Vini, Suiv Mwen
28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘Prepare chemen Senyè a'


“28 Janvye–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3: ‘‘Prepare chemen Senyè a''” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“Janvye 28–3 Fevriye. Matye 3; Mak 1; Lik 3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jan Batis kap batize Jezi

Fenèt anvit-desine nan Tanp Nauvoo a, nan Illinois, pa: Tom Holdman

28 Janvye–3 Fevriye 3

Matye 3; Mak 1; Lik 3

“Prepare chemen Senyè a”

Pandan w ap li ak medite sou Matye 3; Mak 1; ak Lik 3, ekri enpresyon w resevwa yo. Sa ap envite Lespri a pandan w ap prepare a. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak ide sa yo ka ede w enspire moun nan klas ou yo pou yo konprann ak aplike doktrin ki nan ekriti sa yo.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas yo pataje kijan lè yo aprann nan Nouvo Testaman an sa ap yon benediksyon nan lavi yo, ou gen dwa ekri kesyon sa yo sou tablo a: Ki bagay ou te fè poutèt ou te li nan Nouvo Testaman an semèn sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 3:1–12; Lik 3:2–18

Disip yo prepare tèt yo ak lòt moun pou yo resevwa Jezikri.

  • Kòman nou prepare pou vizit yon envite ki enpòtan? Yon kesyon tankou sa a ka ede w derape yon diskisyon sou fason Jan Batis te prepare moun yo pou yo te resevwa Kris la. Apresa, ou gen dwa divize klas la fè twa gwoup pou yo li Matye 3:1–6; Matye 3:7–12; ak Lik 3:10–15, pou chèche fason Jan Batis te prepare moun yo pou te resevwa Jezikri nan lavi yo. Kite chak gwoup pran tou pa yo pou pataje sa yo jwenn.

  • Menmjan Jan Batis te fè a, pwofèt vivan yo ede nou prepare pou n resevwa Sovè a nan lavi nou. Pou ede manm klas yo fè koneksyon ant pwofèt nan epòk pa nou yo ak Jan Batis, ou gen dwa repase ansèyman Jan Batis yo nan Matye 3:1–12 ak Lik 3:2–18 ak kèk konsèy yo te bay nan dènye konferans jeneral la. Nan ki fason obeyi konsèy pwofèt yo ka ede nou prepare pou nou resevwa Sovè a?

  • Tradiksyon Joseph Smith, Lik 3:4–11 (nan apendiks Bib la) bay limyè sou misyon Jezikri a plis pase sa nou jwenn nan Lik 3:4–6 la. Kisa manm klas yo aprann nan vèsè sa yo konsènan Sovè a ak nesesite pou nou repanti a?

    Imaj
    Jan Batis kap preche

    Jan Batis kap preche nan dezè a, pa Robert T. Barrett

Lik 3:3–14

Nou dwe pote “fwi ki diy pou repantans.”

  • Nan Lik 3:8, Jan Batis te anseye pèp la ke, anvan yo te ka batize, yo te bezwen montre “fwi,” oubyen prèv repantans yo. Kijan w ka ede manm klas yo rekonèt prèv pwòp repantans pa yo? Ou gen dwa mande yo pou yo gade nan Lik 3:8–14 epi chèche kisa Jan te konsidere kòm “fwi” repantans. Epitou yo gen dwa repase Mowoni 6:1–3 ak Doktrin ak Alyans 20:37. Ou ka desine yon pyebwa ki gen fwi sou tablo a epi fè manm klas yo mete yon etikèt sou chak fwi kote y ap ekri non “fwi” repantans yo jwenn yo. Se ta kapab yon bon moman tou pou w w ta eksplike yo kisa sa vle di pou nou vrèman repanti. Souliye ke yon fason nou ka “aplani chemen an pou li” (Lik 3:4) se lè nou repanti pou tout obstak ki ka anpeche Lespri a atenn nou.

  • Chante kantik “Ah, donne-moi Père,” Cantiques, no. 70 la ka ankouraje diskisyon sou fason repantans ka ede nou vin plis tankou Sovè a. Pou yon video mizik kantik sa a, gade nan mormontabernaclechoir.org.

Matye 3: 13–17

Nou suiv Jezikri lè nou batize epi nou resevwa Sentespri a.

  • Pou nou revize istwa batèm Jezikri a, eseye ide sa a: Mande manm klas yo kijan yo ta ka itilize Matye 3:13–17 pou anseye yon moun, tankou yon timoun oubyen yon moun nan yon lòt legliz, konsènan batèm. (Epitou, yo ta kapab itilize foto ki nan plan pou semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a). Ki eleman enpòtan nan batèm nan yo t ap souliyen? Youn ta gen dwa anseye lòt pou yo ka pratike ide yo genyen yo.

  • Pou ede manm klas yo sonje pwòp batèm pa yo ak reflechi sou enpòtans pou yo respekte alyans batèm yo, ou gen dwa envite yo pou yo li Matye 3:13–17 ak deklarasyon Èldè Robert D. Hales la nan seksyon “Resous Adisyonèl” la. Kèk moun nan klas la ta gen dwa di kisa yo santi osijè pwòp batèm pa yo ak alyans batèm yo fè yo. Yo te gen dwa “Viens et suis-moi” tou, Cantiques, no. 61.

  • Jan Batis te anseye ke Sovè a t ap batize “avèk Sentespri a epi avèk dife” (Matye 3:11). Batèm dife a fèt lè nou konfime epi nou resevwa don Sentespri a. Poukisa nou dwe gen don Sentespri a pou n ka pwogrese nan wayòm Bondye a? Ki efè batèm dife a ak Sentespri a genyen sou nou? (gade Alma 5:14). Video “Batèm Sentespri a” (LDS.org) ta ka ede nou avèk diskisyon sa a.

  • Men yon aktivite ki ta ka ede manm klas yo jwenn plis bagay pou yo diskite sou doktrin batèm nan. Ekri kesyon sa yo sou tablo a ak referans ekriti yo sou timoso papye. Envite chak manm klas yo pou yo chwazi yon moso papye epi li chak ekriti ansanm antanke yon klas. Diskite ki kesyon chak ekriti pi byen reponn. Èske gen lòt ekriti oubyen ide ki ta kapab ede reponn kesyon sa yo?

    • Kisa ekriti yo anseye sou nesesite batèm? (3 Nefi 11:38)

    • Kisa batèm plonje nan dlo senbolize? (Women 6:3–5)

    • Kòman alyans batèm mwen yo ta dwe chanje fason m ap viv? Mozya 18:8–10

    • Poukisa nou pa batize timoun piti? (Mowoni 18:8–12)

    • Poukisa li enpòtan pou batèm fèt pa yon moun ki gen otorite, e non pa jis bon entansyon? (Ebre 5:4)

    • Si m te deja batize nan yon lòt legliz, poukisa m bezwen batize ankò? (DA 22:1–4)

    • Poukisa batèm dwe suiv pa don Sentespri a? (Jan 3:5)

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo etidye Matye 4 ak Lik 4–5 lakay yo, envite yo pou yo panse a yon tantasyon yo fè fas, epi di yo ke chapit sa yo pral anseye yo kisa Sovè a te fè lè l te fè fas a tantasyon.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 3; Mak 1; Lik 3

Siyifikasyon alyans batèm nou yo.

Eldè Robert D. Hales te anseye:

“Lè nou konprann alyans batèm nou yo ak don Sentespri a, sa ap chanje lavi nou epi sa ap etabli fidelite total nou pou wayòm Bondye a. … Antre nan wayòm Bondye a sitèlman enpòtan ke Jezi te batize pou l te ka montre nou ‘kijan chemen an dwat’ [2 Nefi 31:9]. …

“Lè nou suiv egzanp Jezi, nou menm tou, nou demontre ke n ap repanti epi n ap obeyisan nan respekte kòmandman Pè Selès la bay yo. Nou imilye tèt nou avèk yon kè brize ak yon lespri kontri lè nou rekonèt peche nou epi nou chèche padon pou ofans nou [gade nan 3 Nefi 9:20]. Nou fè alyans ke nou dispoze pou nou pran non Jezikri sou tèt nou, epi pou nou toujou sonje li. …

“Lè nou chwazi pou nou nan wayòm [Bondye] a, nou separe—non pa izole— tèt nou avèk mond la. Rad nou ap pi modès, panse nou ap pi pwòp, langaj nou ap pwòp. Fim ak emisyon televizyon n ap gade, mizik n ap koute, liv, revi, ak jounal n ap li ap edifyan. N ap chwazi zanmi ki ap ankouraje nou atenn bi etènèl nou, epi n ap trete lòt moun avèk jantiyès. N ap kenbe tèt nou lwen vis imoralite, jwèt aza, sigarèt, alkòl, ak dwòg. Aktivite jou Dimanch nou yo ap reflete kòmandman Bondye a pou nou sonje Jou Saba a ak sanktifye l la. N ap suiv egzanp Jezikri nan fason nou trete lòt moun. N ap viv nan fason pou nou diy pou n ka antre nan kay Senyè a” (“Alyans Batèm nan: pou nou nan wayòm nan ak pou wayòm nan,” Ensign, Nov. 2000, 7–8).

Amelyore ansèyman nou

Anseye doktrin nan. Hyrum Smith te anseye, “Preche premye prensip Levanjil yo—preche yo epi preche yo ankò; epi w ap wè ke, jou apre jou, nouvo ide ak limyè adisyonèl konsènan yo ap revele pou ou. W ap kapab apwonfondi yo nan fason pou w ka konprann yo pi klè. Lè sa a, w ap kapab fè moun w ap anseye yo konprann yo pi byen tou.” (Manuscript History of the Church, vol. E-1, p. 1994, josephsmithpapers.org).