Nouvo Testaman 2023
2–8 Oktòb. Efezyen: “Pou Pèfeksyonman Sen yo”


“2–8 Oktòb. Efezyen “Pou Pèfeksyonman Sen yo’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“2–8 Oktòb. Efezyen,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
yon fanmi k ap gade foto

2–8 Oktòb.

Efezyen

“Pou Pèfeksyonman Sen yo”

Pandan w ap etidye Epit pou Efezyenan, panse sou ki prensip ou ta ka mete aksan pou byen timoun w ap anseye yo. Ekri tout ide ki vin nan lespri w pandan w ap li a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo kanpe an ran. Kòmanse devan ran an, bay chak timoun yon chans pou pataje yon bagay li te aprann resamman osijè levanjil la pandan etid ekriti familyal, nan Primè, oswa yon lòt kote.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Efezyen 2:19

Manm Legliz yo dwe se zanmi ak “konsitwayen.”

Èske timoun nan klas ou yo plis tankou “etranje” oubyen “konsitwayen” youn pou lòt oubyen avèk lòt manm nan pawas la. Ede yo konprann byenke nou gen diferans, Sovè a ede nou ini e Li ede youn renmen lòt.

Aktivite posib

  • Mete yon foto Sovè a nan mitan sal la. Envite timoun yo pou yo kanpe nan diferant pati nan sal la pou reprezante “etranje.” Ede yo konprann ke mo sa a vledi moun nou poko konnen. Pandan w ap li Efezyen 2:19la, envite yo pou yo pwoche bò foto Kris la jiskaske yo kanpe tou pre ansanm. Di yo lè nou vin pi pre Sovè a, nou ka vin ini avèk lòt antanke zanmi ak “konsitwayen”.

  • Chèche foto timoun nan diferant pati nan mond lan, epi kache yo nan tout sal la. Mete yon foto Sovè a devan sal la. Envite klas la pou yo mete yo de pa de tankou misyonè epi pou yo chèche foto yon “etranje” pou yo mete tou pre foto Sovè a. Ede yo konprann ke lè moun yo batize, yo vin fè pati fanmi Legliz nou, oubyen “moun kay Bondye.” Kijan nou ka ede yon moun ki nouvo santi l byenveni?

Efezyen 6: 1-3

Pè Selès la vle m obeyi paran m.

Pandan w ap li Efezyen 6:1–3la, panse a fason ou ka ede timoun yo konprann poukisa l enpòtan pou yo obeyi paran yo.

Aktivite posib

  • Li Efezyen 6:1 pou klas la, oubyen ede youn nan timoun yo pou li l. Mande yo pou yo mime kèk moman kote yo te obeyi paran yo. Mande yo pou yo rakonte kijan yo te beni paske yo te obeyi a ak kijan yo te santi yo lè yo te obeyi. Poukisa li enpòtan pou n obeyi paran nou?

  • Chante ansanm yon kantik sou obeyisans, tankou “Je veux obéir” (Chants pour les enfants, 71). Fè chak timoun pran tou pou site yon bagay paran yo te mande yo pou yo te fè, epi envite yo pou yo pretann ke y ap fè bagay sa a.

  • Montre foto Jezikri k ap batize (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 35), epi di yo kijan Sovè a te obeyi Pè Selès la pou l te batize (gade 2 Nefi 31:6–7). Pataje yon eksperyans kote w te obeyi paran w epi ou te beni. Poukisa Pè Selès la vle pou nou obeyi paran nou?

Efezyen 6:10–18

Zam Bondye yo pwoteje m kont mal.

Kijan w ap ede timoun yo konprann ke fè bagay ki byen se tankou mete yon boukliye?

Aktivite posib

  • Montre foto yon moun ki abiye avèk boukliye tankou sa ki nan paj aktivite semèn sa a oubyen nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Pandan w ap rezime Efezyen 6:10–18la, montre timoun yo kijan diferant pati nan boukliye a pwoteje diferant pati nan kò a. (Gade “Toutes les armes de Dieu,” L Ami, Jen 2016, 24–25.)

  • Pote plizyè bagay nan klas la ki ka reprezante pati boukliye yo mansyone nan Efezyen 6:14–17 la (paregzanp, yon chapo oubyen yon tabliye), oubyen fè senp pati nan papye. Fè timoun yo pran tan pou yo mete ”boukliye” a. Ede yo konprann kijan nou mete zàm Bondye a sou nou (paregzanp, nan etidye ekriti yo, sèvi lòt moun, priye, obeyi, eksetera). Diskite kijan lè nou fè bagay sa yo, sa pwoteje nou kont mal.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Efèz 2:13–19

Nou se “konsitwayen” nan kay Bondye a.

Timoun yo ap fòtifye lè yo gen bon zanmi nan levanjil la. Kijan w ka ede yo devlope pi bon amitye youn ak lòt?

Imaj
Aktivite Primè

Nou se “konsitwayen” avèk Sen Bondye yo.

Aktivite posib

  • Li Efezyen 2:19 ansanm, epi diskite sou kisa sa vledi pou nou se yon etranje. Pataje yon eksperyans kote w te santi w tankou yon etranje epi yon moun te ede w santi w byenveni e aksepte. Envite yo pou yo pataje menm kalite eksperyans yo. Kisa nou ka fè pou nou vin “konsitwayen” olye nou se etranje? Èske gen timoun nan klas ou a ki pa vini souvan, petèt paske yo santi yo tankou etranje? Ede timoun yo prepare yon plan pou ede manm sa yo santi yo byenveni epi nou renmen yo.

  • Pou ede timoun w ap anseye yo rapwoche yo youn ak lòt, ekri kèk kesyon sou tablo a ki ap fè yo pataje yon bagay osijè tèt yo, tankou Kilè yo te jwenn yon repons pou yo priyè? oubyen Kisa w pi renmen fè avèk fanmi w? Divize yo de pa de, epi envite yo pou yo chak poze lòt kesyon sa yo. Kisa yo te aprann youn osijè lòt?

Efezyen 6:1-3

Pè Selès la vle m obeyi paran m e onore yo.

Panse sou fason w ka ede timoun yo konprann poukisa li enpòtan pou yo obeyi paran yo.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Efezyen 6:1–3 pèsonèlman epi idantifye fraz ki atire atansyon yo. Mande yo pou yo pataje fraz sa yo epi pou yo di poukisa yo enpòtan.

  • Envite yo pou yo pataje kèk egzanp sou moun nan ekriti yo ki te obeyi ak onore paran yo, tankou Sovè a (gade Lik 2:42–52), Rit (gade Rit 1), oubyen Nefi (gade 1 Nefi 3:1–8). Poukisa li enpòtan pou nou obeyi ak onore paran nou?

  • Bay chak timoun yon moso papye ki gen mo onore a nan tèt li. Diskite sou siyifikasyon mo a. Envite yo pou yo ekri oubyen desine sou papye yo a yon bagay yo ka fè pou montre yo onore paran yo.

Efèz 6:10–18

Zam Bondye yo pwoteje m kont mal.

Pandan w ap li Efezyen 6:10–18, panse a kèk danje spirityèl timoun yo fè fas ak sou fason ou ka ede fòtifye yo kont danje sa yo.

Aktivite posib

  • Pandan yon timoun ap li Efezyen 6:10–18la, mande yon lòt pou l fè lis oubyen desine pati nan boukliye a ke yo mansyone yo sou tablo a. Poukisa boukliye enpòtan nan yon batay? Kijan nou ka mete boukliye espirityèl sou nou chak jou?

  • Bay chak timoun tach pou yo desine epi mete etikèt sou yon pyès nan boukliye a yo dekri nan Efezyen 6:14–17la. Kijan pati sa yo nan boukliye a pwoteje nou kont mal? Kisa Senyè a pwomèt moun ki abiye ak zàm Bondye yo? (gade Efezyen 6:13). Kisa sa vle di “reziste nan move jou yo”?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo chèche yon moun ki ka santi l tankou yon etranje semèn sa a. Mande yo pou yo fè yon bagay pou lonje lamen bay moun sa a.

Amelyore Ansèyman nou

Ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo. Timoun ki pi piti yo ka aprann nan ekriti yo, men yo bezwen konsantre sou yon sèl vèsè ekriti oubyen menm sou jis yon fraz kle. Ou gen dwa envite yo pou yo kanpe lè yo tande yon mo oubyen yon fraz espesifik. (Gade Anseye nan fason Sovè a,25–26.)