Nouvo Testaman 2023
6–12 Mas. Matye 9–10; Mak 5; Lik 9: “Douz Sa yo Jezi te Voye”


“6–12 Mas. Matye 9–10; Mak 5; Lik 9: “Douz Sa yo Jezi te Voye” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“6–12 Mas. Matye 9–10; Mak 5; Lik 9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezikri k ap òdone Pyè

6–12 Mas.

Matye 9–10; Mak 5; Lik 9

“Sa yo se Douz Jezi te voye yo’”

Ide pou etid yo ki nan plan leson sa a te prepare pou ede w jwenn sa ekriti yo vledi pou ou pèsonèlman. Sepandan, yo pa ta dwe ranplase revelasyon pèsonèl ou gen dwa resevwa konsènan ki pasaj pou w etidye oswa fason pou w etidye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Nouvèl mirak gerizon Jezi yo te simaye rapidman. Foul moun te suiv li, avèk espwa pou yo te jwenn soulajman anba maladi yo. Men, lè Sovè a te gade foul moun sa yo, li te wè plis pase maladi fizik yo. Ranpli ak konpasyon, li te wè “brebi ki pa t gen bèje” (Matye 9:36). Li te fè obsèvasyon sa a: “Rekòt la anpil, men pa gen ase ouvriye” (Matye 9:37). Konsa, li te aple Douz Apot, li te “ba yo pouvwa,” epi li te voye yo al anseye ak sèvi “brebi pèdi kay Izrayèl yo” (Matye 10:1,6). Jodia nesesite pou plis ouvriye pou sèvi pitit Pè Selès yo osi gran toujou. Nou toujou gen Douz Apot, men gen plis disip Jezikri pase jamè anvan—moun ki ka deklare bay tout mond lan: “Wayòm syèl la pa lwen” (Matye 10:7).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 9:18–26; Mak 5:22–43

“Pa pè, kwè sèlman.”

Lè Jayiris te mande Jezi premyeman pou geri pitit fi li “ki te prèske mouri,,” Jayiris te pale pou montre ijans men lespwa: “Vini epi enpoze men w sou li, … epi l ap viv” (Mak 5:23). Men pandan yo te sou wout la yon mesaje te di Jayiris ke li te twò ta: “Pitit fi w la mouri: poukisa w bezwen kontinye deranje Mèt la?” (vèsè 35). Menmjan tou, li ka te sanble twò ta pou fi ki dekri nan Mak 5:25–34, ki t ap soufri ak yon maladi pandan 12 ane.

Pandan w ap li resi sa yo, ou gen dwa panse a bagay ki bezwen gerizon nan lavi w oswa lavi fanmi ou—enkli bagay ki ka sanble “yo prèske mouri” ooubyen li twò ta pou yo ta geri. Kisa ki enpresyone w nan manifestasyon lafwa yo ki nan resi sa yo? Remake kisa Jezi di fi a ak Jayiris tou. Kisa w santi L ap di ou?

Gade tou nan Lik 8:41–56; Russell M. Nelson, “Rale Pouvwa Jezikri nan Lavi Nou,” Lyawona, Me 2017, 39–42; Enseignements des Présidents de l Eglise: Gordon B. Hinckley (2016), 333–42.

Imaj
yon fi kap touche rad Jezi

Konfye w nan Senyè a, tablo Liz Lemon Swindle

Matye 10; Lik 9:1–6

Senyè a bay sevitè L yo pouvwa pou yo fè travay Li.

Enstriksyon yo Jezi te bay nan Matye 10 la pou Apot Li yo ka aplike pou nou tou, paske nou tout gen yon wòl pou nou jwe nan travay Senyè a. Ki pouvwa Kris la te bay Apot Li yo pou te ede yo akonpli misyon yo a? Kijan nou ka gen aksè nan pouvwa Li nan travay nou aple pou nou fè a? (gade 2 Korentyen 6:1–10; Doktrin ak Alyans 121:34–46).

Pandan w ap li manda Kris la te bay Apot li yo, ou gen dwa resevwa enpresyon sou travay Senyè a vle pou w fè a. Yon tablo tankou sa k pi ba la a ta ka ede w òganize panse w yo:

Matye 10

Enpresyon m resevwa yo

Sovè a te bay disip Li yo pouvwa.

Bondye ap ban m pouvwa m bezwen pou m fè travay mwen an.

Gade tou Mak 6:7–13; Atik Lafwa yo 1:6; Diksyonè Bib la, “Apot”; “Jezi Aple Douz Apot pou Preche ak Beni Lòt yo” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Matye 10:17–20

Lè m nan sèvis Senyè a, L ap enspire m kisa pou m di.

Senyè a te prevwa ke disip Li yo ta pral jwenn pèsekisyon epi kesyone lafwa yo—yon bagay ki sanble ak sa disip jodia yo ka eksperimante. Men Li te pwomèt yo ke yo t ap konn sa pou yo di atravè Lespri a. Èske w konn fè eksperyans kote pwomès divin sa a te akonpli nan lavi ou, petèt lè w t ap rann temwayaj ou, bay yon benediksyon, oubyen e gen yon konvèsasyon avèk yon moun? Panse pou w pataje eksperyans ou avèk yon moun ki chè pou ou oubyen ekri yo nan yon jounal. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka gen kalite eksperyans sa yo pi souvan?

Gade tou Lik 12:11–12; Doktrin ak Alyans 84:85.

Matye 10:34–39

Kisa Jezi te vledi lè L te di: “Mwen pa t vini pou m pote lapè, men yon epe” a?

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Mwen sèten gen yon pakèt nan nou ke papa nou ak manman nou, frè n ak sè nou te rejte oubyen meprize lè n te aksepte levanjil Jezikri a e antre nan alyans avèk li. Yon fason oswa yon lòt, amou pi fò nou pou Kris la te mande sakrifye relasyon ki te chè pou nou, e sa te fè nou kriye anpil. Men, gras ak lanmou inebranlab nou, nou kenbe fèm anba kwa sa a, nou montre ke nou pa wont Pitit Gason Bondye a” (Jwenn Lavi Ou,” Ensign, Mas. 2016, 28).

Dispozisyon sa a pou pèdi relasyon presye pou n ka suiv Sovè a mache avèk pwomès ke “moun ki pèdi lavi l pou mwen, y ap jwenn ni” (Matye 10:39).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Mak 5:22–43.Pandan fanmi w ap etidye istwa sa a ansanm, ou gen dwa pran yon poz pou mande manm fanmi an kijan yo t ap santi yo si yo te Jayiris la, fi a, oswa lòt moun yo ki nan istwa a. Ou gen dwa montre foto sou istwa a tou, tankou foto yo ki nan plan leson sa a. Kijan foto sa yo dekri lafwa moun yo nan istwa yo? (Gade tou videyo “Jezi Leve Pitit fi Jayiris la” ak “Jezi Geri yon Fi Lafwa” nan ChurchofJesusChrist.org.) Ou gen dwa konsidere kèk pwoblèm fanmi w ap travèse tou. Kijan nou ka aplike pawòl Li yo, “Pa pè, kwè sèlman”? (Mak 5:36).

Matye 10:39; Lik 9:23–26.Kisa sa ta ka vledi pou “pèdi” lavi nou epi pou nou “jwenn” li? (Matye 10:39). Petèt manm klas la ta kapab pataje eksperyans ki ilistre ansèyman Jezi yo nan vèsè sa yo.

Matye 10:40.Kijan oumenm ak fanmi w ap pwogrese nan resevwa ak suiv konsèy Apot dènye jou yo? Ki fason lè nou obeyi konsèy yo bay yo, sa fè nou vin pi pwòch Jezikri?

Lik 9:61–62.Kisa sa vledi gade dèyè apre nou fin mete men nou nan charyo a? Poukisa atitid sa a ka fè nou pa konvnab pou wayòm Bondye a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Christ Est Ma Lumière,” Cantiques, no. 128.

Amelyore etid pèsonèl nou

Koute Lespri a. Pandan w ap etidye a, pote atansyon a panse w ak sa w santi (gade Doktrin ak Alyans 8:2–3, menmsi yo sanble yo pa anrapò avèk sa w ap li yo. Enpresyon sa yo se ka egzakteman sa Bondye vle pou w konnen ak pou w fè.

Imaj
Jezi leve tifi a nan kabann

Talitha Cumi, pa Eva Koleva Timothy