Vini, Suiv Mwen
25 Novanm–1e Desanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi nou avèk yon lajwa ineksplikab e plen laglwa’


“25 Novanm–1e Desanm. 1 ak 2 Pyè: ‘Rejwi nou avèk yon lajwa ineksplikab e plen laglwa’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“25 Novanm–1e Desanm. 1 ak 2 Pyè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Jezi k ap preche levanjil la nan mond dèzespri a.

Kris la k ap preche nan mond dèzespri a, pa Robert T. Barrett

25 Novanm–1e Desanm 

1 ak 2 Pyè

‘Rejwi nou avèk yon lajwa ineksplikab e plen laglwa’

Kòmanse etid ou sou 1 ak 2 Pyè a nan lapriyè. Sonje ke pi bon preparasyon w pou anseye ap vini atravè eksperyans etid pèsonèl ak familyal ou.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a, epi envite timoun yo pou yo di w yon bagay yo konnen osijè Pyè. Raple yo ke Pyè sete dirijan Legliz la apre Jezi te fin resisite, epi eksplike ke 1 Pyè ak 2 Pyè se lèt li te voye bay manm Legliz yo nan epòk li a.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

1 Pyè 1:6–7; 3:14

M ka gen kè kontan nan moman difisil.

Reflechi sou fason w ka anseye vèsè sa yo nan yon fason k ap ede timoun yo tounen vè Sovè a lè yo rankontre advèsite.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo site kèk bagay difisil Jezi te andire, tankou krisifiksyon an. Eksplike ke n ap gen pou n travèse moman difisil nan lavi nou. Li 1 Pyè 1:6–7; 3:14 ansanm, epi pataje yon eksperyans ou te fè lè w t ap travèse yon “eprèv lafwa.” Oubyen ou ta ka pataje lapriyè Pwofèt Joseph Smith la nan prizon Libète a ak rekonfò Bondye te ba li (gade DA 121:1–8; 123:17). Kijan lafwa nan Jezi ede nou jwenn lajwa pandan tan difisil yo?

    Imaj
    Joseph Smith nan Prizon Libète a

    Joseph Smith nan prizon Libète a, pa Greg K. Olsen

  • Chante ansanm yon kantik ki anseye kijan pou nou jwenn bonè, tankou “Je veux suivre le plan de Dieu” (Chants pour les enfants, 164–65).

1 Pyè 2:9–12

Pè Selès la vle m yon egzanp pou lòt moun.

Pyè te anseye ke nou se “pèp Bondye” epi bon zèv nou ka “glorifye Bondye.”

Aktivite posib

  • Dekri kèk bagay moun ka remake ki nan anviwonman yo, oubyen montre foto sou bagay sa yo. Paregzanp, yon tanp moun ka remake pami lòt konstriksyon ki antoure li oubyen yon montay ki pi wo pase yon vale. Eksplike yo ke lè nou obeyi kòmandman yo, moun remake sa epi lòt moun ka gade egzanp nou. Pale sou kèk “bon zèv” ou wè timoun yo fè. Eksplike yo ke bon zèv konsa “glorifye Bondye”—yo ede lòt moun santi amou Bondye pi plis epi yo anvi sèvi li.

  • Konplete paj aktivite pou semèn sa a avèk timoun yo. Ki pèsonaj nou wè nan foto sa a k ap glorifye Bondye?

1 Pyè 3:18–20; 4:6

Yo anseye espri nan mond dèzespri yo levanjil la.

Lè Jezi te mouri, li t al nan mond dèzespri a epi l te voye espri jis yo al anseye espri ki potko aksepte levanjil yo.

Aktivite posib

  • Pale timoun yo de yon moun ou konnen ki mouri. Eksplike yo lè moun mouri, espri li kite kò a epi l al nan mond dèzespri a. Li 1 Pyè 3:19 epi eksplike ke lè Jezi te mouri, li t al vizite mond dèzespri a. Nan kote sa a, li te mande espri jis yo pou yo anseye lòt espri ki potko aksepte levanjil yo (gade DA 138:30).

  • Mete yon ranje chèz nan mitan sal la pou fòme yon baryè. Mande kèk nan timoun yo pou yo kanpe sou yon bò pou reprezante espri nan mond dèzespri yo ki pa t batize pandan lavi yo sou tè a. Bay youn nan lòt timoun yo yon gwo kle an papye ki gen “batèm pou mò” yo ekri sou li, epi mande l pou l retire baryè a. Apresa, eksplike yo ke manm Legliz ki gen laj 12 2 zan yo ak sa ki pi gran yo ka al nan tanp pou yo batize pou zansèt yo ki potko batize pandan yo te sou tè a. Apresa, zansèt sa yo ka aksepte levanjil la nan mond dèzespri a.

  • Ede yo ranpli yon ab jeneyalojik senp (gade yon egzanp nan “Family History Coloring Pages,” LDS.org).

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

1 Pyè 3:12–17; 4:13–14, 16

M ka jwenn lajwa ak lapè nan moman difisil yo.

Timoun w ap anseye yo gen dwa konn ap sibi mokri poutèt kwayans yo. Vèsè sa yo ka ede yo pandan moman sa yo.

Aktivite posib

  • Fè rezime kèk istwa sou Jezi y ap pèsekite, oubyen fè yo li kèk—gade, paregzanp, Matye 12:9–14 oswa Lik 22:47–54. Mande timoun yo si yo konn jwenn moun takinen yo oubyen moke yo paske yo kwè nan ansèyman levanjil yo. Apresa, li ansanm 1 Pyè 3:12–14; 4:13–14, 16, epi mande yo pou yo chèche kisa Pyè te di osijè soufri “pou lajistis.’” Poukisa nou ka gen lajwa kanmèm lè moun ap moke nou paske nou fè bon bagay.

  • Envite yon manm nan pawas la pou pataje yon eksperyans kote l te jwenn lajwa oubyen lapè pandan yon eprèv, oubyen di kijan Pwofèt Joseph Smith te jwenn lapè lè l te nan prizon Libète a (gade DA 121:1–8; 123:17). Nan ki fason nou ka jwenn lajwa ak lapè pandan eprèv nou yo?

1 Pyè 3:15

M toujou pare pou m pataje levanjil la.

Timoun w ap anseye yo ap gen anpil opòtinite pandan tout lavi yo pou yo reponn kesyon lòt moun genyen osijè lafwa yo. Panse sou ki fason w ka ede yo po yo “toujou pare pou yo bay yon repons.”

Aktivite posib

  • Pale yo de yon okazyon kote yon moun te poze w yon kesyon sou Legliz la, epi di yo si w te santi w prepare pou w te reponn. Mande yo pou yo pale de okazyon kote moun konn poze yo kesyon sou Legliz la. Li 1 Pyè 3:15 ansam. Kijan nou ka suiv konsèy Pyè bay nan vèsè sa a?

  • Avèk èd timoun yo, panse sou kèk kesyon moun ta ka poze sou ansèyman legliz yo. Fè timoun yo pran tan pou eksplike kijan yo t ap reponn kesyon sa yo pou yo ka m “toujou pare.”

1 Pyè 3:18–20; 4:6

Espri nan mond dèzespri yo aprann levanjil la.

Ede timoun yo konprann ke lè moun jis yo mouri, yo al nan mond dèzespri a pou anseye levanjil la bay moun ki pa t resevwa l pandan yo te sou tè a.

Aktivite posib

  • Desine yon sèk sou tablo a avèk yon liy ki separe l nan mitan. Ekri Paradi sou yon mwatye ak Prizon sou lòt mwatye a. Envite youn nan timoun yo pou l li 1 Pyè 3:18–20; 4:6 (gade 1 Pyè 4:6, referans a, pou revizyon Tradiksyon Joseph Smith la). Eksplike lè Jezi te mouri, li t al nan paradi a. Li te anseye lespri jis yo nan kote sa a pou y al preche levanjil la bay espri k te nan prizon yo.

  • Envite yon paran oubyen yon gran frè oswa yon gran sè youn nan timoun yo pou vin pale de tanp ak travay yo akonpli nan tanp pou zansèt yo.

  • Envite timoun yo pou yo ranpli yon senp ab jeneyalojik (gade yon egzanp nan “Family History Coloring Pages,” LDS.org).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo montre manm fanmi yo ab jeneyalojik yo a epi mande yo pou ede yo ajoute non sou li.

Amelyore ansèyman nou

Chèche konprann timoun w ap anseye yo. Ou konn timoun w ap anseye yo, konsa, modifye ide yo bay nan plan leson sa yo si nesesè pou w ka reponn bezwen yo. Ou gen dwa itilize nenpòt nan aktivite yo pwopoze nan plan leson sa a, e pa sèlman sa yo prevwa pou gwoup laj w ap anseye yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 7.)