Vini, Suiv Mwen
Janvye 14–20. Lik 2; Matye 2: Nou vini pou n adore li


Janvye 14–20. Lik 2; Matye 2: Nou vini pou n adorel i,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testamanm 2019 (2019)

Janvye 14–20. Lik 2; Matye 2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Wa Maj yo kap vwayaje sou chamo

Annou adore l, pa: Dana Mario Wood

14–20 Janvye

Lik 2; Matye 2

Nou vini pou n adore li

Anvan w li ide ki nan plan leson sa a, etidye Lik 2 ak Matye 2, epi ekri enpresyon espirityèl ou genyen. Sa ap ede w resevwa revelasyon sou pi bon fason pou w satisfè bezwen klas ou yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kòman w ka ankouraje manm klas yo pou yo pataje enspirasyon ak eksperyans yo te genyen pandan yo t ap etidye ekriti sa yo endividyèlman epi avèk fanmi yo? Malgre yo deja familyarize avèk istwa nesans Sovè a, yo ka toujou gen nouvo enspirasyon espirityèl. Panse pou w envite kèk manm nan klas la pou yo pataje yon mesaj yo jwenn nan Lik 2 oubyen Matye 2 a ki enpresyone yo nan yon nouvèl fason.

Imaj
senbòl ansyman

Anseye doktrin nan

Lik 2:1–38; Matye 2:1–12

Gen anpil temwen pou nesans Kris la.

  • Istwa pèsonèl moun ki te vin adore l yo nan Lik 2 ak Matye 2 ka ede manm klas ou yo medite sou fason yo montre amou yo pou Sovè a. Repase tablo ki nan plan pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Kèk moun nan klas ou a ka petèt jwenn kèk ide nan aktivite sa a ke yo ta renmen pataje, oubyen ou ka fè aktivite sa a kòm yon klas. Poukisa li enpòtan pou temwen Kris sa yo te sòti nan diferant sosyete nan lavi a? Kòman nou ka suiv egzanp yo?

  • Anvan temwen sa yo te ka adore Kris, tibebe a, yo te chèche li. Pou ede manm klas yo aprann nan egzanp yo, ou gen dwa ekri tit sa yo sou tablo a: Bèje, Anne, Simeon, ak Wa Maj. Apresa, envite yo pou yo chèche nan Lik 2 ak Matye 2 epi ekri sou tablo a kisa moun sa yo te fè pou yo te jwenn Sovè a. Kisa istwa sa yo sigjere sou kèk nan fason nou ka chèche Kris la?

    Imaj
    yon bèje avèk brebi

    Bèje yo te pami kèk nan premye temwen nesans Sovè a.

  • Èske yon leson objè ta ka enspire manm klas ou yo pou yo fè plas nan lavi yo pou Sovè a? Konsidere ide sa yo: Pote yon bokal nan klas la epi apre nou fin repase Lik 2:7 ansanm, mande manm klas yo pou yo ranpli bokal la avèk plizyè kalite objè ki reprezante fason pou nou pase tan nou. Lè bokal la fin ranpli, envite yon moun pou l eseye foure yon foto Sovè a ladan l. Kisa analoji sa a sijere nou apwopo fè plas pou Kris la nan lavi nou? Kisa nou ka fè diferaman pou n fè plas pou li? Pawòl Prezidan Thomas S. Monson yo nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ka ede nou reponn kesyon sa a.

Matye 2:13–23

Paran yo ka resevwa revelasyon pou pwoteje fanmi yo.

  • Yon leson nou jwenn nan kouri Jozèf ak Mari pou yo y al an Ejip la sèke Senyè a ka bay revelasyon pou ede paran yo pwoteje fanmi yo anba danje. Pou w lanse yon diskisyon sou pwen sa a, panse pou w envite manm klas yo pou yo ekri sou tablo a yon lis sou kèk nan danje fanmi yo fè fas jodia. Kisa nou aprann nan Matye 2:13–23 sou fason pou nou pwoteje fanmi nou ak tèt nou kont danje sa yo? Kijan revelasyon pèsonèl ede nou pwoteje fanmi nou ak lòt moun nou renmen kont danje? Ki konsèy pwofèt ak apot yo bay pou ede nou pwoteje fanmi nou?

  • Kòm yon pati nan diskisyon sa a, ou gen dwa envite manm klas yo pou yo chante ansanm “Notre foyer ici-bas,” Cantiques, no. 188, oubyen yon lòt kantik konsènan fanmi. Kisa kantik la anseye sou sa paran yo ka fè pou yo viv diy pou yo ka resevwa revelasyon pou dirije fanmi yo?

Lik 2:40–52

Menm lè l te jèn, Jezi te konsantre sou fè volonte Papa l.

  • Istwa Jezi ki t ap anseye nan tanp la lè l te gen sèlman 12 zan an ka espesyalman puisan pou jèn kap mande tèt yo ki kontribisyon yo ka pote nan travay Bondye a. Ou gen dwa mete timoun yo de pa de nan klas la pou yo li Lik 2:40–52 ansanm (gade presizyon ki nan Tradiksyon Joseph Smith nou jwenn nan Lik 2:46 la, referans c). Chak gwoup ta ka pran kèk minit pou youn pataje avèk lòt sa ki enspire yo nan istwa sa a. Ki opòtinite nou genyen pou nou pataje sa nou konnen osijè levanjil la? Ki eksperyans nou ka pataje?

  • Si w ap anseye adilt, istwa sa a ta ka yon opòtinite pou diskite sou fason pou ede jèn yo atenn potansyèl yo. Yon moun ta ka rezime istwa ki nan Lik 2:40–52 a, epi klas la ta ka diskite sou fason evènman sa yo enfliyanse fason yo konsidere jèn yo nan Legliz la. Ki opòtinite nou ka bay jèn yo pou yo “patisipe nan travay Papa” [a] jan Jezi te fè a? (Lik 2:49). Ki lè nou te etone poutèt konpreyansyon espirityèl yon jèn oubyen yon timoun te montre? Pawòl sa yo Prezidan Henry B. Eyring te di yo gen dwa pote yon bagay anplis nan diskisyon sa a: “Lè yon detantè prètriz Aawon ap pale, … m toujou atann ke m pral tande pawòl Bondye. Mwen konn raman desi men m konn etone souvan” (“Pou l ka vin solid tou,” Ensign oubyen Liahona, Nov. 2016, 77).

  • Kisa Lik 2:40–52 anseye nou sou kijan Jezi te ye lè l te jèn? Modèl pou pwogresyon pèsonèl yo sigjere nan Lik 2:52 a ta ka enspire yon diskisyon sou sa n ap fè pou nou vin plis tankou Kris la. Ou gen dwa sigjere pou manm klas yo reflechi sou fason y ap pwogrese nan sajès (entelektyèlman), nan wotè (fizikman), ak nan gras devan Bondye (espirityèlman), ak nan gras devan lòt moun (sosyalman). Yo gen dwa menm fikse bi nan yonn oubyen plis nan domèn sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ede manm klas yo prepare pou diskite Jan 1 semèn pwochèn nan, mande yo pou yo pran nòt sou chak kote nan chapit la yon moun rann temwayaj konsènan Jezikri.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Lik 2; Matye 2

Fòmil pou chèche Kris la.

Prezidan Thomas S. Monson te anseye:

“Fòmil pou jwenn Jezi a te toujou menm nan e lap toujou rete menm nan—priyè fèvan ak sensè yon kè ki enb e pur. …

“Anvan nou kòmanse fè yon rechèch pèsonèl sou Jezi avèk chans pou n reyisi, nou dwe toudabò prepare tan pou li nan lavi nou ak plas pou li nan kè nou. Nan epòk kote tout moun toujou okipe sa yo, gen anpil moun ki gen tan pou yo jwe gòlf, tan pou y al nan magazen, tan pou yo travay, tan pou yo jwe—men yo pa gen tan pou Kris la.

“Bèl kay kouvri tout peyi a epi yo gen salamanje, chanm pou moun dòmi, sal pou jwe, sal pou koud, sal pou televizyon, men, okenn sal pou Kris la.

“Èske nou konn santi yon ti remò lè nou raple nou pawòl li yo: ‘Rena yo gen twou yo, epi zwazo yo gen nich yo; men, Pitit Gason lòm nan pa gen okenn kote pou l repoze tèt li.’ (Matye. 8:20.) Oubyen èske nou santi n anbarase lè nou sonje: ‘Epi Mari te fè premye pitit li a, yon tigason, epi li te vlope l nan kouchèt, epi l te mete l kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje; paske pat gen plas pou yo nan otèl la.’ (Lik 2:7.) Pa gen plas. Pa gen plas. Pa gen plas. Se konsa sa te toujou ye.

“Pandan n ap antreprann rechèch pèsonèl nou sou Jezi a, ede epi gide pa prensip lapriyè a, li esansyèl pou nou gen yon ide klè sou moun n ap chèche a. Ansyen bèje yo te chèche Jezi ki te timoun nan. Men, noumenm n ap chèche Jezi, Kris la, Gran Frè nou, Medyatè nou bò kot Papa a, Redanmtè nou, Otè sali nou; limenm ki te nan kòmansman an avèk Papa a, limenm ki te pran peche mond la sou tèt li a epi ki te aksepte mouri pou nou ka viv pou tout tan an. Se Jezi sa a n ap chèche” (“A la recherche de Jésus,” Ensign, Des. 1990, 4–5).

Ilistrasyon sou nesans Kris la.

Konsidere kijan ilistrasyon atistik ta ka amelyore diskisyon w lan sou nesans Kris la. (Paregzanp, gade nan Liv Tablo Levanjil la oubyen history.lds.org/exhibit/birth-of-christ.)

Amelyore ansèyman nou

Envite patisipasyon elèv ki pa t etidye ekriti yo lakay yo. Menmsi kèk nan manm klas la te gen dwa pa t ka li Lik 2 ak Matye 2 a anvan klas la, yo ka toujou pataje refleksyon enteresan pandan w ap etidye bagay yo ansanm nan klas la. Asire w ke w fè tout manm nan klas la jwenn opòtinite pou yo patisipe ak kontribye nan diskisyon an.