Vini, Suiv Mwen
20–26 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12: ‘Gade, men Wa w la ap vini’


“20–26 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12: ‘Gade, men Wa w la ap vini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

"20–26 Me. Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
yon mesye sou yon pyebwa pandan Jezikri ap apwoche

Zache sou pye Sikomò a, pa James Tissot

20–26 Me.

Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12

“Gade, men Wa w la ap vini”

Pandan w ap li Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; ak Jan 12 la, panse avèk kesyon w ka poze ki pral ede satisfè bezwen manm klas ou yo. Sentespri a ap enspire w pou w ka konnen ki kesyon ak ki prensip, enkli sa yo mansyone yo nan plan sa a, ki ap pi byen satisfè bezwen sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pandan semèn anvan klas la, envite kèk manm klas la pou yo prepare yo pou yo pataje yon eksperyans yo te fè lè yo t ap etidye chapit ki te deziyen pou semèn nan. Ki benediksyon yo resevwa pandan y ap etidye ekriti yo pandan semèn nan?

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Lik 19:1–10

Sovè a konnen nou pèsonèlman.

  • Manm klas ou yo ka petèt santi yo pa konte oubyen yo ka santi moun bliye yo pafwa nan lavi yo. Istwa Zache a ka ede yo konprann ke Papa ki nan syèl la ak Jezikri konnen yo epi yo sousye pou yo. Pou ede manm klas yo konpare istwa sa a avèk lavi yo, envite yo pou yo imajine yo se Zache. Kisa w panse li te aprann konsènan Sovè a nan eksperyans li a? Kisa nou ka aprann nan efò Zache te fè pou l te ka wè Sovè a?

  • Li ta petèt bon pou w ta mande manm klas yo pou yo panse a lòt sikonstans nan ekriti yo kote Senyè a te rele yon moun pa non li. (Gen kèk egzanp nan seksyon “Resous Adisyonèl” la.) Ou gen dwa mande yo tou pou yo pataje kèk eksperyans ki te konfime yo ke Senyè a konnen yo pèsonèlman.

Matye 21:1–11; Mak 11:1–11; Lik 19:29–44; Jan 12:12–16

Jezikri se Wa nou.

  • Ou gen dwa itilize yon senp aktivite pou entwodui yon diskisyon konsènan antre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm nan: Fè plizyè manm nan klas la desine kèk bagay ki asosye avèk yon wa sou tablo a, tankou yon kouwòn oubyen yon twòn, pandan ke lòt yo ap devine sa y ap desine a. Apresa, lòt manm nan klas la ka desine yon bourik ak branch bwa. Ki rapò bagay sa yo genyen avèk yon wa? Apresa, ou gen dwa montre foto antre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm nan ki nan plan pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi envite manm klas yo pou yo li Mak 11:1–11. Kijan moun sa yo te rekonèt Jezikri kòm wa yo? Kijan nou adore Jezikri kòm Wa nou atravè pawòl nou ak aksyon nou?

  • Pou ede manm klas yo konprann ke Jezikri se Wa nou, ou gen dwa mande yo pou yo repase kantik “Ô viens, toi, Roi des rois,” Cantiques, no. 28, oubyen yon lòt kantik ki pale de Jezi kòm Wa nou. Ki pawòl nan kantik la ki raple nou verite ki nan Matye 21:1–11; Mak 11:1–11; Lik 19:29–44; ak Jan 12:12–16 yo?

Matye 22:34–40

De pi gran kòmandman yo se renmen Bondye epi renmen lòt moun menmjan nou renmen tèt nou.

  • Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye ke si nou mete lòt bagay pase de pi gran kòmandman sa yo nan sant lavi nou, se kòmsi n ap tire flèch sou yon miray vid epi n ap desine sib toutotou flèch yo (gade nan “Vize sant lan,” Ensign oswa Liahona, Jan. 2017, 4–5). Èske etid analoji sa a ta ka ede manm klas yo konprann Matye 22:34–40 la? Yon fason pou w fè sa se ta depoze yon gwo fèy papye atè a epi fè chak manm klas yo pran tou pa yo pou yo lage yon plim oubyen yon kreyon sou li. Apresa, yo gen dwa desine sib sou mak kote plim yo ak kreyon yo te tonbe sou papye a, epi bay chak sib yo non yon kòmandman. Lè nou fin li Matye 22:34–40 la ansanm, ou gen dwa desine yon nouvo sib ki ansèkle tout lòt sib yo epi rele l “Renmen Bondye epi renmen pwochen nou.” Nan ki fason konsantre nou sou de pi gran kòmandman yo ede nou obeyi lòt kòmandman Bondye yo? Kòman nou ka asire nou ke n konsantre obeyisans nou sou de gran kòmandman sa yo?

Matye 23: 13–33

N ap pwoteje si nou evite suiv gid avèg.

  • Èske manm klas ou yo ta ka benefisye nan fè yon diskisyon sou tèm “gid avèg” la Sovè a te itilize pou l dekri Farizyen ak doktè lalwa ki avèg spirityèlman yo? Matye 23:16 Ou gen dwa panse a yon fason pou w ka demontre yo kijan sa t ap ye pou yon moun ta suiv yon lòt moun ki pa ka wè. Oubyen, klas la ka ekri karakteristik yon gid ki avèg sou tablo a, jan yo dekri nan Matye23:13–33 a. Pou ajoute sou lis la, panse pou w gade nan kèk ekriti adisyonèl ki pale sou avèg spirityèl, tankou 2 Korentyen 4:3–4; 2 Nefi 9:28–32; ak Jakòb 4:14. Kijan nou ka rekonèt gid avèg yo epi evite yo?

  • Ou ta gen dwa ede manm klas yo konprann ke doktè lalwa yo ak Farizyen yo te plis konsantre yo sou lò ak ofrann nan tanp lan pase sou vrè siyifikasyon tanp lan (gade nan Matye 23:16–22). Pou w fè sa, panse pou w li pou yo parabòl perle la ak bwat bijou a Prezidan Boyd K. Packer te bay la ki nan seksyon “Resous adisyonèl” la. Kisa k ka anpeche nou jwi vrè benediksyon tanp yo? benediksyon sentsèn yo?

Imaj
De gason k ap priye nan tanp lan

Pibliken ki te repanti a ak Farizyen ki t ap jistifye tèt li a nan tanp lan, pa Frank Adams

Jan 12:42–43

Louwanj lèzòm ka anpeche nou vin disip vanyan Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Sovè a te pwofetize ke nan dènye jou yo menm moun ki deja eli yo ka tonbe nan desepsyon (gade Joseph Smith—Matye 1:22). Pou enspire manm klas yo pou yo li Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; ak Lik 21 semèn pwochèn nan, ou gen dwa di yo ke nan chapit sa yo y ap jwenn kle pou evite moun twonpe yo nan dènye jou yo.

Imaj
potre pou resous

Resous adisyonèl

Matye 21–23; Mak 11; Lik 19–20; Jan 12

Pè Selès la konnen w pèsonèlman.

Èldè Neal A. Maxwell te deklare: “M temwaye nou ke Bondye konnen nou chak pèsonèlman … depi trè, trè lontan (gade nan DA 93:23). Li renmen nou depi trè, trè lontan. Non sèlman li konn non tout zetwal yo (gade nan Som 147:4; Ezayi 40:26); Li konn non ou ak tout doulè w ak tout lajwa w tou!” (“Sonje kijan Senyè a te gen mizerikòd,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 46).

Egzanp kote Senyè a rele moun pa non yo.

Parabòl pèl la ak bwat bijou a.

Prezidan Boyd K. Packer te pataje parabòl sa a: “Yon mesye komèsan ki te pati al chèche bijou presye te finalman jwenn pèl pafè a. Li te fè pibon atizan ki te egziste a fè yon bèl bwat bijou pou li epi pou l te kouvri andedan an avèk twal velour ble. Li te ekspoze pèl gran pri l la pou lòt moun te ka admire trezo sa a l te posede a. Li te obsève moun ki te konn vin gade l yo. Byen vit, li te ale tou dezole. Sete bwat la moun yo t ap admire, se pa t pèl la” (“The Cloven Tongues of Fire,” Ensign, Me 2000, 7).

Amelyore ansèyman nou

Ou pa oblije kouvri tout bagay nan leson an. “Gen anpil bagay pou diskite nan chak leson, men li pa nesesè pou w kouvri tout bagay nan yon sèl peryòd klas pou w touche kè yon moun—souvan youn oubyen de pwen kle sifi. Pandan w ap medite sou bezwen moun k ap aprann yo, Lespri a ap ede w idantifye ki prensip, ki istwa, oubyen ki ekriti ki ap espesyalman siyifikan pou yo” (Anseye nan Fason Sovè a, 7).