Nouvo Testaman 2023
18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13: “Bondye Renmen Moun Ki Bay Ak Kè Kontan”


“18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13: ‘Bondye Renmen Moun Ki Bay Ak Kè Kontan’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2023)

“18–24 Septanm. 2 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezi k ap pale avèk yon timoun piti

18–24 Septanm.

2 Korentyen 8–13

“Bondye Renmen Moun Ki Bay Ak Kè Kontan”

Pi bon ide w ka genyen pou anseye timoun yo nan klas ou a ap vini lè, nan yon espri lapriy, ou etidye 2 Korentyen 8–13 avèk yo nan lespri ou. Ou ka jwenn ide adisyonèl nan plan leson sa a.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Yon bon mwayen pou w envite patisipasyon timoun yo se raple yo yon bagay ou te mande yo pou yo te fè nan yon leson anvan. Mande yo pou yo pataje eksperyans yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

2 Korentyen 9:6–7

M ka bay moun ki nan bezwen ak kè kontan.

Li toujou bon pou n sèvi lòt moun, men l pi bon toujou si n sèvi ak kè kontan. Reflechi a sa k ka enspire chak timoun pou l “bay ak kè kontan.”

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo repete fraz “Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan” an (2 Korentyen 9:7). Kisa sa vle di pou yon moun “bay ak kè kontan”? Montre foto yon vizaj souriyan ak foto yon vizaj tris epi mande timoun yo kiyès ladan yo ki parèt yon moun ki bay ak kè kontan.

  • Chante ansanm yon kantik sou sèvis, tankou “Nous aidons tous avec joie” (Chants pour les enfants, 108), plizyè fwa. Premye fwa a, mande timoun yo pou yo chante ak lajwa; epi apresa mande yo pou yo chante chan an avèk diferant emosyon oubyen atitid, tankou yo tris, fatige, an kòlè, oubyen yo pè. Raple yo ke Pè Selès la vle nou ede lòt moun ak kè kontan. Apresa chante kantik la ak lajwa ankò.

  • Ede timoun yo fè foto figi souriyan ak figi tris. Mande yo pou yo leve foto yo a anlè lè yo tande mo souri oswa souriyan an pandan y ap chante kantik “Sourires” la (Chants pour les enfants, 128). Yo ka fè menm bagay la avèk foto vizaj tris yo a ansanm avèk mo grimas ak grimasanan. Ede timoun yo idantifye ki figi ki kontan e ki figi ki pa kontan. Eksplike yo yon fason pou yo gen kè kontan epi sèvi lòt moun se souri ak ede lòt moun souri.

  • Planifye yon aktivite pou klas la sèvi yon moun, tankou yon timoun ki pa vin nan Primè oubyen yon manm pawas la oubyen yon vwazen ki nan bezwen. Ou gen dwa planifye pou w vizite lakay moun sa a, ekri nòt janti pou li oubyen fè desen pou li, oubyen prepare yon ti bonbon pou pataje avèk li.

  • Envite chak timoun pou planifye yon aksyon sèvis pou yon manm oswa pou fanmi li ak kè kontan. Nan pwochen klas la, mande yo pou yo pataje sa yo te fè.

2 Korentyen 12:7–10

Pè Selès toujou reponn priyè, men pa toujou nan fason nou atann yo.

Eksperyans Pòl k ap priye pou “pikan ki nan lachè” l la soti a anseye nou ke Bondye pafwa fòtifye nou nan eprèv nou olye ke l retire yo.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon plant ki gen pikan (oubyen foto yon pikan). Ede yo imajine kisa yo t ap santi si yo te gen yon pikan antre nan po yo pandan lontan. Fè rezime 2 Korentyen 12:7–10 la pou timoun yo, pandan w ap eksplike yo ke “pikan nan lachè” Pòl la sete yon eprèv, yon bagay ki te difisil nan lavi li. Malgre Pòl te mande Bondye pou l te retire eprèv la, Bondye pa t retire l. Olyesa, li te anseye Pòl ke difikilte ka ede nou aprann imilite ak konfyans nan Li. Lè sa a Li ka rann nou fò.

  • Temwaye ke Pè Selès la konn sa k pi bon pou nou, epi L ap ba nou sa nou bezwen, menmsi l diferan de sa nou panse nou bezwen. Ou gen dwa pataje yon eksperyans kote priyè ou te jwenn repons nan yon fason oubyen nan yon lè ki te diferan ak sa w te atann nan. Yon istwa tankou “The Diabetes Dilemma (Le dilemne du diabète)” (L Ami, Sept. 2019, 4–5) oswa “Please Bless Ace” (Friend, Nov. 2019, 32–33) kapab ede tou.

  • Chante avèk timoun yo yon kantik sou lanmou Pè Selès la, tankou “La prière d un enfant” (Chants pour les enfants, 6–7). Mande yo kisa yo t ap di yon moun k ap mande tèt li si Pè Selès la koute ak reponn priyè. Chante kantik la ankò, epi fè yo remake pasaj ki dekri fason Pè Selès la santi L osijè noumenm yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

2 Korentyen 9:6–9

M ka bay moun ki nan bezwen ak kè kontan.

Pòl te vle enspire Sen yo pou yo te bay nan abondans yo pou ede pòv yo. Ki fason w ka itilize pawòl li yo pou motive timoun yo pou yo sèvi lòt moun?

Aktivite posib

  • Ekri pawòl sa yo ki nan 2 Korentyen 9:7 yo sou tablo a, avèk mo kle yo an blan. Envite timoun yo pou yo devine mo ki manke yo. Apresa, fè yo li vèsè a nan ekriti yo pou yo ka konplete espas vid yo. Kisa sa vledi pou n bay “avèk kontrent, oubyen pa nesesite”? Kisa sa vle di pou yon moun “bay ak kè kontan”?

  • Envite timoun yo pou yo ede w jwenn foto sou Sovè a k ap sèvi lòt moun (gen plizyè nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo) a. Mande yo kisa yo wè nan foto sa yo ki ede yo konnen Jezi te sèvi lòt moun avèk amou. Fikse bi antanke klas pou nou di wi lè manm fanmi nou oubyen lòt moun mande nou pou n sèvi nan semèn k ap vini an, tankou ede nan kay la oubyen pran swen lòt moun.

  • Ede timoun yo dekore ti wòch. Eksplike yo ke “ti wòch sèvis” yo, yo ka pote yo nan pòch yo semèn sa a pou ede yo sonje pou yo sèvi lòt moun ak kè kontan.

  • Chante ansanm yon kantik sou sèvis, tankou “C est amusant” (Chants pour les enfants, 129). Ede timoun yo panse sou nouvo kouplè nan kantik la ki dekri diferant fason pou sèvi lòt moun.

2 Korentyen 12:7–10

Pè Selès la toujou reponn priyè m, men Li pa toujou ban m tout sa m mande L.

Pòl te mande Bondye pou L te retire feblès li a, men Bondye te konnen ke feblès Pòl la t ap rann ni enb e fè l vin solid.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo konpare 2 Korentyen 12:9–10 ak Etè 12:27. Ki mo oubyen fraz ki repete ladan yo? Kisa vèsè sa yo anseye? (Ou gen dwa eksplike ke Pòl te konpare pwoblèm ni an avèk yon pikan nan lachè li.) Kisa Bondye te anseye Pòl osijè eprèv?

  • Envite timoun yo pou yo fè lis kèk eprèv moun genyen nan lavi. Ede yo reflechi sou leson yon moun ka aprann nan eprèv sa yo ak benediksyon ki ka soti ladan yo.

  • Li avèk timoun yo “Le dilemne du diabète” (L Ami, Sept. 2019. 4–5). Mande timoun yo pou yo pataje eksperyans kote yo te priye pou yon bagay epi yo pa t resevwa li. Mande yo di kisa yo te aprann apati eksperyans sa a. Ou gen dwa pataje kèk eksperyans pa w tou. Rann temwayaj ou ke Pè Selès la toujou reponn priyè nou nan fason ak nan lè k ap beni nou pi byen.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo bay ak kè kontan lakay yo semèn sa a epi pou yo vin nan klas la semèn pwochèn nan prepare pou yo bay rapò sou fason yo te sèvi yon moun ki te nan bezwen.

Amelyore Ansèyman Nou

Trete deranjman yo avèk amou. “Pafwa yon timoun aji nan fason ki deranje aprantisaj lòt timoun yo nan klas la. Lè sa rive, se pou w gen pasyans, lanmou, ak konpreyansyon pou pwoblèm timoun sa a kapab ap konfwonte. … Si timoun ki lakoz deranjman an gen bezwen espesyal, pale avèk espesyalis andikap pawas la oubyen pieu a oubyen ale nan [disabilities.ChurchofJesusChrist.org} pou w ka jwenn fason pou w pi byen reponn bezwen sa yo” (Anseye nan Fason Sovè a,26).