Nouvo Testaman 2023
6–12 Mas. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: ‘Jezi voye Douz yo’


“14–20 Mas. Matye 10–12; Mak 2; Lik 7; 11: ‘Sa yo se Douz Jezi te voye yo’’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“14–20 Mas. Matye 19–20; Mak 10; Lik 18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezikri k ap òdone Pyè

14–20 Mas.

Matye 16-17; Mak 9; Lik 9

“Sa yo se Douz Jezi te voye yo’”

Pandan w ap li Matye 9–10; Mak 5; ak Lik 9, ou ka resevwa enspirasyon nan men Sentespri a. Enspirasyon sa yo, ansanm avèk Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a ka ede w prepare pou w anseye.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun yo pataje yon bagay yo te fè pou yo te ede yon moun semèn sa a. Kisa Sovè a te fè pou l te ede lòt moun?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye ,8:18,-22; Mak 3:31,-35,

Bondye gen pouvwa pou L geri m.

Sovè a te toujou montre pouvwa Li pou geri moun ki gen lafwa nan Li. Ou ka ede timoun w ap anseye yo bati lafwa yo nan pouvwa gerizon L la.

Aktivite Posib

  • Rakonte timoun yo istwa pitit fi Jayiris la (gade Mak 5:22–23, 35–43). Nan pwen apwopriye a nan istwa a, li pawòl Jezi yo “Mwen di ou, leve” (vèsè 41), epi envite timoun yo pou yo kanpe. Ede yo konprann ke Jezi gen pouvwa pou L geri moun ak pou ba nou lavi etènèl.

  • Montre yo yon foto sou istwa ki nan Matye 9:20–22 a pandan w ap li vèsè sa yo. Ede yo memorize fraz ki di: “Se lafwa w ki geri w” la (vèsè 22). Pou w fè sa, ou gen dwa bay chak timoun yon mo, epi apresa fè timoun yo repete mo yo a nan lòd plizyè fwa. Kijan fi a te montre ke l te gen lafwa nan Jezikri? Kisa nu ka pou montre ke nou gen lafwa nan Jezikri?

  • Mande timoun yo fèmen je yo epi koute pawòl w ap li nan Matye 9:27–30yo. Lè w li osijè Jezi k ap geri mesye avèg la, envite timoun yo pou yo louvri je yo. Envite yo pou di kisa yo t ap santi si Jezi te geri yo.

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo aprann istwa Sovè a k ap leve pitit fi Jayiris la anba lanmò a.

Imaj
yon fi k ap lonje men l pou touche rad Jezi.

Konfyans nan Senyè a, pa Liz Lemon Swindle

Matye 10:1–10

Jezi te aple Douz Apot epi L te ba yo pouvwa pou fè travay Li.

Èske timoun w ap anseye yo konnen poukisa nou gen Apot jodia? Kijan nou ka itilize vèsè sa yo pou anseye yo sou enpòtans Apot aktyèl yo ak sa yo aple pou yo fè?

Aktivite Posib

  • Fè rezime e Matye 10:1–10 la an tèm senp. Eksplike yo ke Jezi aple Apot pou ede L bati Legliz Li a. Fè timoun yo konte Apot yo ki nan foto Kris K ap òdone Apot yo (Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 38) ak nan foto Kolèj Douz Apot aktyèl la (gade ChurchofJesusChrist.org oswa yon nimewo konferans jeneral Liahona). Eksplike ke nou gen douz Apot jodia, menmjan ak nan epòk Jezi a. Pataje temwayaj ou sou Apot Senyè a chwazi yo ak sou yon bagay yo te anseye resamman.

  • Kache foto Apot aktyèl yo nan tout sal la (pou foto, gade nan yon revi konferans jeneral Liahona). Envite timoun yo pou yo chèche foto yo, epi di yo yon ti bagay sou chak Apot (gade“Rankontre Pwofèt ak Apot Aktyèl yo” nan ChurchofJesusChrist.org).

  • Envite yon timoun pou l kenbe yon foto Premye Prezidans lan ak yon foto Kolèj Douz Apot yo. Mande timoun nan pou l gide lòt timoun yo nan sal la pou yo ka jwenn foto Jezi a. Temwaye ke pwofèt yo ak apot yo mennen nou al jwenn Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye ,8:18,-22; Mak 3:31,-35,

Bondye gen pouvwa pou L geri m.

Yon lekti resi sou Sovè a k ap geri moun kapab ede timoun w ap anseye yo bati lafwa yo nan Li. Istwa sa yo ka ede yo santi konpasyon L ak lanmou Li tou.

Aktivite Posib

  • Li ansanm istwa sou Jezi k ap geri moun ki nan Matye 9:20–22, 27–30 ak Mak 5:22–23, 35–43 yo (oubyen gade video “Jesus Heals a Woman of Faith (Jezi Geri Yon Fi ki gen Lafwa)” a ak “Jesus Raises the Daughter of Jairus (Jezi Leve Pitit Fi Jayiris la” nan ChurchofJesusChrist.org). Kijan moun nan istwa sa yo te montre lafwa yo nan Jezikri? Kisa nou aprann osijè Sovè a nan istwa sa yo?

  • Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans kote yomenm oswa yon lòt moun yo konnen te resevwa yon benediksyon prètriz pou geri malad. Kijan yo te santi yo oubyen yo te beni? Eksplike yo ka pafwa yon gerizon mirakile se pa sa Senyè a vle, men nou ka toujou santi nou beni pa lanmou ak rekonfò Li.

Matye 10:1–10

Douz Apot yo ka anseye m osijè Jezi.

Ki fason aprann sou Douz Apot yo nan epòk Kris la ede timoun yo pi byen konprann sa Douz Apot yo ap fè jodia?

Aktivite Posib

  • Montre yo foto Apot nan epòk Kris la ak nan epòk pa nou an (gade Kris la K ap òdone Apot yo [Liv Ilistrasyon levanjil la, no. 38] ak yon revi konferans Liahona)ki resan. Mande yo pou yo li Matye 10:7 pou yo ka wè kisa apot yo fè (gade tou Lik 9:1–2, 6; Doktrin ak Alyans 107:23).

  • Envite timoun yo ekri sou tablo a non otan nan premye Apot yo ke yo sonje. Apresa, mande yo pou yo fè lis otan nan Apot vivan yo ke yo ka sonje. Fè yo konpare lis yo a avèk Matye 10:2–4 ak yon revi Liahonakonferans ki resan. Ou gen dwa jwe yon jwèt kote timoun yo ap fè chak non Apot ki vivan matche avèk foto li. Ou ka jwenn foto nan ChurchofJesusChrist.org.

  • Plizyè jou anvan klas la, envite kèk timoun pou yo vini tou prepare pou pataje yon istwa youn nan Apot vivan yo te rakonte (gade revi Liahona yo pou ide). Kijan Apot sa a te itilize istwa a pou enspire nou pou nou vin plis tankou Sovè a?

  • Pataje kèk temwayaj Apot nan epòk nou yo te rann sou Kris la avèk timoun yo (gade mesaj konferans jeneral resan yo oubyen “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo” [ChurchofJesusChrist.org]).

  • Ede timoun yo memorize ak konprann Atik Lafwa 1:6la.

Lik 9:23–25

Suif Jezikri mande sakrifis.

Kijan w ap ede timoun yo konprann kisa savle di pou yo “pèdi” lavi yo pandan y ap suiv Sovè a?

Aktivite Posib

  • Pale yo sou yon lè kote ou te abandone yon bagay pou w te ka jwenn yon bagay ki te pi bon. Envite timoun yo pou pataje pwòp egzanp pa yo. Apsrsa li ansanm Lik 9:23–25. Eksplike yo ke Jezi vle pou nou dispoze pou abandone tout bagay pou nou ka suiv Li. Pandan ke Li pa mande nou pou nou literalman bay lavi nou, kisa Li mande nou pou nou bay? [gade nan Tradiksyon Joseph Smith, Matye 16:26 [nan Matye 16:24, referans e]).

  • Ekri plizyè kalite Kretyen sou moso papye ak opose kalite sa yo sou lòt moso papye (tankou lanmou ak egoyis, imilite ak lògèy, eksetera). Ekri mo sove ak pèdo yo kòm tit sou tablo a, epi envite timoun yo pou yo klase kalite yo anba tit ki apwopriye a. Ba yo tan pou yo medite sou kalite Kretyen yo ki sou tablo a ak pou yo chwazi youn pou yo devlope pi plis.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo itilize paj aktivite semèn sa a pou anseye fanmi yo sou Jezi k ap geri pitit fi Jayiris la.

Amelyore Ansèyman Nou

Ankouraje reverans. Ede timoun yo konprann ke yon aspè enpòtan nan reverans se panse ak Pè Selès la avèk Jezikri. Ou gen dwa chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun yo pou yo gen reverans.