Nouvo Testaman 2023
20–26 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: “Moun ki gen zòrèy pou l tande, se pou l tande”


“20–26 Mas. Matye 13; Lik 8; 13: ‘Moun ki gen zòrèy pou l tande, se pou l tande,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“20–26 Mas. Matye 13; Lik 8; 13,” Vini, Swiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
ble ki pare pou rekòlte

20–26 Mas.

Matye 13; Lik 813

“Moun ki gen zòrèy pou l tande, se pou l tande’”

Parabòl se istwa senp ki ka angajan pou timoun. Plan leson semèn nan ak Vini, Suiv Mwen—Pou Endividi ak Fanmi ka ede nou itilize parabòl Sovè a pou ansenye timoun yo verite enpòtan.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pote plizyè bagay ki ka ede timoun yo sonje kèk nan parabòl ki nan Matye 13, tankou yon grenn, yon pèl, oubyen yon bwat trezò. Envite timoun yo pou yo pataje sa yo sonje konsènan parabòl yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 13: 1–23

M bezwen prepare m pou m aprann ansèyman Jezi yo.

Timoun ki pi piti yo gen dwa pa ka konprann tout senbòl ki nan parabòl semè a, men yo ka aprann verite levanjil senp li ansenye yo. Kijan ou ka ede yo konprann pi byen jan parabòl sa a gen rapò avèk yo?

Aktivite Posib

  • Montre plizyè tip tè diferan (oubyen foto tè) lè ou rezime Matye 13:3-8 Bay chak timoun yo yon grenn, epi mande sa yo ta ka fè pou ede grenn yo grandi. Eksplike ke temwayaj nou yo se tankou grenn. Kijan nou ka ede “grenn” temwayaj nou grandi?

  • Itilize plan leson semèn nan pou ede timoun yo konprann kisa chak tip tè ki dekri nan Matye 13 aprann nou konsènan kè nou. Mande timoun yo ki kalite kè Jezi vle yo genyen pou yo aprann ansèyman L yo.

  • Li Matye 13:9, 15, epi envite timoun yo pou yo lonje dwèt sou pati diferan nan kò yo lè yo tande bagay sa yo. Kijan nou ka itilize pati kò sa yo pou nou aprann ansèyman Jezi yo?

Matye 13:24–30, 36–43, 47–48

Pè Selès la vle m chwazi bagay ki bon.

Kèk nan parabòl Jezi yo ansenye ke nan Dènye jou yo, Bondye ap separe mecha ak moun ki jis yo. Kijan ou ka itilize parabòl pou enspire timoun yo chwazi byen?

Aktivite Posib

  • Kite timoun yo jwe wòl parabòl ble ak ivrè an (gade Matye 13:24-30). Eksplike ke ble reprezante moun ki fè bon chwa yo, e ivrè an (pikan ki pa bon) reprezante moun ki pa fè bon chwa. Yon jou, Papa nou ki nan Syèl la ap rasanble moun jis yo pou viv avèk Li.

  • Bay timoun yo kèk egzanp chwa ki bon ak chwa ki pa bon. Mande timoun yo pou yo di “chwa ble” lè ou dekri yon bon chwa ak “çhwa ivrè” lè ou dekri on move chwa.

  • Pote foto chay ble yo, epi kite timoun yo desine son foto yo kèk fason yo ka jis.

Matye 13:44–46

Apatenans mwen nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo kòm manm se yon trezò.

Kijan nou ka itilize imajri trezò sa a ak pèl presye pou ede timoun yo konprann valè apatnans nou nan Legliz Kris la?

Aktivite Posib

  • Kache foto yon bwat trezò ak yon pèl nan sal la, epi kite timoun yo jwenn yo. Itilize foto yo pou ansenye konsènan parabòl nan Matye 13:44-46. Pale konsènan poukisa yon moun ka abandone tout sa yo genyen pou yon bèl pèl oubyen trezò nan yon teren. Eksplike ke pafwa nou abandone yon bon bagay pou on bagay ki pi bon. Di timoun yo poukisa levanjil la gen valè pou ou.

  • Mete plizyè bagay oubyen foto nan yon bwat ki reprezante “trezò” nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, tankou Sovè a, tanp yo, oubyen Liv Mòmon an. Mande chak timoun yo pou yo chwazi yon bagay oubyen foto epi pale de rezon ki fè li se yon trezò.

  • Chante ansanm “Legliz Jezikri an” (Chants Pour Les Enfants, 77), epi mande timoun yo pou yo pale konsènan rezon k fè yo rekonesan pou Legliz Sovè a. Temwaye konsènan benediksyon ou te jwenn poutèt ou se manm Legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 13: 1–23

M bezwen prepare kè m pou resevwa ansèyman Jezi yo

Kijan ou ka ede timoun yo rekonèt enpòtans pou yo gen yon kè dou ak ki gen volonte pou Jezi ka ansenye yo?

Aktivite Posib

  • Bay chak timoun yo li youn nan kat kalite tè ki nan Matye 13:4-8. Envite yo pou yo chèche ak pataje sa k pase semans ki nan kalite tè yo te li apwopo de li a Kijan kè nou ka tankou kalite tè diferan yo? (gade nan Matye 13:19-23).

  • Montre yo yon foto yon ti jaden. Tankou kisa tè a dwe ye pou plant ka grandi ladan? Montre yon foto yon tè ki gen wòch oubyen pikan. Poukisa li difisil pou plant grandi nan tè sa a? Kijan nou ka asire nou ke kè nou tankou bon tè a pou nou ka resevwa ansèyman Sovè a?

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 13:15–17 Desine yon zye, zòrèy, ak kè sou tablo an. Kijan nou itilize chak bagay sa yo pou aprann ansèyman Jezi yo?

Matye 13:24–30, 36–43

M ka chwazi byen menm lè moun ki bò kote m yo pa p fè sa.

Lè wli vèsè sa yo avèk timoun yo nan lespri w, ki enpresyon ki vini jwenn ou?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo desine sèn nan parabòl ble ak ivrè a ke nou jwenn nan Matye 13:24-30, lan, epi pataje desen yo a avèk klas la. Mande yo pou yo make desen yo an avèk entèpretasyon parabòl la ke nou jwenn nan Matye 13:36-43. Ou dwe eksplike ke ivrè se yon move zèb.

  • Si sa posib, afiche yon foto ble ak ivrè. Eksplike ke ble ak ivrè ap grandi ansanm jiska rekòlt lan fèt (fen mond lan). Sa ansenye nou ke nou dwe viv avèk ni bonte ni mechanste antoure nou e nou dwe vijilan e chwazi byen. Mande timoun yo pou yo di kijan yo ka fè diferans ant byen ak mal.

Matye 13:44–46

Se yon trezò paske m se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Èske timoun ou ansenye yo wè apatnans yo nan Legliz la kòm yo trezò valab? Petèt diskisyon parabòl nan Matye 13:44-46 ka ede yo pataje santiman yo konsènan Legliz Senyè an.

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 13:44-46 epi pataje parabòl yo nan mo pa yo avèk yon lòt manm klas la.

  • Koupe plizyè sèk pou reprezante pyès lajan, epi mete yon nan yon bwat trezò. Envite timoun yo pou yo chwazi yon puès lajan epi desinen oubyen ekri sou li yon bagay yon renmen de apatnans yo a Legliz la. Mande timoun yo pou yo pataje sa yo mete sou pyès lajan yo a.

  • Envite yon manm pawas la pou l pataje istwa konvèsyon l avèk timoun yo epi di sa l te sakrifye pou vin manm Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Yo. Oubyen mande timoun yo pou yo pale de sakrifis yo fè pou Senyè a ak Legliz li a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo ansenye fanmi yo konsènan youn nan parabòl yo te aprann nan Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Timoun renmen pataje sa y ap aprann. Menm si yo jèn, yo ka fòtifye manm fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pataje sa yo aprann nan Primè a avèk fanmi yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a,,30