Vini, Suiv Mwen
16–22 Desanm. Nwèl: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa’


“16–22 Desanm. Nwèl: ‘Bòn nouvèl ki pote gwo lajwa’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“16–22 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
tibebe Jezi nan yon etab

An sekirite nan yon etab, pa Dan Burr

16-22 Desanm

Nwèl

“Bòn nouvèl ki pote gran lajwa”

Leson sa a se yon opòtinite pou w ede timoun w ap anseye yo selebre nesans, lavi, ak misyon Sovè a nan sezon Nwèl la. Kenbe sa nan lespri w pandan w ap prepare w pou w anseye a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou nesans Sovè a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Matye 2:1–12; Lik 2:1–14

Jezikri te vin sou tè a tankou yon ti bebe.

Timoun yo renmen istwa nesans Jezikri a. Ki verite doktrinal ou wè nan istwa sa a ou santi timoun yo ta dwe konprann?

Aktivite posib

  • Li Lik 2:1–14 pou timoun yo, oubyen dekri evenman nan vèsè sa yo kote w ap refere w a “Chapit 5: Nesans Jezikri” a Istwa Nouvo Testaman, 13–15, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org. Envite timoun yo pou yo fè desen sou evenman sa yo epi itlize foto yo pou rakonte istwa a yomenm. Poukisa w kontan dèske Jezi te fèt sou tè a?

  • Mande timoun yo pou rakonte w istwa Wa Maj yo k ap suiv zetwal la pou yo ka jwenn Jezi a. Si yon bezwen w raple yo istwa a, gade Matye 2:1–12 oswa “Chapit 7: Wa Maj yo,” Istwa Nouvo Testaman, 18, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org. Kache yon foto Jezi nan sal la. Desine yon zetwal an papye epi kenbe l anlè. Envite timoun yo pou yo pretann yo se wa maj yo k ap pote kado, epi dirije yo otou sal la pou yo ka jwenn Jezi. Ki kado nou ka bay Jezi nan lavi nou jodia?

  • Chante kèk chan Nwèl avèk timoun yo, tankou “Oh quel bonheur! Jésus viendra” ak “Douce nuit, Sainte nuit” (Cantiques, nos. 123, 127) oswa “Nuit de Noël,” “Au loin dans l‘étable,” ak “Dors, mon bel ange” (Chants pour les enfants, 37, 42–43, 48).

Jan 3:16

Jezikri te rann posib pou m viv avèk Papa m ki nan Syèl la ankò.

Èske timoun w ap anseye yo konprann poukisa Jezikri te vin sou tè a? Pran tan pou w medite sou sa Sovè a te fè pou ou pèsonèlman ak kijan w ka ede timoun yo konprann sa l fè pou yo a.

Aktivite posib

  • Pote yon kado tou vlope nan klas la ki gen yon foto Jezi andedan li. Mete yon etikèt sou li avèk “Jan 3:16” ekri sou li, epi di timoun yo ke sa se yon endis sou sa kado a ye. Li Jan 3:16 avèk timoun yo, epi envite yo pou yo devine kisa kado a ye epi pou yo ouvri li. Poukisa Bondye voye Pitit Gason l lan ba nou?

  • Chwazi foto nan Liv Ilistrasyon Levanjil la (tankou nos. 1, 30, 35–6684) ki ilistre kèk nan fason Jezi te beni lòt moun pandan l t ap viv sou tè a. Fè timoun yo kenbe foto yo pandan w ap rakonte istwa a. Ou gen dwa chwazi foto ki matche avèk pawòl ki nan kantik “Il envoya son Fils aimé” ak “Raconte moi les histoires de Jésus” (Chants pour les enfants, 34–35, 57) epi fè timoun yo leve foto yo anlè pandan y ap chante kantik sa yo.

  • Envite yo pou yo pataje istwa yo pi renmen sou Jezi. Apre chak istwa, ede yo fini fraz sa a: “Jezikri te vin sou tè a pou .” Apresa, montre foto ki sou sakrifis ekspyatwa Sovè a, sou lanmò li ak Rezirèksyon li (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 56, 57, 58, 59) epi brèfman pale de evenman sa yo. Temwaye yo ke Jezikri te vin sou tè a pou l te mouri pou nou epi pou l te resisite pou nou ka retounen al jwenn Pè Selès la.

    Imaj
    Jezi ajenou nan Jaden Jetsemani a

    Jetsemani, pa J. Kirk Richards

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20

Jezikri te vin sou tè a tankou yon tibebe.

Kijan w ka ede timoun yo konsantre sou Jezikri pou Nwèl?

Aktivite posib

  • Envite youn ladan yo pou li resi evenman ki te antoure nesans Sovè a nan Matye 1:18–25; 2:1–12; Lik 1:26–38; 2:1–20. Mande lòt timoun yo pou yo pran tou pa yo pou desine foto sou tablo a sou sa ekriti yo dekri a. Kisa istwa sa yo anseye nou sou Jezikri?

  • Pase videyo “Bòn nouvèl gwo lajwa: Nesans Jezikri” a (LDS.org). Mande timoun yo pou yo ekri tout sa yo tande k ap ede yo konsantre sou Jezikri pou Nwèl la. Apre videyo a, envite yo pou yo pataje sa yo te ekri yo.

  • Envite yo pou yo ekri sa yo ka fè pou konsantre yo sou Sovè a pandan sezon Nwèl la sou moso papye. Mete papye yo nan valiz oubyen nan lòt resipyen pou timoun yo pote lakay yo. Kèk ide ka enkli li ekriti yo, chante kantik Nwèl, ak fè zak sèvis sensè.

  • Chante kantik sou Sovè a (gade Chants pour les enfants, 36–54; Cantiques, nos. 201–214), epi envite timoun yo pou yo pataje yon vèsè oubyen yon fraz favori nan kantik yo.

Jan 3:16

Jezikri te rann posib pou m viv avèk Papa m ki nan Syèl la ankò.

Kijan w ka ede timoun yo repase sa yo aprann ane sa a ak konprann poukisa yo bezwen Jezikri nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Ekri sou de moso papye Kiyès Jezikri ye? ak Poukisa l vin sou tè a? epi kole yo sou diferant mi nan klas la. Envite chak timoun pou li youn nan ekriti sa yo: Matye 16:15–16; Jan 3:16; 1 Nefi 10:4; Mozya 3:8; Alma 7:10–13; 3 Nefi 27:14–15. Mande yo pou yo chèche repons pou kesyon yo sou mi yo nan ekriti yo li yo. Envite yo pou yo ekri repons yo sou moso papye epi mete yo sou mi tou pre kesyn apwopriye a. Kijan nou ka montre rekonesans nou pou sa Sovè a fè pou nou?

  • Envite yo pou yo fè lis tout non oubyen tit Jezi yo ka panse sou tablo a (gade Diksyonè Bib la, “Kris, non”). Kisa non sa yo anseye nou sou Jezikri ak misyon l lan? Poukisa nou bezwen Jezikri nan lavi nou? Pou reponn kesyon sa a, pase videyo “Poukisa nou bezwen yon Sovè—Yon mesaj Nwèl sou Sovè nou an, Jezikri” (LDS.org).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ankouraje timoun yo pou yo jwenn omwen yon fason pou yo sèvi yon lòt moun oubyen pou yo vin pi pre Jezikri sezon sa a.

Amelyore ansèyman nou

Timoun renmen pataje sa yo aprann. Menmsi yo jèn yo kapab fòtifye manm fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pataje yon bagay nan sa yo te aprann nan Primè a avèk fanmi yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 30.)