Nouvo Testaman 2023
20–26 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: “Moun Ki Gen Zòrèy Pou l Tande, Se Pou l Tande”


“20–26 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Moun Ki Gen Zòrèy Pou l Tande, Se Pou l Tande’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 ( 2022)

“20–26 Mas. Matye 13; Lik 8; 13,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
ble ki pare pou rekòlte

20–26 Mas.

Matye 13; Lik 813

“Moun Ki Gen Zòrèy Pou l Tande, Se Pou l Tande”

Pandan w ap li Matye 13 ak Lik 813la, panse sou fason w pral prepare ou pou w “koute” ak apresye ansèyman Sovè a nan parabòl sa yo. Kisa w pral fè pou w aplike ansèyman sa yo nan lavi ou?

Ekri enpresyon w yo

Kèk nan ansèyman ki pi memorab Sovè a te bay sete sou fòm senp istwa yo rele parabòl. Parabòl sa yo sete plis pase senp istwa enteresan osijè bagay oubyen evenman òdinè. Yo te gen verite pwofon sou wayòm Bondye a pou moun ki te espirityèlman prepare. Yonn nan premye parabòl yo ekri nan Nouvo Testaman an—parabòl semè a (gade Matye 13:3–23)—envite nou pou n egzamine preparasyon nou pou n resevwa pawòl Bondye a. Jezi te deklare: “Moun ki resevwa a, y ap ba li, epi l ap genyen an abondans” (Joseph Smith Tradiksyon, Matye 13:10 [nan Matye 13:12, referansa). Konsa, lè n ap prepare nou pou nou etidye parabòl Sovè a bay yo—oubyen nenpòt nan ansèymal l yo—yon bon fason pou n kòmanse se egzamine kè nou epi detèmine si nou bay pawòl Bondye a yon “bon teren” (Matye 13:8) kote pou l grandi, fleri, e pwodui fwi ki ap beni noumenm ak fanmi nou an abondans.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 13:3–23; Lik 8:4–15; 13:6–9

Kè m dwe prepare pou resevwa pawòl Bondye a.

Poukisa kèkfwa, kè nou reseptif a verite, tandiske kèk lòt fwa, nou gen tantasyon pou n opoze l? Lekti parabòl semè a ka ba ou yon bon opòtinite pou w reflechi sou fason w resevwa laverite nan men Senyè a. Li ta ka bon pou w konpare vèsè 3–8 nan Matye 13 avèk entèpretasyon ki nan vèsè 18–23yo. Kisa w ka fè pou kiltive “bon teren” nan oumenn? Kisa k ka kèk “pikan” ki anpeche w vrèman tande ak suiv pawòl Bondye a? Kijan w ka simonte “pikan” sa yo?

Etid ou nan parabòl sa a ta enfliyanse fason ou li parabòl ki nan Lik 13:6–9. Ki “fwi” sa a Senyè a ap chèche nan nou an? Kouman pou nou nouri teren nou pou l ka “pote fwi”?

Gade tou nan Mozya 2:9; Alma 12:10–11; 32:28–43; Dallin H. Oaks, “Parabòl Semè a,” Lyawona, Me 2015, 32–35.

Matye 13:24–35, 44–52; Lik 13:18–21

Parabòl Jezi yo ede m konprann devlopman ak destine Legliz li a.

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke parabòl ki nan Matye 13 yo dekri devlopman ak destine Legliz la nan dènye jou yo. Ou ta ka revize pawòl Pwofèt la nan Enseignements des présidents de l Eglise: Joseph Smith (2007), 293–303, pandan w ap konsidere kisa parabòl suivan yo anseye w konsènan Legliz Senyè a:

Lè w fin medite sou parabòl sa yo, kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka patisipe plis nan travay Legliz Kris la nan dènye jou yo?

Gade tou nan Gid Ekriti yo, “Wayòm Bondye oubyen Wayòm Syèl la,” “Parabòl,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
pèrl

Levanjil Jezikri a se yon “pèl gran pri” (Matye 13:46).

Matye 13:24–30, 36–43

Moun ki jis yo dwe grandi pami mechan yo jiskaske fen mond lan rive.

Yon fason pou n analize parabòl sa a se fè yon desen li epi note entèpretasyon ki nan Matye 13:36–43 ak Doktrin ak Alyans 86:1–7yo sou li. Yon ivrè se yon “zèb anpwazonnen, ki, toutotan l pa grandi, aparans li sanble avèk aparans ble” (Diksyonè Bib la, “Ivrè”). Ki verite nan parabòl sa a ki enspire w pou w rete fidèl malgre mechanste ki nan mond lan?

Lik 8:1–3

Nan ki fason “kèk fi” te sèvi Sovè a?

“Disip fi te vwayaje avèk Jezi ak Douz yo, yo te aprann nan men [Jezi] pèsonèlman epi yo te sèvi l tanporèlman. … Anplis resevwa ministè Jezi—bòn nouvèl levanjil Li a ak benediksyon pouvwa gerizon li—fi sa yo te sèvi li, yo te bay byen yo ak devouman yo” (Filles dans mon royaume [2017],4). Fi ki te suiv Sovè yo te rann temwayaj puisan sou li tou (gade nan Linda K. Burton, “Sèten Fi,” Liahona, Me 2017, 12–15).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 13.Pandan manm fanmi w yo ap li parabòl Sovè a yo, yo gen dwa anvi panse a pwòp parabòl pa yo ki anseye menm verite yo konsènan wayòm syèl la (Legliz la), kote y ap itilize objè oswa sitiyasyon ki familye pou yo.

Matye 13:3–23; Lik 8:4–15.Apre yo fin li parabòl semè a ansanm, fanmi ou yota ka diskite kesyon tankou sa suivan yo: Kisa ki ka fè “teren ” nou (kè nou) “ge wòch” oubyen “toufe” pawòl la? Kouman nou ka asire nou ke teren nou bon epi l bay fui?

Si w gen timoun piti nan fwaye ou, sa ta ka amizan pou w envite manm fanmi yo pou yo jwe wòl diferant fason pou prepare kè nou pou n tande pawòl Bondye a pandan ke lòt manm fanmi yo ap devine sa y ap fè yo.

Matye 13:13–16.Kijan w ka ede manm fanmi ou konprann enpòtans pou yo resevwa pawòl Kris la avèk yon kè byen dispoze? Demontre “zòrèy [ki] ki pa ka tande,” ou ta ka kouvri zòrèy yon manm nan fanmi w pandan w ap li trankilman Matye 13:13–16. Kisa manm fanmi sa a te konprann nan vèsè sa yo? Nan ki fason nou fèmen je nou, zòrèy nou, ak kè nou pou pawòl Bondye a?

Matye 13:44–46.Kisa de mesye nan parabòl sa yo genyen an komen? Èske gen lòt bagay nou ta dwe fè endividyèlman e antanke fanmi pou n mete wayòm Bondye a anpremye nan lavi nou?

Lik 13:11–17.Èske manm fanmi yo te konn fè eksperyans ki lakoz yo te santi yo pa t ka “leve [tèt yo] kanpe”? Èske nou konnen yon lòt moun ki santi l konsa? Kijan nou ka ede yo? Kouman Sovè a “demare” nou anba enfimite nou yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan ki sijere: “Nou Répandons des Semances,” Cantique, no. 140.

Amelyore Ansèyman Nou

Memorize yon ekriti. Chwazi yon pasaj ekriti ki patikilyèman enpòtan pou fanmi ou, epi mande yo pou yo memorize li. Èldè Richard G. Scott te anseye: “Yon ekriti nou memorize vin yon zanmi lwayal ki pa febli atravè tan kap pase a” (Pouvwa ekriti yo,” Lyawona, Nov. 2011,6).

Imaj
yon mesye k ap simen semans.

Parabòl Semè a, pa George Soper