Vini, Suiv Mwen
15–21 Avril. Pak: 'O,Tonbo! Kote viktwa ou?'


15–21 Avril. Pak: 'O,Tonbo! Kote viktwa ou?'” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

15–21 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou LekòldidDimanch: 2019

Imaj
Tonb nan Jaden an

15–21 Avril

Pak

"O,Tonbo! Kote viktwa ou?"

Pandan w ap prepare pou w anseye semèn sa a, reflechi sou fason diskisyon nan klas ou a sou Dimanch Pak la ka bati lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande manm klas yo kòman yo t ap reponn kesyon tankou “Kisa Ekspyasyon Jezikri a ye?” ak “Kijan m ka resevwa benediksyon Ekspyasyon Kris la?” Èske yo te li yon ekriti semèn sa a ki ede yo reponn kesyon sa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jezikri delivre nou anba peche ak lanmò, Li fòtifye nou nan feblès nou, epi li rekonfòte nou nan eprèv nou.

  • Èske manm klas ou yo konprann ke anplis viktwa sou peche ak lanmò a, Jezikri ka rekonfòte nou nan eprèv nou tou ak fòtifye nou nan feblès nou? Yon fason pou ede yo dekouvri prensip sa yo se ta ekri mo sa yo sou tablo a: Peche, Lanmò, Eprèv, Feblès. Mande chak manm klas yo pou yo li youn nan ekriti ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la epi medite sou fason Sovè a ede nou simonte oubyen andire bagay sa yo. Yo gen dwa ekri sa yo aprann nan ekriti yo anba chak tit yo epi pataje temwayaj yo konsènan Sovè a ak Ekspyasyon l lan.

  • Kisa ekriti yo anseye konsènan pri Jezikri te peye a pou sali nou an? Paregzanp, gade nan Lik 22:39–44; Mozya 3:7; ak Doktrin ak Alyans 19:16–19. Ki pri Papa nou ki nan syèl la te peye? (gade nan Jan 3:16).

    Imaj
    Krisifiksyon Kris la

    Krisifiksyon Kris la, pa Louise Parker

  • Anvan klas la, panse pou w envite kèk nan manm klas yo pou yo pote yon sitasyon yo pran nan yon mesaj konferans ki dekri fason Sovè a beni nou atravè Ekspyasyon l lan (paregzanp, gade nan seksyon “Resous Adisyonèl” la). Kòman ansèyman pwofèt nan epòk pa nou yo elaji konpreyansyon nou sou benediksyon Ekspyasyon Sovè a? Kòman yo ranfòse temwayaj nou sou pouvwa Ekspyasyon l lan?

  • Petèt yon senp leson objè ta ka ede nou ilistre diferans ki genyen ant lave anba peche ak vin pafè: Ou gen dwa ekri kèk nan premye liy nan Mowoni 10:32 yo sou tablo a, men ajoute fot dòtograf avèk fot gramatikal ladan. Epi apresa, envite yon manm nan klas la pou l efase erè yo. Èske sa te rezoud pwoblèm nan? Ki leson nou aprann nan ekriti sa a ak nan leson objè sa a sou efè Ekspyasyon an ka gen sou nou? Deklarasyon Prezidan Dieter F. Uchtdorf sa a ka ede nou tou: “Si sali sèlman siyifi efase erè ak peche nou, enben, sali sa a—osi mèveye ke l ka ye—pa satisfè aspirasyon Papa a pou nou. Objektif li pi elve toujou : Li vle pou pitit gason l yo ak pitit fi l yo vin menmjan avèk li” (“Kado lagras la,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 108).

  • Istwa yo ak analoji yo ka ede nou konprann Ekspyasyon Kris la. Paregzanp, Èldè Jeffrey R. Holland pataje yon istwa konsènan de frè ki t ap fè eskalad sou yon mòn nan mesaj li ki rele “Kote Jistis, Amou, ak Mizèrikòd rankontre” (Ensign oswa Liahona, Me 2015, 104–6). Epi gen yon video ki gen menm tit la tou nan LDS.org. Oubyen nou ta ka gade ansanm “Handel’s Messiah: Debtor’s Prison” (LDS.org; gade nan “Resous Adisyonèl”) epi diskite kòman Ekspyasyon Jezikri a libere nou anba prizon nou yo.

Temwen nan Nouvo Testaman yo rann temwayaj ke Jezikri te konkeri lanmo.

  • Panse pou w repase istwa ekriti sou premye Pak la—Rezirèksyon Jezikri a. Ou ta gen dwa envite yon manm nan klas la pou l re-rakonte istwa a avèk pwòp pawòl pa l (gade nan Jan 20:1–17). Epi tou, ou ta kapab pase yon video sou Bib la, tankou “Li resisite” (LDS.org).

  • Petèt klas ou a ta ka gen yon konpreyansyon pi pwofon sou enpòtans temwen Rezirèksyon Jezikri yo si yo ta imajine tèt yo tankou yon avoka oubyen yon jounalis k ap fè envestigasyon sou deklarasyon ki di Kris la te resisite a. Envite yo pou yo chèche moun nan ekriti yo ki ta ka sèvi kòm temwen (gade nan Matye 28:1–10; Lik 24:13–35; Jan 20:19–29; 1 Korentyen 15:3–8, 55–58). Yo ta ka menm ekri yon rezime brèf sou sa moun sa yo ta ka di lè y ap temwaye nan tribinal oubyen lè y ap entèvyouve yo pou yon repòtaj televize.

  • Yon fason pou apwofondi apresyasyon nou pou Rezirèksyon Sovè a se panse sou fason nou ta ka eksplike lòt moun kwayans nou. Kòman manm klas yo ta pataje temwayaj yo konsènan Jezikri nan sitiyasyon sa yo: yo dekouvri ke yon manm nan fanmi yo gen yon maladi grav; yon zanmi pèdi yon moun li renmen; yon vwazen mande poukisa nou selebre Pak. Ankouraje yo pou yo chèche referans nan ekriti yo (tankou sa ki nan “Resous Adisyonèl” yo) pandan y ap planifye repons yo. Envite kèk manm nan klas la pou yo pataje panse yo.

Jezikri ba nou esperans ak lajwa.

  • Nou tout ka gen esperans ak kè kontan gras avèk Sovè a. Ou gen dwa li Jan 16:33 epi diskite sou ki fason Ekspyasyon Jezikri a ede nou gen lajwa malgre eprèv nou yo. Nan ki fason nou te resevwa lajwa ak sipò pandan eprèv nou yo?

  • Lè yo li temwayaj Pyè a nan 1 Pyè 1:3–11 lan, sa ka ogmante esperans manm klas yo nan Ekspyasyon Jezikri a. Ba yo tan pou yo medite sou vèsè sa yo epi pou yo travay depade pou yo chèche lòt ekriti ki dekri fason pou nou jwenn esperans nan Jezikri (gade nan Endèks pa sijè, “Esperans”). Yo ta gen dwa itilize ekriti yo jwenn yo pou yo fè yon afich pou yo mete lakay yo oubyen sou entènèt (gade nan sitasyon foto enspirasyon yo bay nan LDS.org) la. Manm klas yo gen dwa reflechi sou sikonstans manm fanmi yo oubyen zanmi ki ta gen dwa bezwen plis esperans.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Kisa k ta ka pouse manm klas yo pou yo li Matye 18 ak Lik 10? Ou ta ka di yo konsa, chapit sa yo gen de nan parabòl Sovè a ki pi memorab yo, toulède transmèt leson enpòtan sou fason nou youn ta dwe trete lòt.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Pak

Ekriti konsènan Ekspyasyon Sovè a.

Mesaj konsènan ekspyasyon Sovè a.

Kantik sou Ekspyasyon Sovè a.

Manm klas yo ta ka kontan chante kèk nan kantik sa yo ak li ekriti ki asosye avèk yo ke yo site anba paj la. Kèk nan pami yo gen dwa te deja aprann kèk kantik nan etid ekriti familyal yo semèn sa a; ankouraje yo pou yo pataje eksperyans yo.

  • “Quels fondements fermes,” Cantiques, no. 42

  • “Où pourrais-je chercher?” Cantiques, no. 68

  • “Merveilleux l'amour,” Cantiques, no. 117

  • “Il est ressuscité!” Cantiques, no. 121

Video sou Pak.

Chak ane, Legliz la bay mesaj pou Pak ki disponib nan mormon.org/easter.

Jezikri rann nou lib.

An 1741, George Frideric Handel te konpoze yon oratorio sou Jezikri ki rele Mesi a. Handel te vle pou yo te vèse lajan youn nan prezantasyon Mesi a kòm don pou yo te peye pou lage kèk moun ki te gen dèt pou fè yo soti nan prizon. Kòm rezilta, te gen plis pase 140 moun ki te nan prizon paske yo pa t ka peye dèt yo ki te libere. Lè l t ap kòmante sou evenman sa a, Prezidan Russell M. Nelson te di, “San Ekspyasyon Jezikri a, nou tout t ap dezespere anba dèt, menmjan ak moun sa yo ki te nan prizon pou dèt yo. Redanmtè nou an, Senyè a, Jezikri, te vini pou l te peye yon dèt li pa t menm dwe paske nou te dwe yon dèt nou pa t ka peye.” Pou gade yon video ki dekri evenman sa a, gade “Handel’s Messiah: Debtor’s Prison” nan LDS.org.

Amelyore ansèyman nou

Se pou w yon enstriman nan men Lespri a. Objektif ou antanke enstriktè se pa pou w fè yon prezantasyon men se pou ede lòt moun santi enfliyans Sentespri a—ki se vrè enstriktè a. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 10.)