Vini, Suiv Mwen
1–14 Avril. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9: ‘Ou se Kris la’


“1–14 Avril. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9: ‘Ou se Kris la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

1–14 Avril. Matye 16–17; Mak 9; Lik 9:Lik 9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019

Imaj
Transfigirasyon Kris la

Transfigirasyon Kris la, pa Carl Heinrich Bloch

1–14 Avril

Matye 16–17; Mak 9; Lik 9

"Ou se Kris la"

Ki mesaj ou te tande oubyen li nan dènye konferans jeneral la ki ka kore doktrin ki nan chapit sa yo? Pandan w ap etidye a, reflechi sou bezwen manm klas ou yo epi ekri nenpòt enpresyon ou resevwa.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Yon fason w ka ankouraje manm klas yo pou yo etidye ekriti yo pèsonèlman epi avèk fanmi yo, se envite yo chak semèn pou yo di ki fason etid ekriti yo beni lavi yo. Paregzanp, ki fason etid yo sou chapit sa yo te enfliyanse eksperyans yo avèk konferans jeneral la?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Matye 16: 13–17

Yon temwayaj konsènan Jezikri vini atravè revelasyon.

  • Èske sa te rive nenpòt nan manm klas ou yo pou yo te eksplike yon moun kijan yo fè konnen levanjil la se verite? Nan Matye 16:13–17, kisa Sovè a te anseye sou fason nou resevwa yon temwayaj? Ou gen dwa di ki fason Alma te akeri temwayaj li (gade nan Alma 5:45–46) oubyen kisa Senyè a te anseye Oliver Cowdery konsènan revelasyon (gade nan DA 6:14–15, 22–23; 8:2–3). Kisa w panse Pyè oubyen Alma oubyen Oliver Cowdery te ka di si yon moun te mande yo kijan yo te fè konnen levanjil la vrè?

  • Gen dwa gen moun nan klas ou a k ap priye pou yo jwenn revelasyon pèsonèl, men yo pa konn kijan pou yo rekonèt li lè l vini. Èldè David A. Bednar te itilize de eksperyans odinè l te fè avèk limyè pou l te anseye kijan nou resevwa revelasyon; ou gen dwa vle pataje sa l di yo avèk manm klas la (gade nan “Lespri Revelasyon an," Ensign oswa Liahona, Me 2011, 87–90; gade video “Modèl Limyè: Lespri Revelasyon” an tou nan LDS.org). Ki lòt ansèyman ekriti oubyen istwa klas ou a ka panse ki ta kapab ede yon moun rekonèt revelasyon pèsonèl? (Paregzanp, gade nan 1 Wa 19:11–12; Galat 5:22–23; Enòs 1:1–8; DA 8:2–3.)

Matye 16:13–19; 17:1–9

Kle Prètriz yo esansyèl pou sali nou.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou kle prètriz yo, ou gen dwa ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a: Kisa kle prètriz yo ye? Kiyès ki detni kle yo? Kòman moun resevwa kle prètriz yo? Ou gen dwa pataje kèk referans ekriti ki ka ede reponn kesyon sa yo tou, tankou Matye 16:19; Doktrin ak Alyans 107:18–19; 128:8–11; 132:18–19, 59; and Istwa—Joseph Smith 1:72. Manm klas yo ka jwenn èd adisyonèl lè yo refere yo nan Manyèl 2: Administrasyon Legliz la (2010), 2.1.1; nan mesaj Èldè Neil L. Andersen nan “Pouvwa nan Prètriz la” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 92–95); oubyen nan Ankre nan lafwa, 135. Bay manm klas yo tan pou yo chèche repons pou yon kesyon yo chwazi. Apresa yo ta ka anseye yonn lòt sa yo te aprann.

  • Yon diskisyon konsènan Pyè ak lòt Apot yo k ap resevwa kle prètriz sou Mòn Transfigirasyon an ka ede manm klas yo ranfòse temwayaj yo sou retablisman kle prètriz yo nan dènye jou yo. Pou enspire yon diskisyon konsa, ou gen dwa mande mwatye klas la pou yo etidye Matye 17:1–9 (gade plan leson semèn sa a tou nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) epi mande lòt mwatye a pou yo etidye Doktin ak Alyans 110. Apresa youn gwoup ka pataje sa yo aprann avèk lòt, epi note resanblans ant de istwa yo. Video ki rele “Kle Prètriz yo: Retablisman kle Prètriz yo”nan (LDS.org) la ta ka ede tou.

  • Èske manm klas yo konprann kòman kle prètriz yo kapab beni lavi yo? Pou ede yo. ou gen dwa envite yo gade nan Manyèl 2, 2.1.1 a, pou yo ka jwenn yon lis moun ki detni kle prètriz yo. Kiyès moun sa yo ye nan nivo pawas ak pieu w la? Petèt ou ta ka ekri non yo sou tablo a oubyen envite kèk nan yo pou vin pale avèk klas la. Ki fason yo egzèse kle prètriz yo resevwa yo pou yo dirije travay prètriz la nan apèl yo? Ki benediksyon nou jwenn atravè sèvis dirijan prètriz sa yo?

Imaj
estati Pyè ki kenbe kle yo

Kle prètriz yo se otorite pou dirije itilizasyon prètriz la.

Mak 9:14–30

Lè n ap chèche gen pi gwo lafwa, nou dwe kenbe lafwa nou deja genyen an.

  • Èldè Jeffrey R. Holland te itilize istwa yon papa ki t ap chèche gerizon pou pitit gason li pou l te montre nou kijan nou ta dwe apwoche Senyè a lè nou santi lafwa nou pa ase (gade nan “Senyè, mwen kwè,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 93–95). N ap jwenn twa pwen prensipal diskou l la nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Petèt ou gen dwa divize klas la fè kat gwoup epi site yon gwoup pou diskite sou Mak 9:14–30 la epi mande chak lòt gwoup yo pou yo diskite sou yonn nan twa obsèvasyon Èldè Holland yo. You gen dwa chèche mesaj nan istwa ekriti sa a ki ka ede nou ogmante lafwa nou. Chak gwoup ka pataje avèk klas la kèk nan ide ki soti nan diskisyon yo a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo etidye lakay yo nan semèn nan, di yo konsa pwochen plan leson nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ka ede yomenm ak fanmi yo pase yon fèt Pak pi enrichisan. Epitou, ou gen dwa sigjere ke Dimanch Pak la ta ka yon bon lè pou yo envite manm ki inaktif oubyen zanmi ki nan lòt legliz vin Legliz la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 16–17; Mak 9; Lik 9

Prezidans oksilyè yo resevwa otorite yo delege yo.

“Tout òganizasyon oksilyè nan pawas ak pieu yo opere sou direksyon evèk la oubyen prezidan pieu, ki gen kle pou yo prezide. Prezidan oksilyè yo ak konseye yo pa resevwa kle. Yo resevwa otorite yo delege yo pou yo fonksyone nan apèl yo” (Manyèl 2, 2.1.1).

Twa obsèvasyon pou ede nou gen plis lafwa.

Apre l fin rakonte istwa ki nan Mak 9:14–29 la ankò, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Premye bagay yon moun remake nan istwa sa a sèke, lè l te anfas defi lafwa a, papa a te afime fòs li toudabò epi se sèlman apre sa li te rekonèt limitasyon li. Premye deklarasyon l lan afimatif e san ezitasyon: 'Senyè, mwen kwè.' Mwen ta renmen di tout moun ki anvi gen plis lafwa, sonje mesye sa a! Nan moman krent oubyen dout oubyen tan difisil, kanpe sou teren w deja genyen an, menmsi teren sa a limite. … Kenbe fèm nan sa w deja konnen epi kanpe solid jiskaske konesans adisyonèl vini. … Pwoblèm nan se pa gwosè lafwa ou ni nivo konesans ou—men se entegrite w demontre nan lafwa w genyen an ak nan verite w deja konnen an.

“Dezyèm obsèvasyon an se yon varyasyon premye a. Lè pwoblèm vini epi kesyon leve, pa kòmanse rechèch lafwa w la nan di ki kantite ou pa genyen, pa kòmanse avèk 'enkwayans’ ou … M pa mande w pou w pretann ou gen yon lafwa ke w pa genyen. M ap mande w pou w fidèl nan lafwa ou genyen an. … Se pou w osi onèt ke w kapab osijè kesyon w yo; lavi a chaje avèk kesyon sou yon sijè oubyen yon lòt. Men, si oumenm ak fanmi w vle geri, pa kite kesyon sa yo kanpe lafwa ou pou anpeche l akonpli mirak. …

“Dènye obsèvasyon an: Lè dout oubyen difikilte vini, pa pè mande èd. Si nou vle l osi enbleman e onètman ke papa sa a te vle l la, nou ka jwenn ni. Ekriti yo rele kalite dezi sensè sa a ‘entansyon reyèl,’ ke nou genyen ‘avèk tout kè nou, pandan n ap aji san ipokrizi ni foub devan Bondye’ [2 Nefi 31:13]. Mwen temwaye ke an repons pou kalite ensistans sa a, Bondye ap voye èd sòti nan toulède bò vwal la pou vin ranfòse lafwa nou” (“Senyè, mwen kwè,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 93–94).

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki envite temwayaj. Lè w poze kesyon ki ankouraje manm klas yo rann temwayaj yo, sa ka yon mwayen efikas pou envite Lespri a. Paregzanp, lè w ap diskite sou Matye 16:13–17 la, ou gen dwa mande, “Kisa nou aprann sou Sovè a ki ranfòse temwayaj nou nan li kòm Sovè a?” (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 32.)