Vini, Suiv Mwen
17–23 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19: ‘Tout bagay fini’


“17–23 Jen. Matye 27; Mak 15; Like 23; Jan 19: ‘Tout bagay fini’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“17–23 Jen. Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Kris la devan Pilat

Ecce Homo, pa Antonio Ciseri

17–23 Jen.

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

“Tout bagay fini!”

Nan yon espri lapriyè, kòmanse preparasyon w pou anseye a avèk lekti Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19. Sonje ke w pral kapab rann yon temwayaj puisan sou Sovè ak Ekspyasyon l lan si w viv diy pou w ka gen Lespri a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Sa ta bon si w ta ekri sou tablo a kèk mo oubyen fraz pou raple manm klas yo evenman yo dekri nan chapit pou semèn sa yo. Mande yo pou yo ekri sou tablo a kèk mo ki dekri kijan yo te santi yo lè yo te li sou evenman sa yo. Poukisa yo te santi yo konsa?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

Lefèt ke Jezikri te dispoze pou l te soufri a montre amou li pou Papa a ak pou nou.

  • Pou ede klas ou a konprann fason resi sou lanmò Sovè a demontre amou li pou nou, eseye yon aktivite konsa: Bay chak manm klas la yon kè an papye, epi envite yo pou yo ekri yon fraz yo pran nan 1 Korentyen 13:4–7 la sou kè yo a, ki dekri charite. Apresa, mande yo pou yo gade nan Matye 27; Mak 15; Lik 23; oubyen Jan 19 epi sou lot bo kè yo a, ekri kèk vèsè ki montre kòman Sovè a te demontre amou yo dekri nan fraz yo te chwazi a. Fè yo pataje sa yo te jwenn. Ki eksperyans ki te ede manm klas yo konprann amou Sovè a?

    Imaj
    kouwòn pikan

    Solda yo te “fè yon kouwon pikan, epi yo te mete l sou tèt li” (Mak 15:17).

  • Kisa w ka fè pou ankouraje manm klas yo pou yo pataje temwayaj yo sou sa yo te aprann semèn sa a? Panse pou w envite yo pou yo chèche yon kantik ki dekri evenman yo te li yo oubyen sa yo panse de soufrans ak Krisifiksyon Sovè a. Panse pou nou chante yonn oubyen plis nan kalite kantik sa yo ansanm nan klas la. Nan ki fason lè nou etidye dènye èdtan lavi Sovè a, sa ka pouse nou fè l konfyans epi suiv li?

  • Ilistrasyon atistik kapab ede manm klas yo vizyalize kèk nan evenman yo li yo semèn sa a (gade nan “Resous Adisyonèl” pou foto nou sigjere). Petèt ou ta ka divize klas la an gwoup epi bay chak gwoup yon foto. Gwoup yo ta ka li vèsè ki dekri sa foto yo a reprezante a ansanm. Yo gen dwa diskite sou siyifikasyon vèsè yo epi di kijan foto a ede yo pi byen konprann vèsè yo. Chak gwoup ta ka pataje panse yo avèk klas la. Ou gen dwa pase videyo sa yo tou: “Jezi kondane devan Pilat” ak “Jezi flajele ak krisifye” (LDS.org).

  • Ou pap gen ase tan pou w diskite sou tout detay dènye èdtan lavi Sovè a avèk klas la, konsa, men yon aktivite ki ka ede w diskite sou detay ki pi enpòtan pou moun w ap anseye yo. Envite chak manm nan klas la pou yo chwazi yon chapit nan lekti semèn sa a epi pase kèk minit ap dechifre l, pou chèche yon mo, yon fraz, oubyen yon detay ki anseye yo yon bagay enpòtan sou Sovè a ak sou misyon li. Bayo opotinite pou yo pataje sa yo jwenn yo epi pou yo eksplike poukisa li enpòtan pou yo.

Matye 27:14–60

Ansyen pwofèt te predi soufrans ak Krisifiksyon Sovè a.

  • Sa ka fòtifye lafwa moun w ap anseye yo si yo konnen ke ansyen pwofèt te predi anpil nan evenman ki te pase nan dènye èdtan lavi Sovè a. Yon fason pou ede yo repase pwofesi sa yo pou yo ka wè kijan yo te akonpli se ta bay chak moun yonn oubyen plis nan ekriti ki nan “Resous Adisyonèl yo” epi mande yo pou yo chèche vèsè nan Matye 27 yo ki montre kijan ekriti yo te akonpli. Ou ta gen dwa fè yon tablo korespondans ki matche pwofesi yo avèk akonplisman yo. Ou gen dwa sigjere pou manm klas yo ekri vèsè ki gen pwofesi sa yo nan maj paj liv ekriti nan Matye 27 la. Kisa nou aprann nan pwofesi sa yo? Kijan pwofesi sa yo ranfòse lafwa nou nan Jezikri?

Matye 27:27–49; Mak 15:16–32; Lik 23:11, 35–39; Jan 19:1–5

Lopozisyon pa ka kanpe travay Bondye a.

  • Ka gen kèk manm nan klas ou a ki petèt te rankontre opozisyon—tankou lè moun te jije yo oubyen moke yo—lè yo te pale de kwayans yo oubyen lè yo t ap eseye viv lafwa yo. Panse pou w kòmanse diskisyon w lan nan mande kèk manm nan klas la pou yo pataje eksperyans kote sa te rive yo. Kijan yo te reyaji? Envite yo pou yo li kèk nan vèsè sa yo nan Matye 27; Mak 15; Lik 23; ak Jan 19 ki dekri pèsekisyon Sovè a te sibi yo. Ki kalite opozisyon travay Bondye a rankontre jodia? Kisa nou ka aprann nan repons Sovè a ki ka ede nou kanpe devan opozisyon nan epòk pa nou an? Pami lòt ekriti ki ka ede nou lè nou rankontre opozisyon genyen Matye 5:10; Women 12:14; 2 Timote 3:10–12; Alma 1:19–28; ak 3 Nefi 12:10–12. Kisa nou aprann nan vèsè sa yo?

Lik 23:34–43

Sovè a ofri nou esperans ak padon.

  • Èske sa ta ede manm klas ou yo pou yo ta li istwa kote Sovè a t ap mande Papa a pou l padone sòlda yo epi ki t ap pote lespwa bay vòlè a ki te sou kwa a? Panse pou w divize klas la an de gwoup, epi bay yon gwoup tach pou l li Lik 23:34–38 (ansanm avèk vèsè 34 la, referans c, ki bay eksplikasyon nan Tradiksyon Joseph Smith la) epi fè lòt gwoup la li Lik 23:39–43. Manm nan chak gwoup yo ka diskite sou sa yo aprann sou Sovè a nan vèsè sa yo epi apresa, pataje panse yo avèk tout klas la. Kijan nou ka suiv egzanp Sovè a?

  • Pou ede nenpòt nan manm klas ou yo ki ta gen difikilte pou l padone lòt moun jan Jezi te fè a, panse pou w pataje deklarasyon Èldè Jeffrey R. Holland nan ki nan “Resous Adisyonèl yo.”

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Matye 28; Mak 16; Lik 24; ak John 20–21 pandan semèn pwochèn nan, mande yo pou yo panse a sa yo t ap di yon moun ki di, “Fòk mwen ta wè pou m ta kwè.” Di yo ke lekti semèn pwochèn nan pral ede yo reponn kesyon sa a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 27; Mak 15; Lik 23; Jan 19

Foto pèsekisyon, soufrans, ak lanmò Jezi.

Ansyen pwofesi konsènan jijman ak lanmò Jezikri.

Egzanp padon Sovè a

Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“Yon bagay ki gen anpil rapò avèk obligasyon nou pou n repanti a se jenewozite pou n kite lòt moun fè menm bagay la tou a—nou dwe padone menmjan nou resevwa padon an. Nan fason sa a, nou patisipe nan esans Ekspyasyon Jezikri a. Asireman, moman ki pi majestye nan jou Vandredi fatidik sa a, kote lanati te sekwe epi vwal tanp la te dechire a, se te moman mizerikòd ekstraòdinè sa a kote kote Kris la te di, ‘Papa, padone yo; paske yo pa konn sa y ap fè’ Kòm avoka nou bò kot Papa a, li kontinye ap fè menm plede a jodia,—pou noumenm avèk mwen.

“Nan bagay sa a, menmjan ak nan tout lòt bagay, Jezikri montre egzanp pou nou suiv la. Lavi a twò kout pou nou pase l ap nouri animozite. … Nou pa vle Bondye sonje peche nou, konsa, gen yon bagay ki fondamantalman pa bon nan efò san rete nou pou n sonje peche pa lòt moun” (“Bagay pezib wayom yo,” Ensign, Nov. 1996, 83).

Amelyore ansèyman nou

Jwenn fòs nan men Sovè a. "Nan efò ou pou w viv ak anseye pi plis menmjan ak Sovè a, li inevitab ke w ap bite pafwa. Pa dekouraje; okontrè, kite erè ak feblès ou yo rapwoche w de Pè Selès la ak Sovè a” (Anseye nan fason Sovè a, 14).