Vini, Suiv Mwen
Me 6–12. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a’


“Me 6–12. Lik 12–17; Jan 11: ‘Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Me 6–12. Lik 12–17; Jan 11,” Vini, Suiv Mwen,—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
yon mesye k ap anbrase pitit gason li

Anfan Pwodij la, pa Liz Lemon Swindle

Me 6–12

Lik 12–17; Jan 11

“Rejwi avèk mwen; paske m jwenn brebi m nan ki te pèdi a

Nan yon espri lapriyè, kòmanse preparasyon w lan nan etidye Lik 12–17 ak Jan 11. Ki “brebi pèdi” nan klas ou a ki vin nan tèt ou? Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ak plan leson sa a pandan w ap chèche direksyon nan men Senyè a pou w konn ki pi bon fason pou w satisfè bezwen manm klas yo, menmsi yo pa vin nan klas la.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Aplikasyon se yon pati enpòtan nan aprantisaj, poutèt sa, envite manm klas yo pou yo esplike kijan yo chwazi pou yo aplike yon bagay yo te aprann nan ekriti yo semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Lik 14:15–24

Pa gen eskiz ki jistifye pou yon moun rejte levanjil la.

  • Pou ede manm klas yo etidye parabòl gran soupe a, ou gen dwa envite yo nan yon fèt imajinè ke w pral fè. Mande yo pou yo bay kèk rezon ki ta fè yo gen dwa vini oubyen yo gen dwa pa vini. Li Lik 14:15–24 ansanm, epi diskite sou eskiz moun nan parabòl yo te bay lè yo te envite yo nan yon fèt ki te sanse reprezante benediksyon levanjil yo. Ki eskiz moun yo bay nan epòk pa nou an pou yo pa aksepte envitasyon Sovè a pou yo resevwa benediksyon Pè Selès yo? Petèt, manm nan klas yo ta ka pale de benediksyon yo resevwa lè yo fè sakrifis nesesè pou yo viv kèk prensip levanjil.

Lik 15

Nou ka chèche moun ki pèdi yo pou nou ka rejwi avèk Papa a lè yo retounen.

  • Kijan w ka enspire moun w ap anseye yo, pou yo chèche moun ki “pèdi” paske yo pa gen benediksyon levanjil yo epi envite yo pou yo retounen? Ou gen dwa envite manm klas yo tou pou yo pran yon ti moman pou yo panse avèk “brebi pèdi” yo konnen epi apresa li Lik 15:1–7 avèk moun sa a nan panse yo. Kisa yo santi yo enspire pou yo fè pou yo ka apwoche moun sa avèk sansiblite ak amou? Istwa Presidan Thomas S. Monson bay nan seksyon “Resous Adisyonèl” la oubyen diskou Èldè Mervyn B. Arnold la ki rele “Pote sekou: Nou ka fè sa” a (Ensign oswa Liyawona, Me 2016, 53–55) ka ede nou avèk diskisyon sa a.

  • Èske l pa t ap bon pou manm klas yo konprann kijan yon moun ka vin pèdi? Panse pou w bay gwoup elèv nan klas la tach pou yo li youn nan twa parabòl ki nan Lik 15 yo. Kisa parabòl la sigjere sou fason nou ta dwe eseye jwenn moun ki pèdi yo? Ki mo nan Lik 15 la ki revele sa Pè Selès la santi osijè moun ki pèdi yo? Chante kantik “Aux bergers elles sont chères,” Cantiques, no. 142 a ansanm ta ka pote yon adisyon siyifikan lè w ap anseye parabòl sa yo.

  • Manm klas ou yo ka benefisye nan konsantre sou pawòl ak aksyon pigran pitit gason nan parabòl l anfan pwodij la. Petèt yo ta kapap ekri yon lòt fason pou fini parabòl la kote atitid pigran pitit gason an te gen pou frè l la ta diferan. Kisa konsèy papa a nan parabòl la anseye nou sou fason nou ta dwe santi nou konsènan moun ki pèdi ak moun ki retounen nan levanjil la? (Gade pawòl Èldè Jeffrey R. Holland yo tou nan “Resous adisyonèl.”) Obyen ou gen dwa mande manm klas yo pou yo imajine yo se papa a nan parabòl la. Ki konsèy adisyonèl yo t ap bay pigran pitit gason an pou ede l rejwi nan pwogrè ak siksè lòt moun?

Jan 11:1–46

Jezikri se Rezirèksyon an ak Lavi a.

  • Pandan y ap li sou rezirèksyon Laza a semèn sa a, èske nenpòt manm nan klas la te jwenn yon bagay ki te ranfòse lafwa yo ke Jezikri se Pitit Gason Bondye ak Mesi yo te pwomèt la? Envite yo pou di sa yo jwenn. Ki lòt eksperyans ki te bati lafwa yo nan Jezikri? Ou ka souliye ke nan epòk mirak sa a te fèt la, Laza pa t resisite, men li te retounen vin nan lavi mòtèl la.

    Imaj
    Jezi k ap kriye

    Jezi te kriye, pa James Tissot

  • Yon fason pou nou egzamine Jan 11:1–46 la se mande manm nan klas yo pou yo chak pran tou pa yo pou li vèsè yo epi envite yo pou yo stope lè yo jwenn prèv lafwa nan Jezikri. Mande yo pou yo diskite sou sa yo jwenn yo. Kòman eprèv ak enfimite ka ranfòse lafwa nou nan li?

  • Yon lòt fason pou nou li istwa sa a se bay kèk manm nan klas la tach pou yo konsidere sitiyasyon moun yo ki nan parabòl la—tankou Sovè a, Apot yo, Mari, Mat, Mari, ak Laza. Kisa nou ka aprann nan men yo chak? Kisa nou ka aprann konsènan Sovè a nan Jan 11:33–35? Poukisa l enpòtan pou nou konnen bagay sa yo konsènan li?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Matye 19–20; Mak 10; ak Lik 18, ou gen dwa poze kesyon tankou “kòman w t ap santi w si ou ta travay tout yon jounen epi yo peye w menm salè avèk yon moun ki sèlman travay pandan inèdtan?” Di yo konsa gen yon parabòl nan lekti semèn pwochèn nan ki eksplike kijan sitiyasyon sa a ta ka parèt kòm yon bagay ki jis.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Lik 12–17; Jan 11

“Ou jwenn mewn.”

Prezidan Thomas S. Monson te rakonte eksperyans sa a l te fè lè l t ap sèvi kòm evèk: “Yon Dimanch maten, m te remake Richard, yonn nan prèt nou yo, ki pat konn vini souvan, pa t la ankò nan reyinyon prètriz la. M te kite kowòm nan nan men konseye a epi m t al lakay Richard. Manman l te di l tap travay nan yon garaj nan zòn nan ki te ranje machin. M te kondi al nan garaj la pou m t al chèche Richard epi m te gade toupatou, men, m pa t ka jwenn ni. Toudenkou, m te santi m pouse pou m te gade nan yon twou grès bò bilding nan kote mekanisyen yo konn antre pou travay anba machin yo. Nan fènwa a, m te ka wè de je klere. M te tande Richard ki te di: ‘Ou jwenn mwen, Evèk! M ap vini.‘ Pandan Richard avèk mwen t ap pale, m te di l kijan nou sonje l, epi nou bezwen li. M te fè l pran angajman pou l te vin nan reyinyon l yo. … [Nan apre], Richard te di ke moman kritik ki te chanje lavi l la se lè evèk li a te jwenn ni kache nan yon twou grès motè machin nan epi l te ede l vin aktif nan Legliz la ankò” (“Sugar Beets and the Worth of a Soul,” Ensign, Jiyè 2009, 6–7).

Aprann nan men lòt anfan pwodig la.

Èldè Jeffrey R. Holland te fè obsèvasyon sa a konsènan gran frè anfan pwodig la:

“Pitit gason sa a pa t sitèlman fache poutèt lòt la te retounen lakay li a men li te fache poutèt paran l yo te twò kontan pou sa. Paske l pa t santi yo te apresye li, e petèt paske l te gen yon ti pitye pou tèt li, pitit gason fidèl sa a—e l te reyèlman fidèl—te bliye pandan yon moman ke l pat janm te nan sitiyasyon kote l te oblije konnen salte oubyen dezespwa, laperèz oubyen degoutans pou tèt li. Li te bliye pou yon moman ke chak jèn bèf nan fèm nan te deja pou li ansanm ak tout rad ki te nan amwa yo ak chak bag ki te nan tiwa yo. Li te bliye pou yon moman ke yo te toujou e y ap rekonpanse l pou fidelite li.

“Non, limenm ki te literalman gen tout bagay la, epi ki te gen jwenn tout bagay sa yo paske l te travay di e l te aji byen an, , li te manke sèl bagay ki ta ka fè l vin moun akonpli l te prèske ye pou Senyè a. Li pa t ko posede konpasyon ak mizèrikòd ak charite ki akonpaye vizyon pou l te rann ni kont ke se pa t yon rival ki retounen an. Se frè li. Jan papa l te sipliye l pou l te wè a, se yon moun ki te mouri epi ki te vin vivan kounyeya. Se yon moun ki te pèdi epi yo te jwenn li kounenya” (“Lòt anfan pwodig la,” Ensign, Me 2002, 63).

Amelyore ansèyman nou

Lonje men bay moun ki pèdi yo. Tankou bèje ki nan parabòl Sovè a (gade nan Lik 15:4), “ou ka lonje lamen bay moun ki pa vini yo nan klas ou a. Opòtinite pou w anseye ak edifye manm klas yo epi ede yo vin jwenn Kris la ale odela sal klas la ak odela moun ki prezan nan leson w yo.