Nouvo Testaman 2023
13–19 Mas. Matye 11–12; Lik 11: “M Ap Ba Ou Repo”


“13–19 Mas. Matye 11–12; Lik 11 ‘M ap Ba Ou Repo’“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“13–19 Mas. Matye 11–12; Lik 11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023

Imaj
Jezi ki kanpe nan mitan nyaj

Ou Pa Bezwen Pè, tablo Michael Malm

13–19 Mas.

Matye 11–12; Lik 11

“M ap Ba Ou Repo”

Ide ansèyman nan plan leson sa a la pou ede enspire kreyativite w. Pa ezite adapte aktivite w yo avèk bezwen ak kapasite timoun w ap anseye yo.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Ankouraje timoun yo pou yo pataje sa yo ka fè pou yo adore Senyè a nan jou Saba a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 11:28–30

Jezikri ap ede m lè m vin jwenn Li.

Timoun ka santi rekonfò lè yo konnen ke Jezikri ap ede yo avèk fado yo lè yo vin jwenn Li.

Aktivite Posib

  • Li Matye 11:28–30, epi montre foto bèf ki jouke nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo. Mande timoun yo pou yo lonje dwèt sou bèf yo ak jouk la. Eksplike ke bèf ki jouke yo ka rale plis pwa ansanm pase yo chak ta ka rale separeman. Temwaye ke lè nou santi nou tris, enkyè, oubyen nou pè, nou ka chèche Jezi epi L ap ede nou.

  • Mande yon timoun pou l soulve yon objè ki lou. Lè l gen difikilte pou l fè sa, ofri èd. Kijan Jezi ede nou fè bagay ki difisil yo? Pataje yon eksperyans kote w te santi Jezi te ede w fè yon bagay difisil, epi mande timoun yo pou yo pataje eksperyans pa yo.

Matye 12:1–13

Mwen ka sanktifye jou Saba a.

Nan ki fason amizan ou ka anseye timoun yo konsènan jou Saba a ak poukisa nou sanktifye li?

Aktivite Posib

  • Li Matye 12:10-13 awotvwa. Envite timoun yo pou yo kanpe epichita chak fwa w di “Saba,” apre sa repete avèk yo fraz “Li bon pou nou fè byen jou saba yo” (Matye 12:12). Kisa yo panse sa vledi?

  • Montre timoun yo yon kalandriye, epi souliye jou Saba yo pou yo. Kisa nou fè nan lòt jou yo nan semèn nan? Kisa nou ka fè jou Saba a pou nou fè l diferan de lòt jou yo? (gade Ezayi 58:13-14).

  • Mande timoun yo pou yo desinen bon bagay yo ka fè jou Saba a (gade paj aktivite semèn sa a).

  • Envite timoun yo pou yo panse a aksyon yo ka fè pou ede yo sonje fason nou prepare pou Saba a pandan y ap chante “Samedi” (Chants Pour les Enfants, 105).

  • Desinen zye, zòrèy, yon bouch, ak men sou tablo an. Mande timoun yo pou yo di sa chak pati sa yo nan kò nou ka fè pou sanktifye jou Saba a.

Lik 11:11–13

Pè Selès la la banou bon don.

Ansèyman Senyè a nan Lik 11:11-13 la ka ede timoun w ap anseye yo konprann ke Pè Selès la renmen yo epi Li vle beni yo.

Aktivite Posib

  • Itilize yon leson demonstrasyon pou ilistre ansèyman Sovè a ki nan Lik 11:11–13la. Pa egzanp, ou ta ka mete yon wòch andedan yon sachè pen oubyen mete foto yon eskòpyon andedan yon bwat ze. Mande timoun yo pou yo devine sa ki andedan an, epi apre sa montre yo. Envite yo ranplase wòch la oubyen foto a avèk yon mòso pen oubyen yon ze. Li Lik 11:11-13, epi pataje temwayaj ou ke Pè Selès la renmen nou, Li reponn priyè nou, epi Li ban nou anpil benediksyon atravè Lespri L la.

  • Chante ansanm yon chan sou lanmou Bondye, tankou “Mon Père céleste m ’aime” (Chants pour les enfants, 16). Eske w ka site kèk nan bon don Li ba nou yo? Mande timoun yo pou yo desinen foto benediksyon Pè Selès la ke yo rekonesan pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 11:28–30

Jezikri ap ede m si m vin jwenn Li.

Kijan w ka ede timoun yo konprann ke Sovè a ap ba yo repo anba pwoblèm yo lè yo vin jwenn Li.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo pale de yon lè kote yo te pè oubyen enkyè osijè yon bagay. Envite yo chèche konsèy nan Matye 11:28-30 ki ka ede yo nan menm kalite sikonstans yo. Kijan Sovè a “ban [nou] repo? (vèsè 28).

  • Envite timoun yo pou yo desine bagay y ap fè pou yo vin jwenn Jezikri epi aprann de Li.

  • Ede yo memorize katriyèm atik lafwa a. Pale avè yo konsènan kijan chak nan premye prensip ak òdonans levanjil yo ede nou aksepte envitasyon Jezi a, “Vin jwenn mwen“ (Matye 11:28).

(Matye 12:1–13

Saba a se yon jou pou m fè bon bagay k ap rapwoche m de Bondye.

Timoun w ap anseye yo ap fòtifye lè w mete aksan sou objektif ak benediksyon ki genyen nan kenbe jou Saba a sen.

Aktivite Posib

  • Envite yon timoun pou l fè kòmsi li se mesye Sovè a te geri men l lan (gade nan Matye 12:10-13). Yon lòt timoun ta ka poze l kesyon konsènan eksperyans lan.

  • Li ansanm Matye 12:12. Ki bon bagay nou ka fè nan jou Saba a? Kite timoun yo desinen ide yo sou paj aktivite semèn sa a, koupe pyès yo, epi pou yo chak mete pyès kastèt chinwa pa lòt ansanm lè tou pa yo rive.

  • Kache plizyè foto moun ki ap fè bagay ki montre lanmou pou Pè Selès la nan jou Saba a. Mande timoun yo pou yo chèche foto yo epi di kijan fè bagay ki nan foto yo montre lanmou nou pou Bondye.

Imaj
gason k ap meprize disip ki ap travèse chan ble a.

Disip yo Manje Ble nan Jou Saba a, tablo James Tissot

Lik 11:37–42

Aksyon mwen ak kè m dwe pwòp.

Sovè a te ansenye ke li pa sifi pou nou parèt jis devan lòt moun. Panse nou, santiman nou, ak aksyon nou an prive dwe pwòp tou.

Aktivite Posib

  • Pou ilistre sa vèsè sa yo anseye, montre timoun yo yon gode oubyen lòt resipyan ki pwòp sou deyò men ki sal andedan. Ede yo reflechi sou kisa “deyò gode a“ ka reprezante. Kisa “pati andedan an“ reprezante? Poukisa li enpòtan pou nou netwaye ni andedan an ni deyò a?

  • Li kèk lòt ekriti ansanm ki mete aksan sou fidelite nan kè nou ak nan aksyon nou yo—pa ekzanp, Sòm 24:3-5; Matye 15:7–8; Mowoni 7:6–9. Diskite poukisa Sovè a vle kè nou ak aksyon nou an prive pwòp espirityèlman.

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje avèk fanmi yo ide sou sa yo kapab fè pou sanktifye jou Saba a.

Amelyore Ansèyman Nou

Poze kesyon. “Yon kesyon ki envite elèv yo pou yo deklare yon prensip levanjil nan pwòp mo pa yo—sitou si w te poze l nan kòmansman klas la—kapab ede w konnen ki kantite tan ou bezwen pase ap etidye prensip sa a nan klas la” (Anseye nan Fason Sovè a32).