Vini, Suiv Mwen
31 Desanm–6 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou


“31 Desanm–6 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“31 Desanm–6 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou,,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
yon fanmi k ap gade yon albòm foto

31 Desanm– 6 Janvye

Nou responsab pwòp aprantisaj nou

Pandan w ap li ak medite sou pasaj ekriti yo bay nan plan leson sa yo, ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Sa ap envite Lespri a nan preparasyon w lan. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak ide suivan yo ka ede w enspire moun ki nan klas ou yo pou yo etidye Nouvo Testaman an ane sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Youn nan objektif ou kòm enstriktè se pou ou ankouraje manm klas yo pou yo aprann nan ekriti yo pou tèt pa yo epi avèk fanmi yo. Lè yo tande eksperyans lòt moun, sa ka enspire yo pou yo chèche fè pwòp eksperyans pa yo. Konsa, nan kòmansman chak klas, mande manm klas yo pou yo pataje ekriti yo te jwenn nan etid yo a ki te enspire yo oubyen enpresyone yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Pou nou reyèlman aprann nan men Sovè a, nou dwe aksepte envitasyon l la, “Vini, Suiv Mwen” an.

  • Etidye Nouvo Testaman an se yon opòtinite non sèlman pou aprann konsènan Sovè a ak doktrin ni an, men pou dekouvri kijan pou nou suiv li pi pafètman tou. Resi nan Matye 19:16–22 a se yon bon fason pou entwodui tèm sa a (gade video “Kris la ak jenòm rich la” nan LDS.org). Ou gen dwa mande manm klas yo pou li istwa sa a pou yo ka chèche jwenn yon bagay yo aprann sou fason pou yo vin yon disip Jezikri epi pou yo pataje sa yo jwenn nan. Si w bezwen yon lòt ide aktivite ki anrapò avèk prensip sa a, gade nan plan leson pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Aprann mande pou nou aji ak lafwa.

  • Kijan w ka enspire manm klas ou yo pou yo jwe yon wòl pi aktif nan aprantisaj yo, olye yo plase tout responsablite a sou enstriktè a? Men yon ide. Envite yo pou yo voye yon objè ki mou sou ou, san w pa fè okenn efò pou w pran l. Itilize aktivite sa a pou w kòmanse yon diskisyon osijè wòl moun k ap aprann yo ak enstriktè yo nan aprantisaj levanjil la. Pawòl Èldè David A. Bednar te di konsènan aprann pa lafwa yo nou jwenn nan seksyon “Resous Adisyonèl” la ta ka ede nan diskisyon sa a.

  • Pou ede manm klas yo konprann ke aprantisaj levanjil la mande pou nou gen lafwa pou n aji, ou gen dwa divize yo an gwoup epi envite chak gwoup pou li youn nan istwa sa yo: Mak 5:25–34; Lik 5:17–26; ak Jan 9:1–7. Kisa moun ki nan chak istwa yo te fè pou yo montre lafwa yo nan Sovè a? Ki aksyon nou ka fè pou nou aprann levanjil la ak montre lafwa nou ke Senyè a ap ede nou aprann laverite?

  • Se tout manm nan klas la ki gen responsablite pou envite Lespri a nan klas la. Pou ede yo konprann bagay sa a, mande yo pou yo li Alma 1:26 ak Doktrin ak Alyans 50:13–22; 88:122–23 epi pataje kisa enstriktè yo ak etidyan yo ka fè pou envite Lespri a. Sa ta bon tou pou w ta envite yo ekri repons yo sou tablo a anba tit tankou sa yo: Sa enstriktè a ka fè ak Sa moun kap aprann yo ka fè. Èske sa ta ka ede w si w ta kreye yon afich avèk repons manm klas yo pou w ta kite afiche pandan kèlke semèn?

Nou dwe konnen verite a pou tèt pa nou.

  • Anpil pasaj nan Nouvo Testaman an anseye prensip ki ka gide rechèch nou pou laverite a. Pami egzanp yo genyen Lik 11:9–13; Jan 5:39; 7:14–17; ak 1 Korentyen 2:9–11. Ou ta ka envite manm klas yo pou yo li pasaj sa yo nan etid pèsonèl yo epi pou yo pataje sa yo aprann. Oubyen ou gen dwa li pasaj sa yo avèk klas la epi envite manm klas yo pou yo di kijan yo te jwenn temwayaj yo.

    Imaj
    jènjan ak jènfi nan klas

    Chèche aprann pa lafwa ka ede nou jwenn temwayaj pèsonèl nou.

  • Kèlkeswa tan nou genyen depi nou manm Legliz la, nou tout bezwen konstamman ranfòse temwayaj nou. Pou ede manm klas yo idantifye verite yo bezwen konnen pèsonèlman yo, ou gen dwa ekri kèk referans ekriti ki anseye dè verite enpòtan sou moso papye, tankou Jan 3:16–17; 1 Korentyen 15:22; Mozya 3:13; Alma 7:11–13; ak Doktrin ak Alyans 135:3. Mande yo pou yo li ekriti sa yo, pou yo rezime verite etènèl yo jwenn yo, epi pou yo diskite sou sa yo kapab fè pou yo jwenn yon temwayaj konsènan yo. Pou rann aktivite sa a pi agreyab pou jèn yo, panse pou w kache moso papye yo nan tout sal la epi envite yo pou yo "chèche verite a.”

  • Travay 17:10–12 dekri Sen ki te sonde ekriti yo e ki te jwenn pwòp temwayaj pa yo sou laverite. Pou ankouraje manm klas yo suiv egzanp moun sa yo, li vèsè sa yo ansanm epi envite yo pou yo pataje pasaj ekriti ki ranfòse temwayaj yo sou levanjil la.

Kijan nou ka fè etid ekriti nou yo vin pi anrichisan?

  • Devlope abitid pou li ekriti yo ka difisil pou manm nan klas ou yo ki santi yo pa gen ase tan, ni konpreyansyon ak talan ki nesesè yo. Kisa w ka fè pou ede yo reyisi nan sa? Ou gen dwa kòmanse pale yo de istwa sou 'bucheron' yo ki nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Pou ede yo jwenn asirans yo bezwen pou etidye ekriti yo, ou gen dwa pataje enfòmasyon ki nan seksyon “Ide pou Amelyore Etid Pèsonèl Ekriti ou” a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Petèt oumenm oubyen lòt manm nan klas la ta ka pataje eksperyans nou te fè pandan n t ap itilize kèk nan ide sa yo oubyen lòt eksperyans siyifikan nou te fè pandan n t ap etidye ekriti yo. Ou gen dwa chwazi yon chapit nan Nouvo Testaman an tou, epi eseye etidye l avèk klas la pandan w ap itilize kèk nan ide sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo etidye Matye  1 ak Lik 1 lakay yo kòm preparasyon pou diskisyon semèn pwochèn nan, ou gen dwa poze kesyon sa a: “Èske yo janm konn mande w pou w fè yon bagay ki te parèt enposib pou ou?” Chapit sa yo ilistre verite ki di “avèk Bondye anyen p ap enposib” la (Lik 1:37).

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Reklame konesans espirityèl pou tèt pa nou.

Èldè David A. Bednar te eksplike: “M te remake yon karakteristik komen pami enstriktè ki te gen pi gwo enfliyans nan lavi m yo. Yo te ede m chèche aprann pa lafwa. Yo te refize ban m repons fasil pou kesyon difisil yo. Anfèt, yo pa t konn ban m repons ditou. Men, yo te montre m chemen pou m jwenn repons la epi yo te ede m fè premye pa pou m te ka jwenn pwòp repons pa m … Yon repons yon lòt moun ba ou, ou abityèlman pa sonje l lontan, pou m pa di ke w pa sonje l ditou. Men, yon repons nou dekouvri oubyen nou jwenn atravè egzèsis lafwa, se li nou sonje an jeneral pou tout lavi. … Se sèlman nan fason sa a yon moun ka depase estad kote l apiye sou konesans espirityèl ak eksperyans lòt moun pou l chèche jwenn benediksyon sa yo pou tèt pa li” (“Chèche aprann pa lafwa,” Ensign, Septanm. 2007, 67).

Kreye tan pou etid ekriti yo.

Frè Tad R. Callister te anseye:

“De bucheron … t ap fè yon konkou pou yo te dekouvri kiyès ki te ka koupe plis pyebwa nan yon jounen. Konkou a te kòmanse lè solèy la te leve. Chak inèdtan sa k te pi piti a te pati al nan forè a pou 10 minit konsa. Chak fwa l te fè sa, konpetitè l la te souri epi l te souke tèt li, li te konnen sa te nan avantaj li. Mesye k te pi wo a pa t janm kite pòs li, li pat janm sispann koupe bwa, li pa t janm pran rekreyasyon.

“Lè jounen an te fini, mesye k te pi wo a te sezi lè l te aprann ke konpetitè l la ki te sanble l t ap pèdi si anpil tan an, te koupe plis pyebwa pase l. Li te mande l ‘Kijan w fè fè sa alòske w te pran tout rekreyasyon sa yo?’

“Venkè a te reponn: ‘O, se rach mwen an m t al file.’

“Chak fwa nou etidye ekriti yo, nou file rach espirityèl nou” (“Lajwa nan aprann,” Ensign, Oktòb. 2016, 14).

Amelyore ansèyman Nou

Rete konsantre sou doktrin nan. Asire w ke diskisyon nan klas ou yo rete santre sou ekriti yo ak ansèyman pwofèt yo. Pou fè sa, ou ka poze kesyon tankou sa yo: “Ki verite levanjil nou aprann nan komantè nou sot tande yo?” oubyen “Èske yon moun ka pataje yon ekriti ki anrapò avèk sa nou sot diskite a?” (Gade Anseye nan fason Sovè a, 20–21.)