Vini, Suiv Mwen
9–15 Desanm. Revelasyon 1–11: ‘Glwa, pouvwa, pou … Anyo a pou tout tan gen tan’


“9 -15 Desanm. Revelasyon 1–11: ‘Glwa, pouvwa, pou … Anyo a pou tout tan gen tan’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“9 -15 Desanm Revelation 1–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Kris la k ap veye sou yon twoupo mouton

Bon Bèje a, pa Del Parson

9-15 Desanm.

Revelasyon 1-11

‘Glwa, pouvwa, pou … Anyo a pou tout tan gen tan’

Senbòl nan liv Revelasyon yo ka difisil pou timoun yo konprann, men liv sa a gen doktrin enpòtan ki bèl epi ki senp.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo di kijan yo t ap santi yo si yo te wè Jezikri nan yon vizyon. Di yo nan liv Revelasyon an, Jan dekri yon vizyon kote l te wè Jezi ak anpil bagay enpòtan sou lepase ak lefiti.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Revelasyon 3:20

Mwen ka envite Jezikri nan lavi m

Metafò Jezi ki kanpe nan pòt la ap frape a ka ede timoun yo konprann ke l vle vin pi pre yo.

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a epi li Revelasyon 3:20. Envite timoun yo pou yo imajine Jezi k ap frape nan pòt lakay yo. Èske yo t ap kite l antre? Kisa yo panse l t ap di yo?

  • Envite yo pou yo pale de yon moman kote yo te tann vizit yon moun yo t ap kontan wè. Kisa yo te santi lè moun sa a te frape nan pòt la? E si yo pa t janm kite l antre? Li Revelasyon 3:20, epi fè timoun yo pran tan pou yo chak kenbe yon foto Jezi epi pretann y ap frape nan yon pòt. Lòt manm klas yo ka pretann ke y ap louvri pòt la. Kisa nou ka fè n pèmèt Jezi vin pre nou, menmsi nou pa ka wè li? Panse pou w bay chak timoun yon foto Jezi pou l pote lakay li.

Revelasyon 5:1–10

Jezikri se sèl moun ki diy pou l Sovè mwen.

Jan te aprann nan vizyon l lan ke se sèl Jezikri (ki reprezante pa yon mouton) ki te ka vin Sovè nou epi akonpli plan Papa a (ki reprezante pa yon liv sele).

Aktivite posib

  • Anvan klas la, chèche foto ki reprezante benediksyon ki disponib gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a (tankou tanp, batè, ak fanmi). Mete yo nan yon liv epi vlope liv la oubyen tache l avèk fisèl. Pandan w ap itilize kèk fraz kle nan Revelasyon 5:1–10 la, dekri vizyon Jan te fè a. Montre timoun yo liv la, epi di yo sèl mwayen pou ouvri liv la se jwenn foto Jezi a w te kache nan sal la. Lè yo jwenn foto a, ouvri liv la epi pataje foto k ladan l yo avèk yo. Temwaye ke se Sovè a sèlman ki te ka rann bagay sa yo posib.

  • Fè rezime vizyon yo dekri nan Revelasyon 5:1–10 la epi envite timoun yo pou yo jwe wòl sou kisa Jan ak lòt moun te santi yo pandan diferant pati nan vizyon an. Paregzanp, yo ka pretann y ap kriye lè okenn moun pa t ka louvri liv la, oubyen yo gen dwa kontan lè Sovè a te louvri li.

Revelasyon 7:9, 13–14

Jezikri ede m vin pwòp anba peche.

Jan te wè anpil moun ki te abiye an rad ki te “vin … blan nan san Anyo a” (vèsè 14). Konsidere kijan vizyon sa a ta ka ede timoun yo konprann enpòtans pou nou pwòpte anba peche nou atravè Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a.

Aktivite posib

  • Montre yo kèk rad batèm oubyen lòt rad blan ak yon foto Jezi. Li Revelasyon 7:9, 13–14 pou timoun yo, epi mande yo pou yo montre foto a ak rad yo chak fwa yo tande mo blan an. Eksplike yo ke rad blan reprezante pwòpte epi li raple nou ke Jezikri ka fè nou vin pwòp anba peche nou.

  • Montre yo yon moso twal blan, epi fè yo ekri sou li avèk yon plim oubyen mete tè sou li pou yo ka fè l sal. Eksplike yo ke peche nou yo fè lespri nou sal. Montre foto Jezi nan Jetsemani an (tankou Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 56), mete twal sa la yon kote epi montre yo yon twal pwòp. Temwaye ke gras ak Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou ka vin pwòp.

  • Chante yon kantik sou batèm, tankou “Le jour de mon baptême” (Chants pour les enfants, 103), epi di yo kijan Jezi ede nou vin pwòp lè nou batize.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Revelasyon 3:20

M ka chwazi pou m fè Jezikri vin yon pati nan lavi m.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo louvri kè yo ak lavi yo pou yo ka jwenn pouvwa ak enfliyans Jezikri?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo gade foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a pandan w ap li Revelasyon 3:20. Pou ede yo kapte sans foto a, envite yo pou yo travay de pa de pou yo reponn kesyon tankou sa yo: Poukisa ou panse Jezi ap frape nan pòt la? Poukisa pa gen manch sou deyò nan pòt la? Kisa sa vledi pou n kite Jezi antre nan lavi nou?

  • Mande yo pou yo ekri sou tablo a plizyè fason diferan nou ka “louvri pòt la” bay Jezi. Gen kèk egzanp ki ka enkli sèvi lòt moun, li ekriti yo, ak pran Sentsèn.

Revelasyon 5:1–10

Jezikri se sèl moun ki diy pou l se Sovè mwen.

Vizyon yo dekri nan Revelasyon 5 la anseye ke se sèl Jezikri ki te diy ak kapab pou akonpli Sakrifie Ekspyatwa a e sove nou anba peche.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo pale de yon okazyon kote yo te bezwen pou yon moun fè yon bagay yo pa t ka fè poukont yo. Mande yo pou li Revelasyon 5:1–10 epi pou yo chèche kisa k te bezwen fèt la ke se sèl moun sa a te ka fè a (eksplike ke Anyo a se Jezikri epi liv la reprezante plan Bondye). Kisa Jezi te fè pou nou ke okenn lòt moun pa t ka fè?

  • Mande yo pou yo chèche yon kantik oubyen yon chan timoun ki temwaye de Jezikri (tankou “Beautiful Savior,” Children’s Songbook, 62–63). Kisa mo nan kantik sa a anseye sou Jezikri? Kijan kantik sa a se tankou yon kantik louwanj yo chante pou Jezikri nan Revelasyon 5:9–10 la?

Revelasyon 9:1-12

Levanjil la ka ede m simonte tantasyon.

Nou ka konpare k te fè lè a vin sonb nan Revelasyon 9:2 la avèk tantasyon (gade 1 Nefi 12:17).

Aktivite posib

  • Desine foto yon solèy ak yon nyaj tou nwa, epi koupe yo. Envite timoun yo pou yo li Revelasyon 9:2 ak 1 Nefi 12:17 epi pou yo ekri sou nyaj nwa a kisa lafimen oubyen bwouya ki nan vèsè sa yo reprezante. Mete nyaj nwa a sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo fè yon lis sou tantasyon timoun ki nan laj yo ap rankontre. Apresa, mete solèy la sou tablo a epi mande yo pou yo fè yon lis sou zouti Pè Selès la ba nou pou n ka simonte fènwa nan mond lan.

  • Kijan timoun yo ka ede lòt ki nan tenèb spirityèlman? Pou ede yo panse a kesyon sa a, pase videyo “Chwazi limyè a” (LDS.org), epi envite yo pou yo pale de moun k ap kondui bisiklèt la.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite yo pou yo di fanmi yo ki fason yo ka envite enfliyans Sovè a nan fwaye yo.

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje reverans. Yon aspè enpòtan nan reverans se panse ak Pè Selès la avèk Jezikri. Ou gen dwa chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun yo pou yo gen reverans.