Vini, Suiv Mwen
29 Avril–5 Me. Jan 7–10: ‘M Se Bon Bèje a’


29 Avril–5 Me. Jan 7–10: ‘‘M Se Bon Bèje a” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“29 Avril–5 Me. Jan 7–10,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Kris la ak fi yo te kenbe nan adiltè a

Moun ki san peche a, pa Liz Lemon Swindle

29 Avril–5 Me

Jan 7–10

“M Se Bon Bèje a”

Oumenm ak manm klas ou yo ap resevwa anpil ide pandan n ap li Jan 7–10 semèn sa a. Sonje ke ide yo bay nan plan leson sa a dwe konplete enspirasyon ou resevwa lè w ap etidye ekriti yo, yo pa dwe ranplase enspirasyon sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Raple manm klas yo jan sa enpòtan pou yo fè fwaye yo vin sant aprantisaj levanjil la. Ki pasaj nan Jan 7–10 la manm klas yo te diskite avèk fanmi yo pandan semèn nan? Ki mesaj ki te plis ede yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jan 7–10

Jezikri se Sovè mond lan.

  • Nan tout Jan 7–10 la, Sovè a te fè plizyè deklarasyon ki ka ede manm klas yo pi byen konprann misyon li e rapwoche yo de li. Panse pou w envite manm klas yo pou yo li pasaj ekriti sa yo epi pataje sa yo anseye sou misyon divin Sovè a. Kòman Kris la ranpli wòl sa yo nan lavi nou?

Imaj
Jezikri

Limyè mond la, pa Howard Lyon

Jan 7:14–17

Si nou aplike ansèyman Jezikri yo, n ap vin konnen yo se verite.

  • Manm klas yo kapab pi byen konprann kijan yon kòmandman ka bati yon temwayaj si yo konpare chema sa a avèk pwosesis pou aprann yon bagay atravè eksperyans pèsonèl la. Paregzanp, ou gen dwa envite manm klas ki konn jwe baton maryonèt yo, oubyen ki jwe yon enstriman mizik yo pou yo eksplike kijan yo te devlope kapasite sa a. Nan ki fason antrenman pèsonèl yo te anseye yo plis pase senpleman ret gade yon lòt moun k ap egzèse talan an? Ansanm nan klas la, diskite sou fason efò nou fè pou nou devlope yon talan ka konpare avèk modèl spirityèl Sovè a dekri nan Jan 7:14–17 la. Ki eksperyans manm klas yo ka pataje konsènan suiv modèl sa a pou yo jwenn konesans spirityèl?

  • Kijan w ka ilistre verite yo anseye nan Jan 7:14–17 yo? Ou ta kapab, paregzanp, mande manm klas yo pou yo pataje eksperyans kote yo te akeri yon temwayaj sou yon verite levanjil lè yo te aplike li. Istwa Sè Bonnie L. Oscarson rakonte nan seksyon “Resous Adisyonèl” la se yon bon egzanp tou. Bay manm klas yo tan pou yo panse sou yon prensip levanjil yo ta renmen gen pi gran temwayaj sou li, epi ankouraje yo pou yo fikse bi espesifik pou yo viv prensip sa a pi konplètman.

Jan 8:18–19, 26–29

Lè nou aprann konnen Jezikri, nou aprann konnen Papa a.

  • Èldè Jeffrey R. Holland te obsève: “Anpil moun nan epòk nou an nan detrès akoz move konpreyansyon yo genyen de [Bondye Papa a]. ... Gen anpil ki di ke yo t ap santi yo vrèman konfòtab nan bra Jezi, men yo santi yo malalèz lè yo anvizaje pou yo rankontre Bondye ke yo jije kòm yon Bondye sevè” (“Grandè Bondye,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2003, 71). Kisa pawòl Sovè a nan Jan 8:18–19, 26–29 la anseye nou konsènan koneksyon ant limenm ak Papa li? Apre yo fin li ak diskite sou vèsè sa yo, manm klas yo ta ka ekri yon lis sou tablo a sou kèk bagay Jezikri te fè, te di, oubyen te anseye. Kisa nou aprann konsènan Bondye Papa a nan bagay sa yo?

Jan 8:1–11

Mizèrikòd Sovè a etann a tout moun ki repanti.

  • Pou moun ki santi yo kondane akoz peche yo, istwa Sovè a k ap ofri mizèrikòd ak repantans bay fi yo te kenbe nan adiltè a ta ka yon sous ankourajman. Oubyen, si manm klas yo santi yo tante pou yo kondane lòt moun poutèt peche yo, istwa sa a ta ka sèvi yo kòm yon avètisman. Ou gen dwa envite yo pou yo li Jan 8:1–11, pou yo chèche repons pou kesyon tankou sa yo: Kisa istwa sa a anseye sou mizèrikòd Sovè a? Kòman lefèt ke nou resevwa mizèrikòd li lè nou fè peche a ede nou lè nou santi nou tante pou n jije lòt moun? (gade nan Alma 29:9–10). Epi tou, ou gen dwa pase video “Ale epi pa peche ankò” a nan (LDS.org).

  • Pou ede manm klas yo wè kijan Jan 8:1–11 la aplike avèk yo pèsonèlman, panse pou w divize klas la an twa gwoup—youn pou konsantre sou pawòl ak aksyon Farizyen yo, yon lòt pou konsantre sou pawòl ak aksyon Sovè a, epi lòt la pou konsantre sou pawòl ak aksyon fi a. Envite chak gwoup pou yo fè yon lis verite spirityèl yo aprann pandan y ap li chak pati nan istwa a.

  • Kèk fwa, nou pa menm pran konsyans ke n ap jije lòt moun. Men yon aktivite pou ede manm klas yo simonte tandans sa a: fè yo ede w kreye yon lis sou fason nou jije moun (sou aparans yo, konpòtman yo, sou pase yo, eksetera) Bayo kèk moso papye ki koupe nan fòm wòch, epi mande yo pou pou yo chwazi yon fason yo santi yo konn jije lòt moun epi ekri l sou papye an fòm wòch la. Kisa nou aprann nan pawòl Sovè te di Farizyen yo nan Jan 8:1–11 la? Envite klas la pou yo ekri nan do papye an fòm wòch la yon bagay ki pou raple yo pou yo pa jije (petèt yon fraz nan Jan 8) la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Mande manm klas yo pou yo panse a yon moman kote yo te pèdi yon bagay ki te gen valè pou yo. Nan ekriti pou leson semèn pwochèn nan, yo pral aprann kòman Papa nou ki nan syèl la ak Jezikri santi yo konsènan moun ki pèdi yo.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Jan 7–10

Lè nou viv yon prensip, sa ede nou jwenn yon temwayaj sou li.

Sè Bonnie L. Oscarson te di:

“Sovè a te anseye, ‘Si nenpòt moun fè volonte l, l ap konnen si doktrin nan se doktrin Bondye oubyen si se pawòl pa m’ [Jan 7:17]. Pafwa nou eseye fè l devan-dèyè. Paregzanp, nou ka pran apwoch sa a: m ap kontan viv lwa dim nan, men toudabò m bezwen konnen si l se verite. Petèt nou menm priye pou nou jwenn temwayaj sou lwa dim nan epi nou espere Senyè a ap akòde nou temwayaj sa a menm anvan nou ranpli yon fòm pou peye dim. Sa pa mache konsa. Senyè a mande pou nou egzèse lafwa. Nou dwe peye yon dim konplè ak onèt tout tan pou nou ka jwenn temwayaj sou ladim. …

“M ta renmen pataje yon egzanp sou fason viv yon prensip ka ede nou vin konvèti nan prensip sa a. … Paran mwen ak enstriktè m yo nan Legliz la mete nan mwenmenm enpòtans pou m trete kò m avèk respè, pou m kenbe lespri m klè, epi sa k pi enpòtan an, pou m aprann mete konfyans nan kòmandman Senyè a bay yo. M te pran desizyon pou m te evite sitiyasyon kote m te konnen t ap gen alkòl epi pou m te rete lwen sigarèt ak dwòg. Sa te souvan fè ke moun pa t konn envite m nan fèt, epi pa t janm soti al nan randevou avèk tigason. Itilizasyon dwòg te vin plis anplis popilè nan pami jèn yo, epi moun pa t rekonèt danje a jan yo rekonèt yo jodia. Anpil nan pami jèn nan laj mwen yo te sibi domaj pèmanan akoz dwòg ki te afekte sèvo yo oubyen yo te tonbe nan depandans grav. M te rekonesan dèske yo te anseye m pou m te respekte Pawòl Sajès la lakay mwen, epi m te akeri yon temwayaj pwofon sou prensip levanjil sa a pandan m t ap egzèse lafwa epi viv li a. Bèl santiman m te santi nan viv yon vrè prensip levanjil la sete ke Lespri Sentespri a te konfime m ke prensip sa a te vrè” (“Se pou nou konvèti,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 77).

Amelyore ansèyman nou

Viv yon fason pou n diy pou n resevwa gidans Lespri a. Lè w viv levanjil la, ou diy pou konpayi Lespri a, ki se pi bon enstriktè a. Lè w chèche gidans li, Sentespri a ap ba w panse ak enpresyon sou fason pou w satisfè bezwen moun w ap anseye yo (gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 5).