Vini, Suiv Mwen
22–28 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘Kisa m dwe fè pou m eritye lavi etènèl?’


“22–28 Avril. Matye 18; Lik 10: ‘Kisa m dwe fè pou m eritye lavi etènèl?’” Vini Suiv Mewn—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“22–28 Avril. Matye 18; Lik 10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Bon Samariten an

Bon Samariten an, pa Dan Burr

22–28 Avril.

Matye 18; Lik 10

“Kisa m dwe fè pou m eritye lavi etènèl?”

Li Matye 18 ak Lik 10, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Lè w resevwa enpresyon, ou ta gen dwa mande, jan Èldè Richard G. Scott te sigjere a, “Èske gen plis bagay m ta dwe konnen?” (“To Acquire Spiritual Guidance,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 8).

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Chapit sa yo gen anpil egzanp ansèyman levanjil ki diferan avèk sa mond lan ap anseye nou yo. Ki verite manm klas yo te jwenn nan chapit sa yo ki difisil pou kèk moun aksepte oubyen pratike?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 18:21–35

Nou dwe padone lòt moun pou n ka resevwa padon nan men Senyè a.

  • Nan yon moman kèlkonk nan lavi, nou tout gen pou n padone yon moun ki te ofanse nou. Kijan w ta ka itilize parabòl sèvitè san pitye a pou anseye manm klas yo pou yo pi padonan? Petèt ou gen dwa ekri kesyon tankou sa yo sou tablo a epi envite yo medite sou yo pandan yon moun ap rakonte parabòl la: Kiyès wa a reprezante? Kiyès sèvitè san pitye a reprezante? Kisa dèt li a reprezante? Kiyès kanmarad sèvitè a reprezante? Kisa dèt li a reprezante? Enfòmasyon sou talan ak pyès kòb ki nan seksyon “Resous adisyonèl" la ka bay manm klas yo yon ide sou ki gwo diferans ki genyen ant de dèt yo mansyone nan parabòl la. Envite yo pou yo reflechi sou ki mesaj parabòl la genyen pou yo pèsonèlman.

  • Ou gen dwa envite yo pou yo kreye yon adaptasyon sou parabòl sèvitè san pitye a ki anseye menm leson yo sou padon, kote y ap itilize sitiyasyon ak detay epòk pa nou an. (Panse pou w fè yo travay sou sa an gwoup.) Pale sou fason parabòl la te reponn kesyon Pyè te genyen konsènan konbyen fwa l ta dwe padone a.

  • Video “Padone chak moun ofans yo: Parabòl sèvitè san pitye a” nan (LDS.org) la ka ede klas ou a vizyalize parabòl la. Anplis Matye 18:35 la, ekriti sa yo ta ka ede manm klas yo konpran poukisa Senyè a vle nou padone tout moun ki peche kont nou: Matye 6:12–15; Efezyen 4:32; ak Doktrin ak Alyans 64:7–11.

Lik 10:25–37

Pou nou jwenn lavi etènèl, nou dwe renmen Bondye ak pwochen nou.

  • Men yon ide ki ta ka bay manm klas yo yon nouvo vizyon sou parabòl bon Samariten an: Envite yo pou yo pretann ke y ap mennen yon ankèt sou yon zak vyolans ak vòl sou chemen ant Jeriko ak Jerizalèm nan. Mande kèk manm nan klas la pou yo prepare pou yo reprezante diferan moun nan parabol la epi pou yo pale konsènan enplikasyon yo nan ka a. Paregzanp, poukisa prèt la ak Levit la pa t rete pou ede mesye blese a? Poukisa Samariten an te rete? Ki remak mèt otèl la ta ka ajoute? Kisa mesye blese a te santi konsènan chak lòt moun yo? Asire w ke diskisyon an pouse manm klas yo pou yo vin tankou bon Samariten an ak mèt otèl la epi pou yo evite vin tankou prèt la ak Levit la. Kilè yo konn santi yo tankou “sèten moun nan,” ki te bezwen èd dezespereman an? Kòman èd la te vini? Ki fason noumenm, antanke manm yon pawas, ka travay ansanm pou ede lòt moun, tankou bon Samariten an ak mèt otèl la te fè a?

  • Anplis anseye nou kisa renmen pwochen nou vledi, parabòl bon Samariten an ka senbolize pouvwa Jezikri pou sove nou tou. (Nou ka jwenn detay sou entèpretasyon sa a nan seksyon “Resous adisyonèl” la.) Ou gen dwa envite manm klas yo pou yo li parabòl la, pandan y ap chèche siyifikasyon senbolik li ak lòt siyifikasyon posib. Kisa nou aprann konsènan Sovè a ak Sakrifis Ekspyatwa l la lè nou li parabòl la nan fason sa a?

Lik 10:38–42

Nou chwazi “bon pati a” si chak jou nou fè chwaki mennen nan lavi etènèl.

  • Lavi a chaje avèk bagay ki vo lapèn pou nou fè. Istwa Mari ak Mat la ka ede manm klas yo reflechi sou fason pou yo chwazi “bon pati a” (vèsè 42; gade nan plan leson semèn sa a tou nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Apre nou fin li Lik 10:38–42 a ansanm, ou ta ka mande manm klas yo kijan yo t ap reyaji devan konsèy Sovè a si yo te nan plas Mat. Kòman eksperyans sa a ta ka efekte chwa yo alavni? Kijan nou ka konn ki bagay nan lavi nou ki “nesesè”? Lik 10:42. Kòman mesaj Èldè Dallin H. Oaks la “Bon, pi bon, pi bon toujou” a (Ensign oswa Liahona, Nov. 2007, 104–8) ka ede manm klas yo?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Di manm klas ou yo ke, pandan y ap li deklarasyon Sovè a bay konsènan divinite l la nan Jan 7–10 la pou klas semèn pwochèn nan, y ap vin konnen avèk pi gwo asirans ke l se Kris la.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye  18; Lik 10

Talan ak santim

Li difisil pou nou konn valè egzat montan lajan yo mansyone nan parabòl sèvitè san pitye a (gade nan Matye 18:23–35). Sepandan, gen endis nan Nouvo Testaman an ki ka ede nou konprann gwo diferans ant yon dèt 100 goud ak yon dèt 10.000 goud.

Kanmarad sèvitè a nan parabòl la te dwe l yon ti dèt 100 goud. Nan Matye 20:2, yon peni (fòm sengilye pou mo santim) nan se salè yo te peye pou yon jounen travay nan yon jaden rezen. Se poutèt sa, kanmarad sèvitè a te travay pandan 100  jou pou l te ka touche 100  goud pou l te peye dèt li a. Men montan sa a ekstrèmeman piti l lè nou konpare l avèk dèt 10.000 goud sèvitè san pitye a te genyen an. Nan Matye 25:14–15, totalite fòtin yon moun—“tout byen li”—sete sèlman uit mil goud. Se poutèt sa, sa t ap mande pou yo ta oblije konbine fòtin plis pase 1.000 moun tankou mesye sa a pou yo ta peye dèt sèvitè san pitye a.

Imaj
ansyen pyès lajan

Jezikri te pale konsènan lajan ak dèt pou l te anseye sou padon.

Gwo dèt imans Jezikri te peye pou nou chak la.

Èldè Jeffrey R. Holland te pataje sa l te aprann konsènan parabòl sèvitè san pitye a pandan l te nan yon klas enstiti:

“[Enstriktè a] te mansyone ke padon 100 goud la, yo atann pou nou tout bay lòt la , ke l te rekonèt kòm yon bon kantite lajan, te .... piti anpil parapò avèk padon 10.000 goud Kris la te ba nou an.

[Enstriktè a] te raple nou “Dèt sa a, dèt pa nou, sete yon montan astwonomik, ke nou prèske pa ka konprann. Men, li te di, sete egzakteman sa Sovè a te vle fè nou konprann nan ansèyman sa a, yon pati esansyèl nan parabòl la. Jezi te vle pou moun ki t ap koute l yo santi menm yon ti kal nan pòte etènèl ak don enfini mizèrikòd li, padon li, ak Ekspyasyon l lan.

“… Pou lapremyèfwa nan lavi m, mwen sonje m te santi yon ti kal nan anplè sakrifis Kris la pou mwen an—yon kado ki jiska jodia a rete enkonpreyansib. Men, yon kado ki te fè m reflechi seryezman, pou lapremyè fwa, sou obligasyon m genyen pou m padone lòt moun nan ak obligasyon pou m gen jenewozite vizavi santiman yo ak bezwen yo ak sikonstans yo” (“Students Need Teachers to Guide Them” [Retransmisyon pa satelit Sistèm Edikatif Legliz la, 20 Jen , 1992]).

Entèpretasyon premye kretyen yo konsènan parabòl bon Samariten an.

Atravè syèk yo, Kretyen yo te jwenn senbòl nan parabòl bon Samariten an ki anseye nou wòl Jezikri kòm Sovè nou. Paregzanp, mesye ki te tonbe nan pami vòlè yo ta ka reprezante nou chak. Vòlè yo ta ka reprezante peche ak lanmò. Samariten an ta ka reprezante Sovè a. Otèl la ta ka reprezante Legliz la, epi pwomès Samariten an te fè pou l retounen an ta ka reprezante Dezyèm Vini Sovè a. (Gade Jan W. Welch, “Bon Samariten an: Senbòl yo bliye,” Ensign, Fev. 2007, 40–47.)

Amelyore ansèyman nou

Suiv egzanp Sovè a. Pandan w ap li istwa sou ansèyman Sovè a nan Nouvo Testaman an, chèche leson nan egzanp li ki ka ede w vin yon pi bon enstriktè. Paregzanp, nan Lik 10:25–37, kisa Jezikri te fè pou l te anseye doktè lalwa a kijan pou l gen lavi etènèl?