Vini, Suiv Mwen
Me 27–Jen 2. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21: ‘Pitit Gason Lòm nan pral vini’


“Me 27–Jen 2. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21: ‘Pitit Gason Lòm nan pral vin’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Me 27–Jen 2. Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Dezyèm vini

Paj 252: Dezyèm Vini an, pa Harry Anderson

Me 27–Jen 2

Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21

“Pitit Gason Lòm nan pral vini”

Sonje pou w kòmanse preparasyon pou w anseye a nan lapriyè pandan w ap li Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; ak Lik 21. Chèche enspirasyon pou tèt pa w, epi apresa repase plan leson sa a pou ide adisyonèl.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Fè lis parabòl Sovè a nou jwenn nan lekti semèn sa a sou tablo a, tankou parabòl pye figye a, moun debyen an ak vòlè a, sèvitè fidèl la ak move sèvitè a, dis vyèj yo, talan yo, ak mouton ak kabrit yo. Mande manm klas yo pou yo pataje verite yo te aprann nan parabòl sa yo ki ka ede yo prepare pou Dezyèm Vini Sovè a. Kisa y ap fè pou yo aplike verite sa yo nan lavi yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Joseph Smith—Matye 1:21–37

Pwofesi konsènan Dezyèm Vini Sovè an ka ede nou afwonte lavni avèk lafwa.

  • Siy Dezyèm Vini Sovè a ka difisil pou kèk manm nan klas yo konprann. Sa ta ka ede si yo ta travay an gwoup pou yo ka identifye siy yo jwenn nan Joseph Smith—Matye 1:21–37 yo. Sa ka ede yo pi byen konprann enpotans siy sa yo tou si yo konpare yo avèk siy ki sou pano sou wout yo. Poukisa pano sou wout yo enpòtan? Kisa sa revele sou siy Dezyèm Vini yo? Ou gen dwa menm bay chak gwoup kèk fèy papye ki gen fòm pano woutye epi envite yo ekri sou chap papye yon siy k ap presede Dezyèm Vini an. Kite yo pataje sa yo jwenn, epi evite klas la pou l diskite sou prèv siy sa yo nan mond la jodi a.

  • Nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, yo te envite manm klas yo pou yo te chèche konsèy yo bay nan vèsè sa yo sou fason nou ka “pa twouble” pandan evenman k ap mennen nan Dezyèm Vini yo (gade deklarasyon Prezidan Thomas S. Monson nan seksyon “Resous Adisyonèl” la). Montre yon foto ki dekri Dezyèm Vini an (gade nan Dezyèm Vini an, Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 66), epi envite manm klas yo pou yo pataje vèsè yo te note pandan etid pèsonèl yo a. Poukisa se yon benediksyon pou n konn kèk bagay sou evenman k ap mennen nan Dezyèm Vini Sovè a?

Joseph Smith—Matye 1:26–27, 38–55; Matye 25:1–13

Nou dwe toujou prepare pou Dezyèm Vini Sovè a.

  • Malgre Sovè a mande nou pou nou toujou pare pou Dezyèm Vini l lan, li fasil pou nou kite lavi kotidyèn nan akapare nou epi nou pa sitèlman panse sou sa. Parabòl nan Joseph Smith—Matye 1:26–27, 38–55 ak Matye 25:1–13 yo ka ede manm klas yo rekonèt enpòtans pou yo prepare pou Dezyèm Vini an. Envite manm klas yo pou yo chèche parabòl ak konparezon sa yo epi pataje sa yo anseye konsènan preparasyon pou Dezyèm Vini an. Petèt youn oubyen de manm nan klas la ka vini tou prepare avèk yon deskripsyon kreyatif sou yonn nan parabòl sa yo.

  • Parabol Dis Vyèj yo ka ede manm klas yo reflechi sou preparasyon spirityèl yo pou yo rankontre Sovè a. Èldè David A. Bednar te bay yon entèpretasyon sou parabòl la ki ka ede tou (gade nan seksyon“Resous adisyonèl” la). Manm klas yo gen dwa diskite sou sa nou ka fè nan lavi nou chak jou pou n ka vin totalman konvèti nan levanjil la. Poukisa nou chak dwe konvèti pèsonèlman? Kisa Doktrin ak Alyans 45:56–57 ajoute sou konpreyansyon nou de parabòl sa a?

  • Ou gen dwa chante kantik sou Dezyèm Vini an ansanm epi diskite sou mesaj yo anseye yo (gade nan “Resous Adisyonèl”).

Matye 25:14–46

Nan Jijman Final la, nou pral bay Senyè a rapò sou lavi nou.

  • Parabòl talan yo ak parabòl mouton ak kabrit yo ka enspire nou pou nou panse sou rapò nou pral bay Senyè a sou lavi nou nan Jijman Final la. Nou gen dwa li parabòl yo ansanm epi envite manm klas yo pou yo pataje yon kesyon Sovè a ta ka poze lè n ap bay rapò sou lavi nou an. Bay tan pou manm klas yo planifye fason yo pral aji sou enpresyon yo resevwa pandan diskisyon an.

    Imaj
    mouton ak kabrit

    Kris la itilize mouton ak kabrit pou anseye sou Jijman Final la (gade nan Matye 25:31–33).

  • Ou gen dwa repase definisyon Jijman Final ki nan Gid Ekriti yo avèk klas la, “Jijman, Final.” scriptures.lds.org. Apresa, ou gen dwa mande manm klas yo pou yo revize kèk ekriti ki eksplike ak kisa Jijman Final la pral sanble, tankou Alma 5:17–25. Kisa ekriti sa yo enspire nou pou nou fè pou nou prepare pou jou sa a?

  • Pou ede manm klas yo jwenn yon siyifikasyon pèsonèl pou parabòl talan yo (gade nan Matye 25:14–30), pataje kèk ide oubyen itilize yon aktivite nan “Parabòl Talan yo,” pa Èldè Ronald A. Rasband (Ensign, Out 2003, 32–35).

  • Pou enspire yon diskisyon sou Matye 25:34–40 la, ou ta gen dwa envite manm klas yo pou yo pataje egzanp sou moun ki te montre konpasyon yo dekri nan vèsè sa yo. Ba yo tan pou yo reflechi a moun ki ta ka bezwen sèvis yo. Nan ki fason reyèl nou ka nouri moun ki grangou, abiye moun ki toutouni, ak vizite moun ki malad?

Imaj
senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Jan 13–17 la pandan semèn pwochèn nan, mande yo pou yo panse sou sa yo t ap di yon pitit gason oubyen yon pitit fi yo anvan l pati pou l al nan misyon. Nan Jan 13–17, nou pral li dènye enstriksyon Sovè a te bay disip li yo anvan Krisifiksyon l lan.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Joseph Smith—Matye 1; Matye 25; Mak 12–13; Lik 21

Kantik sou Dezyèm Vini an

  • “Vivons ce bonheur,” Cantiques, no. 3

  • “Vrais disciples du Seigneur,” Cantiques, no. 27

  • “O, viens toi Roi des rois,” Cantiques, no. 29.

  • “Oui, je crois en Christ,” Cantiques, no. 71

  • “Oh, quel bonheur! Jésus viendra!,” Cantiques, no. 123.

Luil konvèsyon an.

Èldè David A. Bednar te sigjere entèpretasyon sa a pou parabòl dis vyèj yo:

“Konsidere luil la kòm luil konvèsyon an [gade nan Matye 25:4–9]. …

“Èske senk vyèj saj yo te egoyis epi yo pa t vle pataje oubyen èske yo te gen rezon pou yo te montre ke moun pa kapab prete luil konvèsyon an? Èske nou ka bay yon lòt moun fòs spirityèl ki soti nan obeyisans konstan nan kòmandman yo? Èske nou ka bay yon lòt moun ki nan bezwen konesans nou jwenn atravè etid dilijan ak meditasyon sou ekriti yo? Èske lapè levanjil la pote pou yon Sen dènye jou fidèl la, li ka transfere l bay yon moun k ap travèse advesite oubyen gwo pwoblèm? Repons kle pou chak kesyon sa yo se non.

"Jan vyèj saj yo te byen souliyen an, nou chak dwe achte 'pou tèt pa nou.' Fi enspire sa yo pa t ap dekri yon tranzaksyon komèsyal; men anfèt, yo t ap mete aksan sou responsablite nou genyen endividyèlman pou nou kenbe lanp temwayaj nou limen epi pou nou gen yon rezèv luil konvèsyon ki sifizan. Nou jwenn luil presye sa a gout pa gout—‘liy apre liy [epi] presèp sou presèp’ (2 Nefi 28:30), avèk pasyans ak pèsistans” (“Konvèti nan Senyè a,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2012, 109).

“Piga nou pè.

Prezidan Thomas S. Monson te di:

"Menmsi nyaj tanpèt rasanble, menmsi lapli kapab vide sou nou, konesans nou sou levanjil la ak amou nou pou Pè Selès la ak pou Sovè nou an ap rekonfòte nou ak soutni nou epi pote lajwa nan kè nou si nou mache dwat epi nou respekte kòmandman yo. …

"Frè ak sè byeneme m yo, piga nou pè. Fè kè nou kontan. Demen osi briyan ke lafwa ou” (“Fè kè nou kontan,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 92).

Amelyore ansèyman nou

Asire w ke w anseye vrè doktrin nan. "Toujou mande tèt ou: “Nan ki fason sa m ap anseye yo ap ede manm klas mwen yo bati lafwa yo nan Kris la, repanti, fè ak kenbe alyans avèk Bondye, e resevwa Sentespri a?” (Anseye nan Fason Sovè a, 20).