Vini, Suiv Mwen
11–17 Fevriye. Jan 2–4: ‘Ou dwe nedenouvo’


“11–17 Fevriye. Jan 2–4: 'Ou dwe nedenouvo'” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“11–17 Fevriye. Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezikri ap pale avèk Nikodèm

11–17 Fevriye

Jan 2–4

“Ou dwe nedenouvo”

Lekti Jan 2–4 la se yon bon fason pou kòmanse prepare w pou w anseye. Ekri tout enpresyon espirityèl ou resevwa, epi itilize plan leson sa a pou w jwenn eksplikasyon adisyonèl ak ide pou w anseye.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ekri twa tit sou tablo a: Jan 2, Jan 3, ak Jan 4. Bay manm klas yo kèk minit pou yo revize chapit sa yo, epi apresa, mande yo pou yo ekri anba chak tit yon vèsè ki te ede yo konprann doktrin ak evènman yo nan chapit sa a. Diskite sou vèsè yo ekri yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jan 2:1–11

Lavi nou chanje lè nou suiv Jezikri.

  • Pafwa nou ka jwenn konpreyansyon espirityèl lè nou pote atansyon sou detay ki nan yon istwa ekriti. Panse pou w envite manm klas yo pou yo li Jan 2:1–11 epi fè lis detay ki apwofondi apresyasyon yo pou mirak ki te fèt nan resepsyon maryaj la. Kijan mirak sa a te manifeste laglwa Bondye? (gade vèsè 11).

  • Sa ka ede manm klas yo konprann istwa sa a si yo konsidere mirak la nan pèskeptif unique moun ki te temwen l yo. Kòman atitid nou vizavi mirak konn pafwa tankou atitid moun yo ki te nan resepsyon maryaj la—paregzanp, tankou Mari ki te konnen yon mirak te ka fèt, oubyen mèt maryaj la, ki pa t konnen ke yon mirak te fèt? Panse pou w envite kèk manm nan klas la pou yo rakonte istwa resepsyon an kòmsi yo te youn nan moun ki te la yo.

Jan 2:13–22

Nou ka defann lye sakre yo ak bagay sakre yo.

  • Kijan nou ka ede manm klas yo tire yon leson nan istwa kote Jezikri te chase machann yo nan tanp la? Kòman yo ka defann kote sakre ak bagay sakre tankou fwaye nou, legliz la, tanp yo, ak ekriti yo? Deklarasyon President David O. McKay sa a ta ka ede yo: “‘Pa fè kay Papa m nan tounen yon mezon komès.’ (Jan 2:16.) Fè lajan, depanse lajan, … kritike, e patikilyèman fè tripotaj sou pwochen nou nan yon mezon adorasyon, se esansyèlman vyolasyon kòmandman sa a yo te banou depi sa gen prèske demil ane a” (nan Conference Report, Oktòb. 1956, 7). Ki fason nou ka prezève sentete tanp la ak lòt kote sakre yo?

Jan 3:1–21

Nou dwe nedenouvo pou nou ka antre nan wayòm Bondye a.

  • Pou ede manm klas yo konprann envitasyon Jezikri a pou yo nedenouvo a (gade nan Jan 3:3), ou gen dwa envite yo pou yo pataje ide yo jwenn nan sa Sovè a te anseye Nikodèm yo nan vèsè sa yo. Ki mo ak fraz li te itilize? Ki lòt ekriti oubyen deklarasyon dirijan Legliz yo ki ta ka elaji konpreyansyon manm klas yo sou envitasyon sa a? (Gade Endèks pa sijè, “Lòm, Nouvo, nedenouvo espirityèlman” an pou egzanp nan ekriti yo; gade nan seksyon “Resous Adisyonèl” la pou deklarasyon dirijan Legliz yo.)

  • Kòman manm klas yo ta ka eksplike yon moun ki nan yon lòt relijyon kisa nedenouvo vledi? Kòman yo ta ka entwodui repantans, batèm, ak konfimasyon nan konvèsasyon sa a? Panse pou w envite manm klas yo pou yo fè pratik sou ki fason yo t ap reponn kesyon sa a avèk moun ki chita bòkote yo a. Sitasyon Pwofèt Joseph Smith la nan “Resous Adisyonèl” la ta ka ajoute sou diskisyon sa a.

  • Gen moun ki panse ke yon moun pa ka reyèlman chanje; men, Nikodèm, se yon egzanp sou yon moun ki te chanje paske l te suiv levanjil Jezikri a. Pou ede manm klas yo wè sa, ou gen dwa envite yo pou yo ale nan Jan 3:1–2; Jan 7:40–52; ak Jan 19:39–40. Kisa nou aprann nan pasaj sa yo konsènan atitid ak kwayans Nikodèm? Kòman l te chanje avèk letan? Ki egzanp nou ka site konsènan moun nou konnen ki te chanje gras ak levanjil la?

  • Gade yon tibebe oubyen foto yon tibebe ka bay klas ou a yon bon opòtinite pou yo konpare kalite yon tibebe avèk kalite yon moun ki nedenouvo espirityèlman.

Jan 4:6–34

Jezikri ofri nou dlo vivan ak “nouriti” ki se fè travay Bondye a.

  • Kò nou bezwen manje ak dlo chak jou. Jezikri fè referans a bezwen inivèsèl sa yo lè l te anseye fanm Samaritèn nan ak disip li yo. Pou ede manm klas yo konprann sa Sovè a t ap anseye a, ou gen dwa mete foto manje ak dlo sou tablo a epi envite manm klas yo pou yo ekri verite Jezikri te anseye yo anba chak foto. Kòman lefèt ke adore Bondye an espri ak an verite a ka satisfè swaf espirityèl nou? Kòman sa satisfè grangou espirityèl nou lè nou fè volonte Bondye?

    Imaj
    kouran dlo

    Jezikri ofri nou dlo vivan an.

  • Si yo reflechi sou pwogresyon temwayaj fi Samaritèn nan konsènan Jezikri, sa ka ede manm klas ou yo medite sou fason yo te vin konnen li se Mesi a. Ansanm nan klas la, chèche tèm fi Samaritèn nan te itilize pou l te pale de Sovè a nan Jan 4:6–30. Kisa tèm sa yo montre sou konsesans li de kiyès Jezi te ye? Kòman temwayaj nou pwogrese palefèt ke nou konnen li se Sovè nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Matye 5 ak Lik 6, di yo ke chapit sa yo gen sa Prezidan Joseph Fielding Smith te rele “pi gwo [diskou] ki te janm preche, pou otan ke nou konnen” (Enseignements des présidents de l'église: Joseph Fielding Smith [2013], 234).

Imaj
senbòl resous

Resous Adisyonèl

Jan 2–4

Video aksyon ak ansèyman Jezikri yo.

“Jezi chanje dlo fè l tounen diven,” “Jezi netwaye tanp la,” “Jezi anseye pou moun nedenouvo,” “Jezikri anseye yon fi Samaritèn” (LDS.org)

Sa nedenouvo vledi.

Pwofèt Joseph Smith te anseye: “Nou ta gen dwa menm batize yon sak sab nan plas yon moun si batèm nan pa fèt pou remisyon peche ak pou resevwa Sentespri a. Batèm nan dlo a se sèlman mwatye batèm nan, epi li pa vo anyen san lòt mwatye a—ki se batèm Sentespri a” (Enseignements des présidents de l'église: Joseph Smith [2007], 95).

Èldè David A. Bednar te anseye: “Konvèsyon … se yon gran bagay, li pa piti—se yon renesans espirityèl ak yon chanjman fondamantal nan sa nou santi ak sa nou vle, nan sa nou panse ak sa nou fè, ak sa nou ye. Anfèt, esans levanjil Jezikri a enplike yon chanjman fondamantal ak pèmanan nan nati nou ki vin posib paske nou apiye nou sou ‘merit, ak mizèrikòd ak gras Mesi ki Sen an’ (2 Nepi 2:8). Lè nou chwazi pou nou suiv Mèt la, nou chwazi pou nou chanje—pou nou nedenouvo espirityèlman” (“Nou dwe nedenouvo” Ensign oswa Liahona, Me 2007, 20).

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Ou ka mande tèt ou, Poukisa gran chanjman sa a pa fèt pi rapidman nan mwen? Ou ta dwe sonje ke egzanp remakab pèp Wa Benjamen an, Alma, ak kèk lòt moun nan ekriti yo se egzakteman sa—remakab men pa tipik. Pou majorite nan nou, chanjman yo vini etap pa etap epi yo pran tan. Kontrèman a nesans fizik nou, nedenouvo, se plis yon pwosesis pase yon evenman. Epi angajman nou nan pwosesis sa a se objektif santral mòtalite a” (“Nedenouve,” Ensign oswa Liahona, Me 2008, 78).

Èldè Dallin H. Oaks te anseye:

“Nou te nedenouvo lè nou te antre nan yon relasyon alyans avèk Sovè a lè nou te fèt nan dlo a ak nan Lespri a epi nou te pran non Jezikri sou nou an. Nou ka renouvle renesans sa a chak jou Saba lè nou pran Sentsèn.

“Sen Dènye Jou yo afime ke moun ki nedenouvo nan fason sa a, yo se pitit gason ak pitit fi literal Jezikri (gade Mozya 5:7; 15:9–13; 27:25). Sepandan, pou nou ka resevwa benediksyon yo prevwa pou nouvèl nesans sa a, nou dwe toujou kenbe alyans nou yo epi pèsevere jiskalafen. Pandan tan sa a, atravè gras Bondye, nou nedenouvo kòm nouvo kreyati ki gen nouvo paran espirityèl ak pèspektiv yon eritaj glorye” (“Have You Been Saved?” Ensign, Me 1998, 56).

Amelyore ansèyman nou

Enstriktè a pa pi bon pase elèv la. Wòl ou kòm enstriktè enpòtan, men se pa oumenm ki se sèl sous enspirasyon nan klas la. Ede manm klas yo aprann nan men Lespri a epi pataje sa yo aprann yo youn avèk lòt.