Nouvo Testaman 2023
16–22 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: “Pèfeksyone Sa Ki Manke nan Lafwa W”


“16–22 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen: ‘Pèfeksyone Sa Ki Manke nan Lafwa W,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2021)

“16–22 Oktòb. 1 ak 2 Tesalonisyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
sè misyonè ki ap pale avèk yon jenòm

16–22 Oktòb

1 ak 2 Tesalonisyen

“Pèfeksyone Sa Ki Manke nan Lafwa W”

Pandan w ap li 1 ak 2 Tesalonisyen an nan lapriyè, avèk timoun yo nan lespri w, w ap jwenn prensip yo bezwen konprann.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Nan leson semèn pase a, èske w te envite timoun yo pou yo aplike sa yo te aprann yo? Kite timoun yo itilize premye minit klas semèn sa a pou pataje eksperyans yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

1 Tesalonisyen 5:1–6

Si m suiv kòmandman yo, m ap pare pou Dezyèm Vini Jezikri a.

Nou pa konnen kilè Sovè a ap retounen sou tè a. Men nou ka veye L epi prepare nou pou vini L ap vini an.

Aktivite Posib

  • Envite yon manman pou l pataje byenvit kijan sa te ye pou li lè l t ap tann ti bebe l la fèt. Li 1 Tesalonisyen 5:2–3, epi di timoun yo Jezikri ap vin sou tè a ankò, men okenn moun pa konnen egzakteman kilè—menmjan yon manman pa konnen egzakteman kilè tibebe l la ap fèt.

  • Mande timoun yo pou yo pale de yon moman kote yo te prepare yo pou yon vwayaj oubyen yon evenman. Kisa yo te fè pou yo te prepare? Pote yon valiz oubyen yon sak, epi fè timoun yo pretann ke y ap ranje l pou yo kapab pare pou yon vwayaj. Pou chak bagay y ap pretann ke yo mete nan valiz la, ede timoun yo reflechi sou yon fason nou ka prepare nou pou lè Jezikri tounen ankò.

  • Li 1 Tesalonisyen 5:6 pou timoun yo epi eksplike ke si nou pa prepare pou retou Jezi a, se tankou dòmi pran nou epi nou pa pare pou li. Envite yo pou yo fè tankou y ap dòmi. Eksplike ke si nou prepare, se kòmsi nou reveye epi n ap tann Li. Envite yo pou yo reveye.

  • Chante ansanm yon kantik sou Dezyèm Vini an tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les Enfants, 46–47).

2 Tesalonisyen 2:1–3

Pòl te anseye gen yon apostazi ki t ap rive anvan Jezikri retounen.

Legliz Jezikri te etabli a te fini pa tonbe nan apostazi, sa ki vle di otorite prètriz la ak verite levanjil yo te vin pa sou tè a ankò. Pòl te pwofetize ke apostazi sa a, oubyen “efondreman” sa a t ap rive anvan Dezyèm Vini Sovè a.

Aktivite posib

  • Lè w fin li 2 Tesalonisyen 2:3 a avèk timoun yo, bati yon tou avèk gode oubyen blòk an plastik. Di timoun yo ke gode yo oubyen blòk yo reprezante kèk pati enpòtan nan vrè Legliz la, tankou verite ki nan levanjil la, prètriz la, sèlman nan tanp, ak pwofèt. Apre Pòl ak lòt Apot yo te fin mouri, bagay sa yo te pèdi, epi vrè Legliz la pa t sou tè a pandan anpil ane. Envite yon timoun pou l chavire tou a epi eksplike ke sa te rele Apostazi a oubyen “efondreman.” Lè Jezikri te mennen Legliz Li a tounen, sa te rele Retablisman.

  • Montre yon Liv Mòmon ak foto pwofèt la ak yon tanp. Envite timoun yo pou yo di “Apostazi” lè w kache bagay yo nan yon sache ak “Retablisman” lè w mete yo deyò ankò.

  • Chante kantik ki anseye ke gen verite ki te anlve pandan Apostazi a eki te retabli nan epòk pa nou an, tankou “L église de Jésus-Christ,” “La Prêtrise rétablie,” ak “Oh, j aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 48, 60, 99).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

1 Tesalonisyen 5:1–6

Si m respekte kòmandman Bondye bay yo, m ap pare pou Dezyèm Vini Jezikri a.

Konsèy Pòl la ka ede nou pou nou pare epi pou nou veye gran jou sa a lè Sovè a ap vin sou tè a ankò a.

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l li 1 Tesalonisyen 5:1–6 pandan lòt timoun yo ap suiv. Apre chak vèsè, mande yon timoun pou l rezime sa l panse vèsè a di. Ou gen dwa eksplike yo ke “jou Senyè a” vle di Dezyèm Vini Jezikri a. Poukisa yo konpare Dezyèm Vini an avèk yon vòlè lannuit oubyen yon fi ki pral akouche yon ti bebe?

  • Di timoun yo pou yo imajine ke Sovè a pral vizite klas ou a jodi a. Kijan nou ka prepare nou pou vizit Li a? Ede timoun yo panse a sa nou ka fè pou nou prepare tèt nou pou jou Jezikri ap retounen an. Pa egzanp, nou ka repanti, padone, amelyore relasyon nou avèk fanmi nou, suiv pwofèt la, chèche gen enfliyans Sentespri a, ak respekte alyans nou yo. Ankouraje timoun yo pou yo chwazi yon bagay yo pral fè pou yo prepare tèt yo pou yo resevwa Sovè a lè L vini.

2 Tesalonisyen 2:1–3

Pòl te anseye ke yon apostazi t ap gen pou rive anvan Jezikri retounen.

Si timoun yo konprann ke Legliz Jezikri a ak levanjil Li a pa t sou tè a pandan Gran Apostazi a, nesesite Retablisman an ap vin pi klè pou yo.

Aktivite posib

  • Envite youn nan timoun yo pou l li 2 Tesalonisyen 2:1–3. Selon vèsè sa yo, kisa ki te dwe rive anvan “jou Kris la,” ki vle di Dezyèm Vini an? Kisa ekspresyon “efondremani” an vle di? Asire w ke timoun yo konprann kisa Gran Apostazi, ki te rive apre lanmò tout Apot Sovè a, vle di Ou ta kapab vle pataje enfòmasyon ki nan “Apostazi” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

  • Ede timoun yo mete sou tablo a lis kèk nan verite ak benediksyon nou jwi akozde levanjil la. Efase bagay sa yo youn apre lòt, epi mande timoun yo ki kisa ki t ap diferan nan lavi yo si bagay sa yo pa t la. Eksplike ke verite sa yo te pèdi pandan Gran Apostazi a. Poukisa li enpòtan pou Legliz Jezikri a te retabli sou tè a nan dènye jou yo? Envite timoun yo pou yo “retabli” oubyen reekri verite yo ak benediksyon yo sou tablo a.

2 Tesalonisyen 3:7–13

Pè Selès la vle m travay.

Kijan w ka ede timoun yo wè travay kòm yon benediksyon , se pa yon bagay pou yo evite?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo chak li vèsè ki nan 2 Tesalonisyen 3:7–13 yo lè tou pa yo rive epi pou yo chèche wè ki pwoblèm Sen yo te rankontre. Poukisa Pè Selès la vle pou nou travay? Kisa ki tap rive si nou pa t janm aprann travay di? Fè chak timoun yo mime kèk kòve senp lè tou pa yo rive pandan lòt yo ap devine kisa y ap fè.

  • Envite timoun yo pou yo pale de yon okazyon kote yo te travay di pou akonpli yon tach, yon pwojè, oubyen yon objektif. Kijan yo te santi yo lè yo te fini? Kisa “pa bouke fè byen” vledi? (2 Tesalonisyen 3:13). Kisa ki ap ede nou kontinye lè travay la parèt difisil?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo di yon manm fanmi oubyen yon zanmi yon rezon ki fè yo rekonesan poutèt nou gen levanjil la sou tè a jodi a (paj aktivite semèn sa a kapab ba yo ide).

Amelyore Ansèyman Nou

Sipòte paran timoun yo. “Paran yo se enstriktè levanjil ki pi enpòtan pou pitit yo—yo gen responsablite prensipal ak pi gwo pouvwa pou enfliyanse pitit yo (gade nan Detewonòm 6:6–7). Lè w ap anseye timoun nan legliz la, se pou w priye pandan w ap chèche fason pou soutni paran yo nan wòl esansyèl yo a.” (Anseye nan Fason Sovè a25).