Nouvo Testaman 2023
28 Out–3 Septanm. 1 Korentyen 8–13: “Nou Se Kò Kris la”


“28 Out–3 Septanm. 1 Korentyen 8–13: ‘Nou se kò Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“28 Out–3 Septanm. 1 Korentyen 8–13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
reyinyon sentsèn

28 Out–3 Septanm

1 Korentyen 8–13

“Nou Se Kò Kris la”

Pandan w ap li 1 Korentyen 8–13la, koute enspirasyon Sentespri a ap ba ou sou fason pou w anseye prensip ki nan chapit sa yo. Sonje ke nenpòt nan ide aktivite sa yo ka adapte pou ni timoun ki pi gran yo ni timoun ki pi piti yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te fè pandan reyinyon Sentsèn nan jodia pou yo te panse ak Jezi.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

1 Korentyen 10:13

Pè Selès la ap ede m fè chwa ki kòrèk.

Li pa toujou fasil pou nou chwazi sa ki byen, epi Papa nou ki nan Syèl la konnen sa. Si nou mande, L ap ede nou paske Li vle pou nou reyisi.

Aktivite Posib

  • Li 1 Korentyen 10:13 pou timoun yo, pandan w ap envite yo pou yo vire do yo ba ou lè yo tande mo “tante” oubyen “tantasyon” yo. Eksplike yo kisa vèsè sa yo vledi pou ou.

  • Rakonte kèk brèf istwa sou kèk moun ki sou pwen pou yo fè yon move chwa. Pandan timoun yo ak koute, envite yo pou yo leve men yo anlè oubyen leve desen yon pano stòp lè moun nan istwa a fè yon move chwa. Kisa bon chwa a t ap ye? Temwaye ke Pè Selès la ap ede yo chwazi bon bagay.

  • Montre yon foto Jezi, epi chante yon kantik sou Jezikri avèk timoun yo, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les enfants, 40–41). Eksplike yo kijan lefèt ke nou sonje Jezi a ka ede nou fè bon chwa. Montre foto lòt bagay ki ede nou fè bon chwa, tankou paran oubyen ekriti yo. Mande yo kisa k ede yo fè bon chwa.

1 Korentyen 12:4, 7–11

Pè Selès la beni m avèk don spirityèl.

Pè Selès la bay tout pitit li don spirityèl. Ki don spirityèl ou wè nan timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo fè desen yon kado prefere yo te resevwa. Eksplike ke Pè Selès la bay nou don spirityèl pou fòtifye lafwa nou ak ede nou beni lòt moun. Pataje avèk kèk nan don spirityèl yo dekri nan 1 Korentyen 12:7–11.

  • Ekri yon nòt pou chak timoun, ki dekri yon don spirityèl ou wè nan li (oubyen ou gen dwa envite paran yo pou ekri nòt sa yo). Mete nòt yo nan anvlòp. Fè timoun yo ouvri anvlòp yo, epi ede yo li kisa don spirityèl yo a ye.

Imaj
kado

Pè Selès la bay nou tout pitit li yo kado spirityèl.

1 Korentyen 13

M ka renmen lòt moun.

Ekriti yo anseye ke charite se “amou pi Kris la” (Mowoni 7:47). Kijan w ka ede timoun yo devlope ak eksprime lanmou kretyen?

Aktivite posib

  • Li 1 Korentyen 13:13 ak Mowoni 7:47, epi ede yo repete fraz “Charite se amou pi Kris la.” Montre foto Jezi ki eman ak janti, epi mande timoun yo kijan yo montre lanmou pou lòt moun (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la pou w ka jwenn ide).

  • Chante yon kantik sou renmen lòt moun, tankou “Aimez chacun” oswa “Aimez vos frères” (Chants pour les enfants, 39, 74), avèk timoun yo. Montre foto diferant moun (tankou yon paran, yon enstriktè, oubyen yon zanmi), epi mande timoun yo pou yo di kijan yo ta ka sèvi moun sa a. Envite yo pou yo panse ak yon moun yo ta ka rann sèvis epi ekri yon nòt oubyen fè yon desen pou moun sa a. Si yon bezwen lòt ide sou kijan pou sèvi, pase videyo “Pass It On” nan (ChurchofJesusChrist.org

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

1 Korentyen 10:13

Pè Selès la ede m reziste anba tantasyon.

Pwomès yo ki nan vèsè sa a ka bay timoun yo konfyans ke yo ka reziste anba tantasyon avèk èd Pè Selès la.

Aktivite Posib

  • Envite yo pou yo li 1 Korentyen 10:13 de pa de epi rezime vèsè a nan pwòp mo pa yo. Mande yo pou yo pataje yon eksperyans kote Pè Selès la te ede yo evite oubyen reziste anba tantasyon. Kisa nou ka fè pou n apiye nou sou Pè Selès la lè nou anfas tantasyon?

  • Ekri kèk tantasyon timoun yo ka afwonte jodia sou moso papye. Envite yo pou yo chak chwazi yon papye epi di kisa Pè Selès la ba nou pou ede nou evite oubyen reziste anba tantasyon sa yo. Pou kèk ide, li ansanm Alma 13:28–29.

1 Korentyen 11:23–29

Pandan Sentsèn nan, m ka panse sou fason m ap suiv Sovè a

Ede timoun w ap anseye yo wè ke sentsèn nan se yon opòtinite pou yo “egzamine” tèt yo epi renouvle alyans batèm yo te fè pou yo te sèvi Senyè a ak kenbe kòmandman L yo (1 Korentyen 11:28).

Aktivite Posib

  • Mande yon timoun pou l li 1 Korentyen 11:28. Kisa savle di pou nou “egzamine” tèt nou anvan nou pran sentsèn? Mande timoun yo pou yo panse a lòt moun ki egzamine bagay, tankou doktè, detektiv, oubyen syantis (paregzanp, doktè k ap egzamine kò nou pou wè blese oubyen maladi ki bezwen geri). Lè n ap pran sentsèn, kisa nou ka fè pou egzamine kijan n ap viv alyans batèm nou yo?

  • Mande timoun yo pou yo fè yon lis bagay yo ka panse lè y ap pran sentsèn. Envite yo pou yo itilize lis yo a kòm yon rapèl pou egzamine tèt yo pandan sentsèn nan.

1 Korentyen 12:4, 7–12, 31; 13:1–8

M gen don spirityèl.

Pòl te anseye ke don lespri yo, yo “akòde yo a tout moun” (1 Korentyen 12:7). Prensip sa a ka ede timoun yo bati sans diyite yo, espesyalman lè y ap itilize don yo pou beni lòt moun.

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo ekri don spirityèl yo jwenn nan 1 Korentyen 12:7–11; 13:2yo sou tablo a. Envite yo pou yo ajoute tout don adisyonèl yo mansyone nan Mowoni 10:8–18 ak Doktrin ak Alyans 46:13–26yo. Pataje kèk nan don spirityèl adisyonèl yo mansyone nan diskou Èldè Marvin J. Ashton yo avèk yo: “Don pou mande; don pou koute; … don pou evite kontansyon; … don pou chèche sa ki jis; don pou pa pote jijman; don pou priye Bondye pou gidans; … don pou pran swen lòt moun; … don pou ofri priyè; don pou rann temwayaj puisan” (“Il y a de nombreux dons,” L Etoile, Nov. 1988, 17). Envite timoun yo pou yo pale de don spirityèl yo chak wè nan lòt.

  • Anvan klas la, poze paran yo kesyon sou don yo wè nan timoun yo, oubyen panse sou don yo oumenm. Pale de don sa yo avèk timoun yo. Envite yo pou yo ekri yon fason yo pral itilize don yo a pou beni yon moun semèn sa a.

  • Pale de diferant sitiyasyon kote moun ta ka itilize yon do spirityèl nan sa k nan 1 Korentyen 12:7–10yo. Envite timoun yo pou yo idantifye don spirityèl yo ta ka itilize nan chak sitiyasyon.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Sigjere pou timoun yo diskite sou yon bagay ou te pale nan klas la avèk fanmi yo. Paregzanp, ou ta ka envite yo pou yo pataje don spirityèl yo avèk fanmi yo epi mande manm fanmi yo ki don yomenm yo genyen.

Amelyore ansèyman nou

Lanse envitasyon ki respekte libabit. Pandan w ap envite timoun yo pou yo aji selon sa y ap aprann yo, panse a fason pou w respekte libabit yo. Paregzanp, olye w toujou lanse envitasyon pou yo fè yon bagay espesifik, panse pou w pwopoze manm klas yo pou yo panse sou fason yo ta ka aplike sa yo aprann yo.