Vini, Suiv Mwen
4–10 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a sou mwen’


“4–10 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a sou mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“4–10 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Jezikri venk Satan

Kris la venk Satan, pa Robert T. Barrett

4–10 Fevriye.

Matye 4; Lik 4–5

“Lespri Senyè a sou mwen”

Pandan wap etidye Matye 4 ak Lik 4–5 la, ekri enpresyon espirityèl ou yo. Sa ap envite enspirasyon ki ap pèmèt ou wè ki pi bon fason pou w satisfè bezwen manm klas ou yo. Epitou ou gen dwa itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ansanm avèk plan leson sa a pou w ka jwenn ide adisyonèl.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Lekti semèn sa a gen deklarasyon sa a ladan: “Yo te sezi tande doktrin ni an: paske pawòl li yo te gen pouvwa” (Lik 4:32; gade Mak 1:22 tou). Ki vèsè manm klas yo ka pataje nan chapit sa yo ki te ede yo santi pouvwa doktrin sa a pou tèt pa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Matye 4:1–11; Lik 4:1–13

Papa nou ki nan syèl la banou pouvwa ak mwayen pou nou reziste anba tantasyon.

  • Istwa Sovè a k ap reziste devan Satan an ka ede manm klas yo rekonèt metòd Satan eseye pou tante yo tou. Yo gen dwa chwazi youn nan tantasyon yo pale nan Matye 4:1–11 oubyenLik 4:1–13 yo epi panse avèk yon tantasyon modèn yo ka konpare avèk li (deklarasyon nan “Resous Adisyonèl” yo ta ka ede tou). Poukisa sa ka ede nou lè nou konnen Sovè a te fè fas a tantasyon ki sanble avèk sa nou rankontre yo jodia? Poukisa Jezikri te kapab reziste anba tantasyon? Pou lòt egzanp sou moun nan ekriti yo ki te reziste devan Satan, gade nan Jenèz 39:7–20; 2 Nefi 4:16–35; ak Moyiz 1:10–22.

  • Yon fason pou ankouraje diskisyon konsènan Matye 4:1–11 ak Lik 4:1–13 la se ta ekri de kesyon sou tablo a: Kisa nou aprann konsènan Kris la nan istwa sa a? epi Kisa nou aprann konsènan Satan? Apresa, envite manm klas yo pou yo sonde pasaj ekriti yo pou yo ka jwenn repons pou kesyon sa yo epi ekri repons yo sou tablo a.

  • Kisa k ta ka ede klas ou a reziste anba tantasyon? Ou gen dwa mande manm klas yo pou yo al reli egzanp yo bay nan Matye 4:1–11 oubyenLik 4:1–13 yo, kote konesans Sovè a sou ekriti yo te ede l reponn Satan (kote l te di: “Ekriti yo di”). Ba yo tan pou yo jwenn epi pataje pasaj ekriti ki ka fòtifye yo ak ranfòse yo lè yo santi yo gen tatasyon. (Pou ide, yo ka gade nan lis Endèks pa sijè a pou chèche “Tantasyon.”)

Lik 4: 16–30

Jekri se Mesi yo te anonse nan pwofesi yo.

  • Pou ede manm klas yo pi byen konprann istwa sa a, ou ta ka eksplike yo ke tit Mesi a ak tit Kris la toulède siyifi “Wen an.” Lè y ap li Lik 4:18–21, mande yo pou yo panse sou kisa sa vle di lè yo di Jezi se Kris la, Mesi a oubyen Wen an. Sa ta bon tou si yo ta li “Wen an” nan Diksyonè Bib la. Kòman Jezikri deklare ke l se Mesi a jodia? Envite manm klas yo pou yo di kijan yo te vin konnen Jezikri se Sovè yo.

  • Kapab gen kèk leson anrichisan pou nou aprann si nou chèche etidye pou ki rezon pèp Nazarèt la p at aksepte Jezikri kòm Mesi pwofèt yo te pwofetize a. Yon fason pou fè sa se ta konpare atitid yo avèk atitid vèv Sarepta a ak Naaman nan Ansyen Testaman an. Ou gen dwa kontakte kèk manm klas alavans, pou mande yo pou yo vini tou prepare pou yo rezime chak nan istwa sa yo (gade 1 Wa 17:8–24; 2 Wa 5:1–17; Lik 4:16–30). Kisa istwa sa yo anseye nou konsènan mirak ak konsènan fason pou nou reponn sèvitè Bondye yo? Èske manm klas yo wè kèk mesaj pou manm Legliz yo jodia nan pawòl Sovè a te di pèp Nazarèt la?

Matye 4:18–22; Lik 5:1–11

Angajman pou suiv Jezikri a vledi aksepte volonte l epi bliye pa nou.

  • Kèk fwa, direksyon Senyè a banou an pa fè sans pou kòmanse. Manm klas yo ta ka gade nan Lik 5:1–11, pou yo chèche sa Sovè a te mande Pyè ak poukisa Pyè te doute enstriksyon l yo. Kòman eksperyans sa a ta ka afekte jan Pyè konsidere Sovè a ak tèt pa l? Ou gen dwa envite manm nan klas yo pou yo pataje eksperyans kote yo te demontre lafwa yo nan enspirasyon divin malgre ke yo pa t totalman konprann. Ki rezilta yo te jwenn lè yo te egzèse lafwa a?

    Imaj
    Jezikri kap rele Pyè ak Andre bò lanmè a

    “Suiv mwen, epi m ap fè nou tounen pechè lèzòm” (Matye 4:19

  • Menmjan pechè pwason yo te “abandone tout bagay” pou yo te suiv Jezikri a (Lik 5:11), gen bagay nou dwe abandone pou nou vin disip li. Kisa Matye 4:18–22 vle di konsènan atitid ak lafwa Pyè, Andre, Jak ak Jan? Li ta ka bon pou w ta pote yon filè pwason nan klas la epi envite manm yo pou yo ekri bagay yo ta renmen abandone oubyen bagay yo deja abandone pou yo suiv Jezikri, epi pou yo mete yo nan filè a. Panse pou w ta envite kèk manm nan klas la pou yo rakonte kijan lavi yo te chanje lè yo te chwazi abandone tout bagay pou yo te suiv Sovè a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou enspire manm klas yo pou yo li Jan 2–4 pandan semèn k ap vini an, ou gen dwa mande yo pou yo medite sou kisa yo panse “nedenouvo" vledi.” Di yo ke lekti semèn pwochèn nan pral ede yo reponn kesyon sa a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Matye 4; Lik 4–5

Jezi se Mesi a.

“Jezi deklare li se Mesi a” (video, LDS.org)

Kalite tantasyon.

Lè l te fin pale sou kalite tantasyon Sovè a te sibi nan dezè a, Prezidan David O. McKay te anseye:

“Chak tantasyon oumenm avèk mwen jwenn vini sou twa fòm:

“(1) Yon tantasyon sou apeti oubyen pasyon;

“(2) Yon sede anba lògèy, lamòd, oubyen vanite;

“(3) Yon anvi pou posede richès oubyen pouvwa ak dominasyon sou propriyete (tè) oswa sou byen materyèl lèzòm” (Enseignements des présidents de l'église: David O. McKay [2003], 82).

Pandan l t ap pale de eksperyans Jezikri a nan Matye 4 la, Èldè Jeffrey R. Holland te anseye:

“‘Si w se Pitit Bondye, kòmande wòch sa yo pou yo tounen pen.’ …

“Tantasyon an se pa t nan manje a. … Tantasyon an, omwen pati m ta renmen souliyen an, sete pou l te fè l nan fason sa a, pou l te jwenn pen li—satisfaksyon fizik li, satisfè apeti kò li—nan fason ki fasil la, nan abize pouvwa li e san volonte pou l tann moman apwopriye a ak fason apwopriye a. …

“‘Si w se Pitit Bondye, lage kò w anba' soti sou tèt tanp sa a. …

“Tantasyon sa a pi anbachal toujou pase premye a. Se yon tantasyon lespri, yon tantasyon grangou alenteryè ki pi reyèl pase bezwen pen an. Èske Bondye t ap sovè l? … Poukisa pou l pa ta jwenn yon konfimasyon espirityèl, jwenn yon kongregasyon lwayal, epi reponn mètdam sa a ki t ap anbete l la—tout sa pa yon senp apèl a puisans Bondye? …

“Men, Jezikri te refize tantasyon lespri sa a. Refi ak kontwòl tèt fè pati preparasyon divin tou. … Menm Pitit Gason Bondye a oblije tann. Se sèten ke Redanmtè a, ki pa t ap janm bay lòt moun yon gras bonmache, pa t ap mande sa pou tèt pa l tou. …

“… ‘M ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete w ajenou devan m pou w adore m.’

“Satan … [mande], ‘Ki pri w mande? Ou reziste anba pen bon mache a. Ou reziste anba mizansèn Mesyanik la, men, okenn moun pa ka reziste devan richès mond sa a. Di m ki pri ou.’ Satan aji an fonksyon premye atik enfidelite lafwa l la—kwayans fèm ke nou ka achete tout bagay nan mond la avèk lajan.

“Yon jou, Jesus pral gouvène mond la. Li pral gouvène tout prensipote ak pouvwa ki ladan l. Li pral Wa tout wa yo ak Senyè tout Senyè yo.. Men, pa nan fason sa a” (“The Inconvenient Messiah,” Ensign, Fev. 1984, 68–71).

Amelyore ansèyman nou

Remèsye elèv ou yo. “Pa plonje tèt ou sitèlman nan leson an ke w bliye remèsye elèv ou yo pou patisipasyon yo. Yo bezwen konnen ke w apresye volonte yo pou yo pataje ide yo ak temwayaj yo” (Anseye nan fason Sovè a, 33).