Nouvo Testaman 2023
9–15 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: “M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs”


“9–15 Oktòb. Filipyen; Kolosyen: ‘M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“9–15 Oktòb. Filipyen; Kolosyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Pòl ki ap dikte yon lèt nan prizon an

9–15 Oktòb

Filipyen; Kolosyen

“M ka fè tout bagay atravè Kris la, ki ban m fòs”

Li Filipyen ak Kolosyen, , pandan w ap panse a timoun w ap anseye yo. Chèche enspirasyon sou fason pou w anseye yo prensip ki nan epit sa yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo kisa yo te fè nan semèn ki sot pase an pou yo aji sou yon bagay yo te aprann nan kou semèn pase a. Pa egzanp, kijan yo te lonje men ba yon moun ki te bezwen yon zanmi?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Filipyen 1:3–4; Kolosyen 1:3,9

Dirijan legliz yo renmen m epi yo priye pou mwen.

Pòl te kòmanse epit li yo souvan pandan l tap eksprime lanmou pou manm Legliz la epi di yo ke l tap priye pou yo. Reflechi sou kijan w ka ede timoun yo konprann ke dirijan Legliz la renmen yo.

Aktivite posib

  • Li Filipyen 1:3–4 epi Kolosyen 1:3,9 fò, epi mande yo pou yo kwaze bra yo epi bese tèt yo chak fwa yo tande mo priye, priye, ak lapriyè. Eksplike yo ke Apot Pòl te priye pou manm Legliz la, menm jan dirijan nou yo nan Legliz la priye pou nou jodi a.

  • Montre yon foto Jezikri, epi li kèk vèsè ekriti ki dekri Limenki ap priye pou yon moun (pa egzanp, Lik 22:32; 3 Nefi 19:21,23). Kisa Jezi te mande pou yo lè l te priye pou lòt yo?

  • Ede timoun yo site kèk nan dirijan Legliz la, tankou Prezidant Primè a, evèk la, ak Prezidan Legliz la. Di yo ke dirijan sa yo mande Pè Selès la pou l beni timoun yo epi ede yo viv nan ladwati. Panse pou w di yo kisa w di lè w priye pou yo.

Filipyen 4:4,8

M ka rejwi nan Senyè a.

Pòl te ankouraje Sen yo pou yo te rejwi—menmsi yo t ap travèse eprèv difisil epi Pòl limenm te nan prizon. Kijan w ka ede timoun yo wè ke viv levanjil la pote lajwa?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo koute si yon mo repete pandan w ap li Filipyen 4:4la. Mande yo pou yo montre w kisa yo fè lè y ap priye. Di timoun yo poukisa ou “rejwi nan Senyè a”—poukisa ou santi w kontan poutèt Jezikri. Envite timoun yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo Jezikri.

  • Montre objè oubyen foto ki reprezante bagay diferan ki ede w “rejwi nan Senyè a” (Filipyen 4:4), tankou kreyasyon L, yon tanp, Rezireksyon L, oubyen on fanmi. Fè yo pran tou pa yo chak pou chwazi yon foto oubyen yon objè, epi apresa di yo poukisa li fè w kontan. Envite yo pou yo pataje sa k ede yo rejwi nan Senyè a.

  • Li Filipyen 4:8 ansanm, epi ede yo panse sou bagay ki koresponn avèk deskripsyon yo nan vèsè a (gade Atik lafwa 1:13). Envite yo pou yo fè desen sou istwa a.

Kolosyen 1:23; 2:6–7

Lafwa m dwe “anrasinen” nan Jezikri.

Si timoun yo ka bati lavi yo ak lafwa yo sou Sovè a, y ap kapab reziste anba tanpèt lavi yo.

Aktivite Posib

  • Montre foto yon pyebwa ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pandan w ap li fraz kle ki nan Kolosyen 1:23; 2:6–7 (Oubyen Montre Videyo “Spiritual Whirlwinds” sou ChurchofJesusChrist.org). Kisa k t ap rive pyebwa sa a si tanpèt la te vini epi l pa t gen rasin ki te solid? Fè timoun yo leve epi pou yo pretann yon se yon pyebwa ki gen rasi n fèb ki nan yon tanpè epi apresa yon pyebwa ki gen rasin solid. Temwaye ke lafwa nan Sovè a ka ede nou vin menmjan ak yon pyebwa ak rasin solid. Apresa nou ka reziste “tanpèt“ spirityèl tankou tantasyon ak peryòd difisil.

  • Envite yon timoun pou desine yon pyebwa sou tablo a. Mande timoun yo pou yo site kèk bagay yo kapab fè pou yo ka “anrasinen“ nan Jezikri. Chak fwa youn di yon bagay, envite l pou l ajoute yon rasin nan desen an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Filipyen 4:4-13

Si m gen lafwa nan Jezikri, m ka gen kè kontan menm nan moman difisil yo.

Pòl te travèse anpil eprèv, men li te kontan paske l te gen lafwa nan Jezikri.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo imajine yo nan prizon, menmjan Pòl te nan prizon lè l te ekri Epit li te voye bay Filipyen yo. Li Filipyen 4:4–13 avèk yo epi mande yo pou yo chèche mo sa yo: rejwi, lapè, kontan. Poukisa Pòl te kapab rejwi e santi lapè menm nan prizon an? Ede timoun yo jwenn mo “Senyè,” “Bondye,” ak “Kris” ki nan vèsè yo. Ede yo konprann ke lafwa Pòl te genyen nan Jezikri a te rann posib pou l te rejwi.

  • Envite timoun yo pou yo ede w konplete fraz tankou sa a: “M ka nan fènwa epi toujou wè si m gen yon . M ka deyò nan yon jounen byen cho epi m toujou santi m fre si m gen yon . M ka gen moman difisil e toujou jwenn lajwa si m .” Kisa Filipyen 4:4-13 sikjere nou ka fè pou nou jwenn lajwa? Envite timoun yo pataje kèk kantik oubyen kèk ekriti konsènan Jezikri ki ka ede yo santi lajwa pandan moman difisil.

Filipyen 4:8

M ka panse a bagay ki vrè, ki onèt , epi pwòp.

Timoun yo souvan ekspoze anba bagay ki mal e ki pa pwòp. Ou ka ede yo chèche sa ki edifyan e ki vètye.

Aktivite posib

  • Mande yon timoun pou l li Filipyen 4:8 a wot vwa pandan lòt yo ap chèche mo nan Atik Lafwa 1:13 la ki sanble avèk yo. Envite youn pou ekri mo sa yo sou tablo a. Mande timoun yo kisa pawòl yo vle di, e ede yo defini yo si nesesè. Poukisa nou dwe “panse” sou bagay sa yo? Ki fason nou ka chèche apre bagay sa yo?

  • Mande yo pou yo site kèk bagay ki koresponn avèk deskripsyon ki nan Filipyen 4:8yo. Envite yo pou yo fè yon lis semèn sa a sou nenpòt sa yo remake ki koresponn avèk deskripsyon sa yo. Ankouraje yo pou yo pote lis yo fè a nan Primè a semèn pwochèn epi pataje sa yo jwenn.

Kolosyen 1:23; 2:6–7

Lafwa m dwe “anrasinen” nan Jezikri.

Satan ap eseye febli lafwa nou avèk tantasyon ak fos doktrin. Kijan w ka enspire timoun yo pou yo fòtifye lafwa yo nan Sovè a pou yo “pa pèdi esperans levanjil la”? (Kolosyen 1:23).

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo fè desen sou bagay ki reprezante verite yo jwenn nan Kolosyen 1:23; 2:6–7yo. Fè yo pataje foto yo avèk klas la epi eksplike verite foto sa yo reprezante yo.

  • Pase videyo “Spiritual Whirlwinds” la. Ki tantasyon ak fos doktrin nan mond lan jodi a ki ka febli lafwa nou. Ankouraje timoun yo ekri yon bagay yo ka fè pou yo fòtifye lafwa yo pou yo ka “anrasinen” (Kolosyen 2:7) nan Jezikri. Mande yo pou yo afiche bagay sa a on kote yo ka wè l chak jou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo sa yo te aprann konsènan Kris la. Yo ka itilze paj aktivite semèn sa a oubyen yon ekriti yo li pandan klas la jodi a.

Amelyore ansèyman nou

Timoun yo plen kiryozite epi yo aprann atravè nouvo eksperyans varye. Itilize aktivite sa yo pou ede yo bouje, itilize tout sans yo, eksplore, ak eseye nouvo bagay. Sigjesyon nan “Satisfè bezwen timoun piti yo“ ki nan kòmansman manyèl sa a ka ede tou. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 25–26.)