Vini, Suiv Mwen
10–16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18: ‘Non pa selon volonte pa m, men selon volonte pa w’


10–16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18: ‘Non pa selon volonte pa m, men selon volonte pa w’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“10–16 Jen. Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Dènye Soupe a

Epi sete lannuit, pa Benjamin McPherson

10–16 Jen.

Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18

“Non pa selon volonte pa m, men selon volonte pa w”

Li Matye 26; Mak 14; Lik 22; ak Jan 18, epi medite sou panse ak enpresyon ki vini nan panse ou. Ki mesaje manm klas ou yo bezwen aprann?

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann semèn sa a ki te ede yo jwenn plis siyifikasyon nan sentsèn nan. Kisa yo te fè e kijan sa te afekte eksperyans yo lè yo t ap pran sentsèn nan?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 26:26–29; Lik 22:19–20

Sentsèn nan se yon opòtinite pou nou toujou sonje Sovè a.

  • Poukisa Sovè a te enstitye sentsèn nan? Poukisa nou pran sentsèn chak semèn? Ki repons posib manm klas yo jwenn nan Matye 26:26–29; Lik 22:7–20; Doktrin ak Alyans 20:75–79; ak Ankre nan lafwa, 147–49? Paregzanp, Ankre nan lafwa a anseye nou ke sentsèn nan komemore sakrifis Kris la, ki akonpli Lwa Moyiz la. Ou gen dwa li priyè sentsèn yo avèk klas la tou epi mande manm klas yo pou yo idantifye alyans nou fè yo kòm yon pati nan òdonans la. Kijan nou ka ede yon lòt moun konprann kisa angajman sa yo vle di? Kòman patisipasyon nou nan sentsèn nan ta dwe afekte chwa nou fè pandan tout semèn nan?

    Imaj
    yon jènfi k ap pran sentsèn

    Lè nou pran sentsèn, nou renouvle alyans nou yo.

  • Manm klas yo t ap pwobableman benefisye si youn ta tande ide lòt sou fason pou nou sonje Sovè a pandan sentsèn nan ak pandan tout semèn nan (gade nan DA 6:36–37). Petèt ou ta ka envite yo pou yo di kisa ki ede yomenm ak fanmi yo sonje Sovè a ak kenbe alyans yo. Ki vèsè nan lekti semèn sa a ki apwofondi reverans nou pou sentsèn nan? Pou lòt ide sou fason pou nou sonje Sovè a, gade Gerrit W. Gong, “Toujou sonje li,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 108–11.

  • Diskisyon sa a ta ka yon bon opòtinite pou eksplore senbòl sentsèn nan avèk manm klas yo. Kijan senbòl sa yo ede nou konsantre sou Sovè a pandan òdonans la? Kisa senbòl sa yo anseye nou sou Sovè a ak sou relasyon nou avèk li?

  • Nan fen diskisyon w la sou sentsèn nan, ou gen dwa bay manm klas yo kèlke minit pou yo ka medite epi pou yo ekri sa yo te santi yo enspire pou yo fè pou yo prepare pou sentsèn nan semèn pwochèn nan. Pou ajoute sou lespri eksperyans sa a, panse pou w ta jwe yon kantik sentsèn pandan manm klas yo ap medite sou sa a.

Matye 26:36–46

Nou vin plis tankou Kris la lè nou chwazi pou nou soumèt volonte nou anba volonte Papa a.

  • Egzanp Sovè a nan soumisyon l anba volonte Papa a ka ede manm klas ou yo lè yo bezwen fè menm bagay la tou. Pou kòmanse yon diskisyon, ou ta ka envite chak manm nan klas la pou yo pataje yon lè kote yo te soumèt tèt yo devan yon bagay yo te konnen Bondye te vle yo fè. Kisa k te motive yo fè bagay sa yo? Envite klas la pou yo li Matye 26:36–42 epi medite sou rezon ki fè Sovè a te vle soumèt volonte l anba volonte Papa li. Ki fason soumèt nou anba volonte Bondye ap finalman pote benediksyon pou nou?

  • Pou eksplore prensip pou nou soumèt devan Bondye a, ou ta gen dwa mande mwatye klas la pou yo li Mozya 3:19 epi lòt mwatye a pou yo li 3 Nefi 9:20. Kisa vèsè sa yo anseye sou siyifikasyon soumèt devan Bondye? Kijan nou soumèt tèt nou? Manm klas yo ka reflechi sou fason yo ka soumèt volonte yo bay Bondye nan semèn k ap vini an. Deklarasyon Èldè Neal A. Maxwell la nan “Resous Adisyonèl yo” ta ka kore diskisyon w lan tou.

Matye 26:20–22, 31–35

Nou dwe egzamine lavi nou pou nou ka detèmine kijan pawòl Senyè a di yo aplike pou nou.

  • Nou tande anpil leson sou levanjil la nan lavi nou, men kèkfwa, nou gen tantasyon pou nou panse leson sa yo plis aplike pou lòt moun. Yon diskisyon sou Matye 26 ka ede nou simonte tandans sa a. Pou kòmanse konvèsasyon sa a, ou gen dwa divize manm klas yo an gwoup de pa de epi mande yon moun nan chak gwoup pou yo li Matye 26:20–22 pandan lòt la ap li vèsè 31–35. Envite yo pou yo konpare repons disip yo nan de istwa sa yo. Ki leson nou ka aprann sou fason disip yo te aplike pawòl Sovè a pou tèt pa yo? Pou w aprann plis, gade referans Prezidan Dieter F. Uchtdorf te bay sou Matye 26:21–22 a nan mesaj “Senyè, èske se mwen? an.” (Ensign oubyen Liahona, Nov. 2014, 56–59).

Matye 26:36–46

Jezikri akonpli yon Ekspyasyon enfini pou nou.

  • Panse pou w envite manm klas ou yo pou yo patake ide yo jwenn sou Ekspyasyon Jezikri a nan etid pèsonèl oswa familyal yo.

  • Matye 26 dekri sa k te pase nan Jetsemani, men, èske manm klas ou yo konprann siyifikasyon l nan lavi yo? Pou ede yo, petèt ou ta ka ekri sou tablo a kèk kesyon tankou Kisa k te pase nan Jetsemani? ak Poukisa sa enpòtan pou mwen? Manm klas yo ka travay endividyèlman oubyen an ti gwoup pou yo jwenn repons nan Matye 26:36–46; Alma 7:11–13; ak Doktrin ak Alyans 19:16–19. Epi tou, yo ka jwenn repons nan mesaj Èldè C. Scott Grow a “Mirak Ekspyasyon an” nan (Ensign oswa Liahona, Me 2011, 108–10).

  • Nan Liv Mòmon an, Jakob rele Ekspyasyon Jezikri a “yon ekspyasyon enfini” (2 Nefi 9:7). Pou ede manm klas yo konprann kisa sa vle di, ou ta gen dwa pataje ansèyman Prezidan Russell M. Nelson nan ki nan “Resous Adisyonèl yo” epi mande manm klas yo pou fè lis fason enfliyans sakrifis Sovè a ta ka konsidere kòm enfini. Yo gen dwa li ekriti sa yo tou epi ajoute sou lis yo a: Ebre 10:10; Alma 34:10–14; Doktrin ak Alyans 76:24; ak Moyiz 1:33. Kijan nou ka montre apresyasyon nou pou sa Sovè a fè pou nou?

Imaj
senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo kontinye li, ou gen dwa mande yo si yo konn sèt bagay Jezikri te yo di pandan l te sou kwa a. Di yo ke y ap jwenn sa Sovè a te di yo lè yo li Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 26; Mak 14; Lik 22; Jan 18

Video Bib la (LDS.org).

“Dènye Soupe a,” “Sovè a soufri nan Jetsemani”

Soumèt volonte nou anba volonte Papa a.

Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “Lè nou soumèt volonte nou bay Bondye, nou ba Li sèl sa nou kapab vrèman ba li a, ki reyèlman pa nou pou nou bay la. Pa ret tann twòp pou w jwenn otèl la oubyen pou w kòmanse depoze don volonte w sou li!” (“Sonje konbyen Senyè a te mizerikòdye,” Ensign oswa Liahona, Me 2004, 46).

Ekspyasyon enfini an.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Ekspyasyon [Jezikri a] enfini—san fen. Li te enfini tou nan sans ke tout limanite t ap sove anba lamò san fen an. Li te enfini nan nan tèm gwo soufrans Kris la te pase yo. Li te enfini nan letan, paske l mete fen nan sakrifis animal presedan yo. Li te enfini nan pòte li—li te dwe fèt yon fwa pou tout. Epi mizèrikòd Ekspyasyon an disponib non sèlman pou yon kantite moun enfini, men pou yon kantite mond enfini ke l te kreye tou. Li te enfini odela tout fason lèzòm ka mezire e odela tout konpreyansyon imen.

Jezi sete sèl moun ki te ka ofri yon ekspyasyon enfini konsa, paske se yon manman mòtèl ak yon Papa imòtèl ki te fè li. Akoz dwa nesans san parèy sa a, Jezikri te yon Èt enfini” (“The Atonement,” Ensign, Nov. 1996, 35).

Presidan Heber J. Grant te anseye: “Non sèlman Jezikri te vini kòm yon don inivèsèl, li te vini kòm yon ofrann endividyèl tou. … Pou nou chak, li te mouri sou Kalvè a epi san li ap sove nou selon sèten kondisyon. Non pa kòm nasyon, kominote oubyen gwoup, men kòm endividi” (“A Marvelous Growth,” Juvenile Instructor, Des. 1929, 697).

Amelyore ansèyman nou

Gade atravè je Bondye. Fè efò pou w wè manm klas ou yo jan Bondye wè yo a, epi Lespri a ap montre w valè ak potansyèl divin yo. Lè w fè sa, w ap jwenn direksyon nan efò ou pou ede yo (gade nan Anseye nan fason Sovè a, 6).