Vini, Suiv Mwen
21–27 Janvye. Jan 1: Nou jwenn Mesi a


“21–27 Janvye. Jan 1: Nou jwenn Mesi a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“21–27 Janvye. Jan 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Yon fi k ap pataje levanjil la nan yon estasyon tren

21–27 Janvye

Jan 1

Nou jwenn Mesi a

Anvan w li nenpòt materyèl adisyonèl, li epi medite sou Jan 1, epi ekri enpresyon w resevwa yo. Sa ap envite Lespri a nan preparasyon w lan. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak ide sa yo kapab ede w enspire moun ki nan klas ou yo pou yo konprann ak aplike doktrin ki nan chapit sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje sa y ap aprann, ou ta gen dwa mande yo pou yo ekri kesyon, kòmantè, oswa ide yo jwenn nan sa y ap li yo sou ti moso papye epi mete yo nan yon resipyan. Rale moso papye nan resipyan an pou w diskite sou yo avèk klas la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jan 1:1–5

Jezikri te “avèk Bondye nan kòmansman an.”

  • Pou kòmanse temwayaj li a konsènan Kris la, Jan te temwaye konsènan wòl Sovè a anvan l te fèt. Kisa Jan te anseye konsènan Kris premòtèl la? Poukisa li enpòtan pou nou konn wòl premòtèl Kris la? Sa ta ka petèt itil pou w ta ekri kesyon sa yo sou tablo a epi mande manm klas yo pou yo chèche repons yo nan Jan 1:1–5 (gade  Tradiksyon Joseph Smith, Jan 1:1–5 tou [nan apendiks Bib la]) ak nan deklarasyon Èldè JamesE. Talmage la nan “Resous adisyonèl.” Ki lòt referans ekriti manm klas yo ta ka pataje ki anseye plis konsènan Kris premòtèl la? (Paregzanp, gade nan“Jezikri, Egzistans Premòtèl” nan Gid Ekriti yo.) Asanm nan klas la, nou gen dwa repase “Kris Vivan an: Temwayaj Douz Apot yo” (Ensign oswa  Liahona, Avr. 2000,2).

  • Si w ta renmen itilize vèsè sa yo pou w pale sou tout sa Senyè a kreye yo, ou gen dwa li Jan 1:3 epi montre foto ki dekri bote tè a. Ou gen dwa pase video “Our Home” nan (lds.org/topics/environmental-stewardship-and-conservation). Envite manm klas yo pou yo di kijan kreyasyon Sovè a fè yo ede yo santi amou li.

Jan 1:1–14

Jezikri se Limyè a.

  • Limyè fizik ka ede nou konprann senbòl limyè espirityèl la. Kijan w ta ka ilistre senbòl sa a pou klas ou a? Ou gen dwa etenn limyè yo nan sal la epi limen yon flach pou w montre diferans ant limyè ak tenèb. Apresa mande manm klas yo pou yo chèche chak kote yo ekri mo limyè a nan Jan 1:1–14, epi envite yo pou yo di kijan Sovè a ak levanjil li a pote limyè espirityèl nan lavi yo. Ki eksperyans manm klas yo te viv apwopo limyè li? Kòm yon pati diskisyon sa a, ou ta gen dwa a mande yo pou yo li plis bagay sou Limyè Kris la nan Doktrin ak Alyans 84:45–46; 88:11–13, oubyen fè yo gade referans sou “Limè Kris la” nan Diksyonè Bib la. Kòman nou ka yon limyè pou mond la?

    Imaj
    reyon solèy dèyè yon wòch sou yon plaj

    Sovè a ak levanjil Li a bay limyè espirityèl.

  • Paske Jan 1:1–14 ekri nan langaj senbolik, li gen dwa difisil pou konprann. Yon fason pou ede manm klas yo konprann temwayaj Jan an se ta envite yo pou yo fè yon lis mo ak fraz ki repete nan vèsè sa yo epi di kisa yo chak anseye nou konsènan Sovè a.

  • Men yon fason pou w kapte atansyon manm klas yo: Montre yo plizyè foto (enkli youn nan sa k nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) a ki dekri aspè nan lavi Jezikri ak misyon divin ni. Envite manm klas yo pou yo gade nan Jan 1:1–14, pou yo chèche pawòl oubyen fraz ki ta ka sèvi kòm tit pou foto yo.

Jan 1:35–51

Nou ka akeri pwòp temwayaj pa nou konsènan Sovè a epi apre sa nou envite lòt moun pou yo “vin wè.”

  • Nan Jan 1, envitasyon pou nou “vin wè” a parèt de fwa (gade nan vèsè 39, 46). Nou gen dwa ka pa gen chans pou n wè Sovè a fizikman nan fason Andre ak Natanayèl te wè l la, men nou ka aksepte menm envitasyon an. Ou gen dwa mande manm klas yo kisa yo panse sa vledi pou yon moun “vin gade” nan epòk pa nou an epi pataje pwòp eksperyans yo sou fason yo te akeri pwòp temwayaj pa yo konsènan Sovè a.

  • Pou w angaje yon diskisyon sou vèsè sa yo, panse pou w mande manm klas yo pou yo pataje kèk istwa sou fason yo te prezante levanjil Jezikri a bay lòt moun. Kiyès yo te envite pou “vin gade”? Kisa nou aprann nan men Andre ak Filip konsènan pataje temwayaj nou konsènan Kris la?

  • Kèkfwa, moun pa pataje levanjil la paske yo twouve ke se yon bagay ki entimidan oubyen ki konplike. Istwa ki nan Jan 1:35–51 an montre ke pataje levanjil la ka yon bagay senp ak natirèl. Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo li vèsè sa yo epi diskite sou fason yo ta ka itilize yo pou ede yon moun ki pè pataje levanjil la. Yo gen dwa itilize sitasyon Eldè Neil L. Andersen nan nan “Resous Adisyonèl” la pou ide. (Gade video “Good Things to Share” la tou nan LDS.org.)

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo etidye Matye 3, Mak 1, ak Lik 3, ou ta kapab mande yo pou yo panse avèk yon moun yo ta renmen ede vin jwenn Kris la. Di yo ke nan chapit sa yo, yo pral li konsènan yon pwofèt ki te gen misyon pou l te prepare moun pou yo resevwa Sovè a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Jan 1

Jezikri te avèk Papa a nan kòmansman an.

 Èldè JamesE. Talmage te anseye: “Ke Pawòl la se Jezikri, ki te avèk Papa a nan [kòmansman] an epi ki te limenm dote avèk pouvwa ak ran Divinite a, ke l te vini nan mond lan epi l te abite pami lèzòm nan, sa se yon konfimasyon definitif. Deklarasyon sa yo konfime pa yon revelasyon Moyiz te resevwa, kote l te gen pèmisyon pou l te wè anpil nan kreyasyon Bondye yo, epi l te tande vwa Papa a di konsènan sa l te kreye yo: ‘Epi m te kreye yo pa pouvwa pawòl mwen, ki se Sèl Pitit Gason Literal mwen an, ki plen lagras ak verite’ [Moyiz 1:32, 33 ]” (Jésus, le Christ, 3zyèm ed. [1916],10).

Nou ka envite lòt moun pou yo “vin wè.”

 Èldè NeilL. Andersen te anseye:

“Sovè a te anseye nou kijan pou n pataje levanjil la. Mwen renmen istwa Andre a, ki te mande, ‘Mèt, ki kote w abite?’ [Jan 1:38]. Jezi te gen dwa reponn pou l te di l ki kote l t ap viv. Men olyesa, li te di Andre, ‘Vin wè’ [Jan 1:39]. M renmen panse ke sa Sovè a te vledi l reyèlman sete: ‘Vin wè, non sèlman ki kote m ap viv men kijan m ap viv tou. Vin wè kiyès mwen ye. Vin santi Lespri a.’ Nou pa konn tout sa k te pase jou sa a, men nou konnnen ke, lè Andre te jwenn Simon, frè l la, li te deklare: 'Nou jwenn … Kris la’ [Jan 1:41].

“Pou moun ki montre yo enterese nan sa n ap di, nou ka suiv egzanp Sovè a epi envite yo pou yo 'vin wè.' Genyen k ap aksepte envitasyon an, epi gen lòt ki p ap aksepte. Nou tout konn yon moun yo te oblije envite plizyè fwa anvan pou l te aksepte yon envitasyon pou l ‘vin wè.’ Annou panse a moun ki te avèk nou yon fwa yo tou, ke nou pa tèlman wè ankò yo, pou n envite retounen pou yo vin wè yon fwa ankò. …

“Pou moun k ap itilize entènèt ak telefòn selilè yo, gen nouvo fason pou envite lòt moun ‘vin wè.’ Annou fè pataje lafwa nou sou entènèt vin plis fè pati lavi toulèjou nou” (“Se yon mirak,” Ensign oswa  Liahona, Me 2013,79).

Mizik ka anseye nou sou Kris la.

Panse pou w itilize kantik “Pour la terre et sa beauté,”  Cantiques, no.43 a, pandan n ap pale de wòl Sovè a kòm Kreyatè a (gade Jan 1:3). Epi w ka itilize video “For the Beauty of the Earth” la tou ki nan mormontabernaclechoir.org.

Amelyore ansèyman nou

Ede moun kap aprann yo konpare ekriti yo avèk tèt yo. Menm envitasyon Kris la te fè disip li yo—pou yo vin wè a—ka ede moun w ap anseye yo vin gen plis dezi pou yo suiv Sovè a. Ankouraje manm klas yo pou yo aplike prensip yo jwenn nan ekriti yo nan lavi pa yo epi pou yo envite lòt moun fè menm bagay la tou. (Gade 1 Nefi 19:23; Anseye nan fason Sovè a, 21.)