li a ajoute sou konpreyasyon nou konsènan parabòl la?

Matye 13:24–35, 44–53

Parabòl Jezi yo ede nou konprann kwasans, destine, ak valè Legliz li a.

  • Kijan w ka ede manm klas yo konprann verite konsènan Legliz la yo te anseye nan parabòl Jezikri yo ki nan Matye 13 la? Ou gen dwa fè lis kèk parabòl sou tablo a (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ak Enseignements des présidents de l'église: Joseph Smith, 293–303). Fè manm klas yo mete yo an ti gwoup pou yo etidye chak parabòl yo epi pou yo chèche kisa yo aprann konsènan kwasans ak destine Legliz la. Yon fason pou konpile tout panse yo bay chak gwoup se trase yon gwo sèk sou tablo a epi rele l Legliz Kris la (“wayòm syèl la”). Lè chak gwoup pran lapawòl, yo gen dwa ekri andedan sèk la yon bagay yo te aprann sou kwasans ak destine Legliz la.

    Imaj
    yon mesye k ap peche pwason avèk yon filè

    Wayòm syèl la tankou filè yon pechè pwason.

  • Kisa nou aprann nan parabòl trezò ki kache nan jaden an ak parabòl pèl gran pri a ki nan Matye 13:44–46 la sou valè apatenans nou nan Legliz la? Kèk manm nan klas ou a (oubyen kèk moun yo konnen) gen dwa te fè sakrifis—gwo oubyen piti—pou yo te vin manm Legliz la. Envite yo pou yo pataje sakrifis yo te fè oubyen yo te wè lòt moun fè pou vin manm Legliz la. Ki benediksyon ki te vini kòm rezilta? Panse pou w rakonte istwa Prezidan Gordon B. Hinckley a konsènan ofisye naval la ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Envite manm klas yo pou yo reflechi sou sa yo te santi yo pouse pou yo te sakrifye pou Legliz la.

Matye 13:24–30, 37–43

Nan fen mond la, Senyè a pral rasanble moun jis yo epi l pral detwi mechan yo.

  • Kijan w ka ede klas ou a tire leson nan parabòl ble ak ivrè a ki ap ede yo rete Sen Dènye Jou fidèl la? Pou kòmanse, envite yon manm klas la pou l rezime parabòl la ak entepretasyon li. Sa t ap ede tou si w ta montre foto ble ak ivrè a ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Ki kèk leson nan parabòl sa a ki pou epòk pa nou an? Poukisa li enpòtan pou n konnen Senyè a kite Sen l yo “grandi ansanm” (Matye 13:30) avèk mechan yo jiskaske lè rekòt la rive? Kijan n ap fè kenbe lafwa nou solid nan anviwonman sa a, kote mechanste antoure nou toupatou a? Doktrin ak Alyans 86 banou limyè adisyonèl nan aplikasyon parabòl sa a nan dènye jou yo.

  • Deklarasyon Èldè L. Tom Perry a ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la sigjere ke ivrè a ta ka reprezante “fason mechan ak monden” ki enfiltre nan lavi nou yo. Pou ede manm klas yo medite sou fason yo ka distenge kalite ivrè espirityèl sa a, ekri plizyè verite levanjil la ak plizyè ide oubyen pratik fo ki nan mond la sou kèk moso papye. Mete moso yo ansanm nan yon veso. Apresa, mande manm klas yo pou yo chwazi kèk ladan yo epi pou yo di kiyès ki vrè ak kiyès ki fo. (Yo site anpil nan verite ak mansonj sa yo nan diskou konferans jeneral yo; ou gen dwa gade yo pou w ka jwenn ide.) Kijan nou ka suiv konsèy Èldè Perry a pou “nouri sa ki bon” nan lavi nou an?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ou gen dwa mansyone ke lekti semèn pwochèn nan pale de moun ki te suiv Jezikri men ki apresa“pat mache avèk li ankò” (Jan 6:66). Di manm klas yo ke yo ka jwenn ide ki ka ede yomenm ak lòt moum rete fidèl anvè Sovè a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 13; Luke 813

“Se verite, pa vre?”

Prezidan Gordon B. Hinckley te pataje yon eksperyans li te fè avèk yon ofisye naval ki sòti an Azi ki te fèk vin man Legliz la:

“Yo te prezante m ni jis anvan l te retounen al nan peyi natal li. Nou te pale sou [verite levanjil], epi apresa m te di l: ‘Pèp ou a pa Kretyen. Sa k pral pase lè w retounen lakay ou kòm yon kretyen, patikilyèman yon kretyen Mòmon?’

“Vizaj li te vin sonb, epi l te reponn, ‘Fanmi m pral desi. Yo ka chase m e konsidere m kòm moun ki mouri. Kanta fiti mwen ak karyè mwen, tout opòtinite ka fèmen devan m.’

“M te mande, ‘Èske w dispoze pou w peye yon pri konsa pou levanjil la?’

“Je nwa l yo te vin mouye avèk dlo kriye, epi klere … pandan l t ap reponn, ‘Se verite, pa vre?’

“M te santi m anbarase paske m te poze l kesyon an, epi m te reponn, ‘Wi, se verite.’

“Li te reponn, ‘Enben, ki lòt bagay ki pi enpòtan?’” (“It’s True, Isn’t It?” Ensign, Jiyè 1993, 2).

Nou dwe nouri sa ki bon.

Èldè L. Tom Perry te anseye: “Ansyen enmi tout limanite sa a jwenn tout mwayen posib li ka imajine pou l simen livrènan tout rakwen. Li jwenn fason pou l fè yo antre menm andedan sentete fwaye nou. Move bagay nan mond yo vin sitèlman repann ke sanble pa gen okenn mwayen pou elimine yo. Yo vini atravè filkab ak ond ki nan atmosfè a atravè aparèy nou envante pou edike nou ak divèti nou. Ble a ak ivrè a grandi ansanm youn akote lòt. Yon kiltivatè k ap administre jaden lidwenouri sa k bon avèk tout pouvwa li, epi ni si solid ak bèl ke ivrè yo p ap gen okenn atirans devan je l ak zòrèy li” (“Jwenn lapè dirab ak fonde fanmi etènèl” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 44).

Amelyore ansèyman nou

Santre ansèyman ou nan sou doktrin nan. Asire w ke w fè diskisyon klas ou a konsantre sou doktrin fondamantal ki nan ekriti yo. Pou w fè sa, ou gen dwa mande elèv klas ou yo pou yo li ekriti yo alavans, pandan w ap konsantre diskisyon klas ou a sou ekriti yo, epi mande manm klas yo pou yo pataje temwayaj yo sou vrè doktrin nan. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 20–21.)