Vini, Suiv Mwen
7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se pou sa fèt selon jan w di a’


“7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se pou sa fèt selon jan w di a’’” Vini, Suiv mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Mari ak Mat

7–13 Janvye.

Matye 1; Lik 1

“Se pou sa fèt selon jan w di a”

Anvan w li nenpòt lòt dokimantasyon adisyonèl, li epi medite sou Matye 1 ak Lik 1, epi ekri enpresyon espirityèl ou yo. Kite Lespri a gide w nan preparasyon w lan. Apresa, egzamine ide yo bay nan plan sa a ak nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay manm klas yo kèk minit pou yo repase Matye 1 oubyen Lik 1, epi envite yo pou yo pataje vèsè yo pi renmen yo epi pou yo eksplike ki verite doktrinal yo aprann. Sa ta ka petèt itil si w ta brèfman revize evenman nan chapit sa yo toudabò pou w mete vèsè yo pataje yo nan kontèks yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 1:18–25; Lik 1:5–80

Papa nou ki nan syèl la travay atravè pitit fidèl li yo pou akonpli objektif li.

  • Manm klas yo ap gen plis tandans pou yo fè eksperyans siyifikan pandan y ap etidye Nouvo Testaman an ane sa a si yo ka tire leson nan eksperyans moun y ap li nan ekriti yo. Pou ede yo fè sa, ou gen dwa ekri non moun ki nan Matye 1 ak Lik 1 yo sou tablo a, ansanm avèk referans ekriti sou moun sa yo, nan fason sa a:

    Envite manm klas yo pou yo chwazi yon moun yo ta renmen plis aprann konnen, pou yo li vèsè ki nan lis yo genyen an, epi pataje sa yo aprann nan eksperyans moun sa a avèk yon moun nan klas la. Kisa nou ka fè pou n suiv egzanp fidèl moun sa a?

    Imaj
    Gabriyel parèt devan Mari

    Anonsyasyon an, pa John Scott

  • Pou ede manm klas yo reflechi pi plis sou karaktè ak wòl Mari nan plan Papa a, ou gen dwa pase videyo, “Yon zanj predi Mari nesans Kris la” ak “Mari ak Elizabèt” (LDS.org) oubyen li ansanm Lik 1:26–38, 46–56, pou w chèche kèk bagay Mari te di ki revele karaktè li. Ki lòt bagay nou aprann konsènan Mari? Kisa l ka anseye nou sou aksepte volonte Bondye nan sa k konsène nou?

Lik 1:5–25

Benediksyon Bondye yo vini nan moman l chwazi.

  • Ka gen moun nan klas ou a ki, tankou Elisabeth ak Zakari, ap mennen yon lavi dwat, men ki poko resevwa yon benediksyon yo espere. Kòman w ta ka ede yo tire yon ansèyman nan egzanp Elizabèt ak Zakari a? Pou kòmanse, ou gen dwa mande manm klas yo pou yo ekri kèk benediksyon yo espere resevwa. Apresa, yo gen dwa gade nan Lik 1:5–25, pou yo chèche leson yo ka aprann nan men Elisabeth ak Zakari konsènan rete tann Senyè a. Epitou, yo gen dwa li ak medite sou sitasyon ki nan seksyon "Resous Adisyonèl" la. Ankouraje yo pou yo ekri sa yo aprann yo akote benediksyon yo te espere resevwa a epi, si sa apwopriye, pou yo pataje panse yo.

  • Ki lòt egzanp nan lavi pa yo oubyen nan ekriti yo manm klas yo ka pataje konsènan zafè rete tann Senyè a? Kisa nou aprann nan egzanp sa yo?

Lik 1:26–38

“Avèk Bondye anyen pa enposib.”

  • Kèkfwa manm klas yo ka mande tèt yo—jan Mari te fè a—kòman plan ak pwomès Bondye genyen pou yo yo ka akonpli. Pou ede manm klas yo konprann ke, atravè pouvwa Bondye tout bagay posib, ou gen dwa montre yo foto Anonsyasyon an: Anj Gabriyèl parèt devan Mari (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 28) epi envite yo li ansanm Lik 1:26–38. Kisa nou ka aprann konsènan simonte bagay ki parèt enposib yo nan etidye pawòl ak aksyon Mari yo? Mande manm klas yo pou yo pataje eksperyans kote Bondye te ede yo akonpli yon bagay yo te panse ki te enposib. Pou yon egzanp sou Sen nan epòk pa nou yo ki te akonpli yon bagay ki te parèt enposib gras ak èd Bondye, gade video “Sealed Together: The Manaus Temple Caravan” nan (LDS.org).

  • Lavi Sovè a demontre verite Gabriyèl te deklare a: “Avèk Bondye anyen pa enposib” (Lik 1:37). Pou ilistre prensip sa a, ou gen dwa mande manm klas yo pou yo panse sou moman kote Sovè a te akonpli bagay ki te parèt enposib pandan l t ap fè volonte Papa li (gade, paregzanp, Jan 9:1–7). Pou ede yo wè kijan prensip sa a travay nan lavi yo, ou gen dwa envite yo medite sou kesyon tankou sa yo: ki diferans sa fè nan lavi w lè w konnen anyen pa enposib pou Bondye? Kijan sa chanje fason w sèvi nan Legliz la? fason ou aji avèk fanmi ou? Li ta bon tou pou w ta konpare Lik 1:37 avèk pawòl Sovè a ki nan Mak 14:36 yo.

Matye 1:18–25; Lik 1:26–55

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

  • Youn nan objektif prensipal Matye, Lik ak lòt moun ki ekri Levanjil yo sete pou yo temwaye ke Jezikri se Pitit Gason Bondye. Kijan w ka ede manm klas yo rekonèt objektif sa a nan premye chapit yo pral li yo nan Nouvo Testaman an? Men yon ide: Divize klas la an de gwoup, epi bay chak gwoup yon kantite vèsè nan Matye 1 oubyen Lik 1. Envite yo pou yo chèche evenman oubyen pawòl ki ranfòse lafwa yo nan misyon divin Jezikri kom Pitit Gason Bondye a epi pataje sa yo jwenn yo avèk klas la. Nan pami kèk pasaj ou ta ka sigjere yo, genyen Matye 1:18–25 ak Lik 1:26–38, 39–45, 46–55. Sigjere klas la ke, pandan y ap etidye Nouvo Testaman an ane sa a, yo gen dwa fè yon lis sou pasaj ki temwaye ke Jezikri se Pitit Gason Bondye yo. Ou gen dwa menm fè sa sèvi kòm yon klas.

Imaj
Senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo li Matye 2 ak Lik 2 pou klas semèn pwochèn nan, ou gen dwa sigjere ke, si yo li istwa nesans Sovè a nan yon espri lapriyè, y ap gen nouvo ide, menmsi yo te deja li l plizyè fwa anvan sa.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 1; Lik 1

Rete tann Senyè a.

Eldè Neal A. Maxwell te anseye, “Lafwa … vledi konfyans nan tan pa Bondye tou, paske Li te di, ‘Tout bagay dwe fèt nan tan pa yo.’ (DA 64:32.)" (“Lest Ye Be Wearied and Faint in Your Minds,” Ensign, Me 1991, 90).

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye:

“Nou chak aple pou nou tann nan pwòp fason pa nou. Nou tann repons pou priyè nou. Nou tann dè bagay ki ka parèt si egzat ak si bon pou nou nan moman an ke nou pa ka posibman imajine poukisa Pè Selès la ta pran tan pou l reponn nou.

“M sonje lè m t ap prepare m pou te pran fòmasyon kòm pilòt nan lame. Nou te pase yon gran kantite nan tan antrenman militè preliminè nou an ap fè egzèsis fizik. ... Nou te kouri, nou te kouri, epi nou te kouri ankò.

“Pandan m tap kouri, m te kòmanse remake yon bagay ki, franchman, te twouble m. Kontinyèlman, dèzòm ki te konn fimen, ki te konn bwè, ki te konn fè tout kalite lòt bagay kontrè avèk levanjil la e, patikilyèman, Pawòl Sajès la, te toujou ap depase mwen.

“M sonje m te konn panse, ‘Ey, tann yon ti moman! Èske m pa sipoze ka kouri san m pa fatige?‘ Men, mwen te fatige, e moun ki te absoliman pa t ap obeyi Pawol Sajès yo te gen avantaj sou mwen. M konfese ke sa te twouble m nan moman an. M te mande tèt mwen, èske pwomès la vrè ou pa?

“Repons la pa t vini imedyatman. Men alafen m te aprann ke pwomès Bondye yo pa toujou akonpli osi vit ke nou espere ni nan fason nou espere yo a; yo vini nan moman li chwazi ak nan fason pa l. Dèzane apre, m te ka klèman wè benediksyon tanporèl moun ki obeyi Pawòl Sajès yo resevwa—anplis benediksyon espirityèl ki vini imedyatman lè nou obeyi nenpòt nan lwa Bondye yo” (“Pèsevere avèk pasyans,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 58).

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje manm klas yo pou yo etidye ekriti yo lakay yo. Yon fason w ka ankouraje etid ekriti yo lakay se bay manm klas yo tan pou yo pataje sa yo dekouvri ak ide yo resevwa nan etid pèsonèl ak familyal yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a,  29.)