Nouvo Testaman 2023
25 Septanm–1 Oktòb. Galat: “Mache Selon Lespri a”


25 Septanm–1 Oktòb. Galat: ‘Mache Selon Lespri a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

25 Septanm–1 Oktòb. Galat,” Vini Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Kris la parèt devan Pòl nan prizon

Sovè resisite a te vizite Pòl nan prizon (gade Travay 23:11). Jezikri ka libere nou anba “jouk esklavaj” (Galat 5:1).

25 Septanm–1 Oktòb.

Galat

“Mache Selon Lespri a”

Pandan w ap li Galat la, ki enpresyon w resevwa sou sa timoun nan klas ou yo bezwen aprann?

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Bay timoun yo kèlke minit pou yo desine yon bagay yo te aprann nan yon diskisyon anvan sa apwopo levanjil la lakay yo oubyen nan legliz la. Kite klas la devine kisa chak desen reprezante.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Galat 5:22–23

Sentespri a ede m santi lanmou, lajwa, ak lapè.

Timoun piti yo ka rekonèt fwi Lespri yo. Sa ap prepare yo pou yo chèche enfliyans Sentespri a pandan tout lavi yo.

Aktivite posib

  • Montre oubyen afiche foto plizyè kalite fwi, epi mande timoun yo pou yo dekri ki gou chak fwi yo genyen. Eksplike ke menmjan fwi yo gen gou diferan an, se konsa tou nou ka santi Sentespri a nan fason diferan, tankou lanmou ak lapè. Dekri kèk fason w konn santi Sentespri a nan lavi w, epi fè timoun yo di kijan yo konn santi Sentespri a.

Imaj
pòm sou yon pyebwa

Timoun tout laj ka rekonèt “fwi Lespri yo.”

  • Li Galat 5:22–23 avèk yo, epi eksplike yo mo ki pa familye pou yo yo. Envite chak timoun pou chwazi yon fwi Lespri yo mansyone nan vèsè sa yo, epi ede yo panse a yon lè kote yo te fè eksperyans avèk li. Envite yo pou yo fè desen senp sou eksperyans yo a.

Galat 6:2

Jezikri vle m ede moun ki nan bezwen.

Enstriksyon ki nan Galat 6:2 a sanble avèk ansèyman Alma a ki nan Mozya 18:8 la pou moun ki ta pral batize yo. Pwofite okazyon sa a pou ede timoun yo prepare yo pou alyans batèm yo.

Aktivite posib

  • Montre foto yon timoun k ap batize (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no.104). Mande timoun yo kisa timoun sa a ap fè a. Eksplike ke lè nou batize, nou fè alyans, oubyen pwomès. Li Galat 6:2 oubyen Mozya 18:8 pou ede yo aprnan youn nan bagay nou pwomèt pou n fè yo: pou youn pote fado lòt. Envite yo pou yo fè desen sou fason yo ka ede lòt moun k ap pote fado.

  • Li fraz sa a nan Galat 6:2a pou yo: “Se pou youn pote fado lòt.” Pou ilistre kisa sa vledi, bay yon timoun yon bagay lou pou l pote. Apresa mande yon volontè pou ede l pote bagay la. Eksplike timoun yo ke gen anpil bagay ki ka parèt tankou fado, tankou maladi, tristès oubyen solitid. Kisa nou ta ka fè pou ede yon moun ki gen kalite fado sa a?

Galat 6:7–9

Aksyon nou, ni bon ni move, gen konsekans.

Nan anseye ke nou rekòlte sa nou simen an, jan yo eksplike nan Galat 6:7–9la, ou ka anseye timoun yo pou yo konsidere konsekans aksyon yo.

Aktivite posib

  • Montre yon semans ak yon legim. Li Galat 6:7–9 pou timoun yo. Mande yo pou yo fè sanblan y ap plante yon semans lè yo tande mo simenan. Mande yo pou yo pretann y ap rekòlte yon vejetab nan yon plant lè yo tande mo rekòltea.

  • Montre timoun yo plizyè kalite vejetab, epi ede yo jwenn semans nan chak. Mete semans yo nan yon resipyan, epi fè timoun yo pran tou pa yo pou yo di ki vejetab k ap grandi si yo plante l. Ede yo konprann ke menmjan semans nou plante yo detèmine ki vejetab nou genyen, chwa nou fè yo detèmine konsekans ak benediksyon nou resevwa alafen.

  • Trase yon liy atè a avèk riban adezif. Mete yon vizaj souriyan ak yon vizaj tris nan de pwent liy nan. Envite yon timoun pou l kanpe nan mitan liy nan epi fè lòt yo di chwa ki mennen nan bonè oubyen nan tristès. Pou chak chwa, mande timoun nan mitan an pou l avanse sou kote souriyan an oubyen sou kote tris la. Repete aktivite a plizyè fwa, epi kite lòt timoun yo pran tou pa yo kanpe sou liy nan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Galat 3:27–28

Lè nou batize, sa fè nou vin fè “youn nan Kris la.”

Pòl te anseye Sen nan Galat yo ke lè yo te batize yo te vin fè “youn nan Kris la.” Kijan w ka ede timoun yo chèche gen inite yo dekri nan Galat 3:26–28la?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Galat 3:26–28 avèk kesyon sa a nan lespri yo: Kisa k pase lè m batize? Ou ta gen dwa konsantre sou fraz tankou “mete Kris la sou nou” oswa “fè youn nan Kris la.” Kisa fraz sa yo gendwa vledi? Kijan “mete Kris la sou nou” sanble avèk pran non L sou tèt nou? (gade Dokrtin ak Alyans 20: 75–79). Kisa nou ka fè pou nou montre lòt moun ke nou pran non L sou tèt nou?

  • Li ansanm Galat 3:28, epi chèche wè kèk fason moun yo te idantifye tèt yo lè yo te batize nan epòk Pòl la. Ede timoun yo site kèk fason yo idantifye tèt yo jodia. Kisa Pòl ap eseye anseye nou sou fason nou youn ta dwe wè lòt lè nou batize?

Galat 5:16, 22–23

Si m “mache selon Lespri a,” m ap resevwa “fwi Lespri a.”

Lè nou batize epi nou resevwa don Sentespri a, nou ka resevwa fwi Lespri a pi plis nan lavi nou. Kijan w kapab ede timoun yo rekonèt fwi sa a nan lavi yo?

Aktivite Posib

  • Bay chak timoun yon moso papye (ou gen dwa koupe papye a an fòm yon fwi), epi mande yo pou yo chèche yon “fwi Lespri a” nan Galat 5:22–23a. Envite yo pou yo ekri youn nan fwi yo sou yon bò papye yo a ak yon mo ki vledi opoze a sou lòt bò a. (Ede yo konprann mo ki pa familye pou yo yo.) Envite yo pou yo pataje fwi yo avèk klas la. Kisa nou ka fè pou nou gen Sentespri a avèk nou tout tan?

  • Envite timoun yo pou yo li osijè fwi Lespri a nan Galat 5:22–23 epi ekri oubyen desine yon foto sou yon lè kote yo te santi youn nan fwi sa yo. Mande yo pou yo pataje istwa yo a oubyen foto yo a avèk yon lòt moun nan klas la. Poukisa fwi a se yon bon fason pou ede nou konprann kijan Lespri a enfliyanse nou?

Galat 6:7–9

Aksyon nou, ni bon ni move, gen konsekans.

Ede timoun yo konprann ke konsekans pou konpòtman yo vini imedyatman pafwa epi gen lòt fwa yo vini “nan tan konvnab” la (vèsè 9).

Aktivite posib

  • Li Galat 6:7–9ansanm. Bay yon lis aksyon (oubyen semans nou ka “simen”) ak konsekans (oubyen fwi nou ka “rekòlte”). Mande timoun yo pou yo fè aksyon yo matche avèk konsekans yo.

  • Envite yo pou yo fè lis benediksyon yo espere resevwa nan men Pè Selès la. Ede yo panse avèk ”semans” yo dwe simen pou yo ka “rekòlte“ benediksyon sa yo.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo chèche fason verite yo aprann yo jodia aplike nan lavi chak jou yo. Paregzanp, ou ta gen dwa envite yo pou yo chèche idantifye bon konsekans, oubyen “fwi,” ki vini gras ak bon desizyon yo pran.

Amelyore ansèyman nou

Modifye aktivite yo selon laj timoun yo. Bay timoun yo opòtinite pou yo patisipe, men sonje ke kapasite yo pou fè sa ap varye selon laj yo ak matirite yo. Timoun ki pi piti yo ka bezwen plis gidans ak direksyon. Pandan y ap grandi, yo ka vin plis patisipe epi yo ka plis vin kapab pataje sa yo panse. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 25–26).