Nouvo Testaman 2023
27 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2–4; Lik 7: “Lafwa W Sove Ou”


“25 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2–4: ‘Lafwa W Sove Ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“25 Fevriye–5 Mas. Matye 8; Mak 2–4; Lik 7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi leve mesye a nan kabann

28 Fevriye–5 Mas

Matye 8; Mak 2–4; Lik 7

“Lafwa W Sove Ou”

Fè atansyon pou ou pa presipite etid ou nan ekriti yo. Pran tan pou w medite nan lapriyè, menm si sa vledi ou pa gen tan pou w li chak vèsè. Moman meditasyon sa yo souvan mennen nan revelasyon pèsonèl.

Ekri Enpresyon w yo

Youn nan mesaj ki pi klè nan Nouvo Testaman an s ke Jezikri se yon gerisè. Resi yo sou Sovè a k ap geri malad ak aflije yo anpil—soti nan yon fi avèk yon fyèv rive nan pitit gason yon vèv ki te mouri. Poukisa ensistans sou gerizon fizik la? Ki mesaj ki ta ka gen la a pou nou nan mirak sa yo? Se sèten ke youn nan mesaj pi evidan sèke Jezikri se Pitit gason Bondye, avèk pouvwa sou tout bagay, enkli doulè ak enpèfeksyon fizik nou yo. Men gen yon lòt sifikasyon nou jwenn nan pawòl li te di doktè lalwa enkredil yo tou: “Pou nou ka konnen Pitit Gason Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche” (Mak 2:10). Konsa, lè w ap li istwa yon moun avèg oubyen yon lepre ki te geri, ou gen dwa panse ak gerizon—alafwa espirityèl ak fizik—ke ou ka resevwa nan men Sovè a epi tande Li k ap di ou: “Lafwa w sove ou” (Lik 7:50).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 8; Mak 2–3; Lik 7

Sovè a ka geri enfimite ak maladi yo.

Chapit sa yo gen anpil egzanp sou gerizon mirakile Sovè a te akonpli. Pandan w ap etidye gerizon sa yo, chèche mesaj posib ki pou ou. Ou gen dwa mande tèt ou: Kisa resi a anseye konsènan lafwa nan Jezi? Kisa resi a anseye konsènan Sovè a? Kisa Bondye vle anseye apati mirak sa a? Sa yo se kèk egzanp, men genyen plis toujou:

Gade tou nan David A. Bednard, “Aksepte Volonte ak Tan Senyè a,” Lyawona,, Out 2016, 17–23; Neil L. Andersen, “Blese,” Lyawona,, Nov. 2018, 83–86.

Mak 2:15–17; Lik 7:36–50

Jezikri pa te vni pou kondane pechè yo menm pou geri yo.

Pandan w ap li vèsè sa yo konsènan entèaksyon Jezi avèk doktè lalwa ak Farizyen yo, ou gen dwa anvizaje si ou wè tèt ou nan resi sa yo. Pa egzanp, èske panse ak aksyon e yo janm tankou pa Simon, Farizyen an? Kijan w t ap dekri diferans ant fason Jezi te gade pechè yo ak fason Farizyen tankou Simon yo te gade yo? Anvizaje kijan moun ki akable anba peche yo ka santi yo lè yo avèk Sovè a. Kijan yo santi yo lè yo avèk ou?

Ou gen dwa medite tou sou fason ou se tankou fi ki dekri nan Lik 7:36–50. Kilè w konn santi tandrès ak mizèrikòd Sovè a te montre pou li a? Kisa w aprann nan egzanp li sou lafwa, lanmou ak imilite?

Gade tou Jan 3:17; Lie 9:51–56; Dieter F. Uchtdorf, “Don Gras la,” Lyawona, Me 2015, 107–10.

Matye ,8:18,-22; Mak 3:31,-35,

Pou m yon disip Jezikri, sa vledi pou m mete l anpremye nan lavi m.

Nan vèsè sa yo, Jezi te anseye ke pou nou se disip li, sa mande pou nou mete l anpremye nan lavi nou, menm si sa pafwa vledi ke nou dwe sakrifye lòt bagay nou bay enpòtans. Pandan w ap etidye pasaj sa yo, medite sou sou lavi ou kòm yon disip. Poukisa disip yo dwe dispoze pou mete Sovè a anpremye? Kisa ou ka bezwen renonse pou w ka mete Jezi anpremye? (Gade tou Lik 9:57–62.)

Matye 8:23–27; Mak 4:35–41

Jezikri gen pouvwa pou l pote lapè nan mitan tanpèt lavi yo.

Èske w janm santi w fason disip Jezi yo te santi yo nan tanpèt la sou lanmè a—ap gade vag dlo yo k ap ranpli bato a epi ap mande: “Mèt, èske w pa pè pou n pa peri?”

Nan Mak 4:35–41, an, ou pral jwenn kat kesyon. Drese lis yo chak, epi medite sou sa li anseye ou konsènan defi l ap fè fas nan lavi a avèk lafwa nan Jezikri. Kijan Sovè a pote lapè nan tanpèt yo nan lavi ou?

Gade tou Lisa L. Harkness, “Peace, Be Still,” Lyawona, Nov. 2020, 80–82.

Imaj
Jezi nan bato kalme tanpèt

Soti nan Krent rive nan Lafwa,, pa Howard Lyon

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 8; Mak 2–4; Lik 7..Anvizaje kreye yon lis sou mirak yo ki dekri nan chapit sa yo. Eseye jwenn oswa desinen foto sou kèk nan yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen LDS.org). Chak manm fanmi ka itilize foto yo pou pale konsènan youn nan mirak yo epi pataje sa yo te aprann de li. Ou gen dwa pataje kèk egzanp sou mirak ou te temwen oubyen ou te li nan epòk nou an.

Gade tou video “Vèv Nayim” ak “Kalme Tanpèt la” nan (ChurchofJesusChrist.org).

Matye 8:5–13; Lik 7:1–10.Kisa ki te enpresyone Jezi sou lafwa santiryon ? Kijan nou ka ogmante lafwa nou nan Jezikri?

Mak 2:1–12.Chapit 23: Mesye a Ki Pat Ka Mache” (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 57–58, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org) ka ede fanmi ou diskite Mak 2:1–12. (Gade tou videyo “Jezi Padone Peche yo epi Geri yon Mesye ki te Paralize” nan ChurchofJesusChrist.org.) Kijan nou ka tankou zanmi mesye a ki pat ka mache a? Kimoun ki te yon zanmi konsa pou nou?

Mak 4:35–41.Èske istwa sa a ta ka ede manm fanmi ou lè yo santi yo pè? Petèt yo ta ka li vèsè 39 la epi pataje eksperyans yo kote Sovè a te ede yo santi lapè.

Timoun yo gen dwa kontan pretann yo nan yon abto nan yon lanmè toumante pandna yon moun ap li Mak 4:35–38. Apresa, lè yon moun li verse 39, yo ta ka pretann ke yo nan yon bato nan yon lanmè trankil. Nou gen dwa chante ansanm yon kantik konsènan jwenn lapè nan Sovè a tou, tankou “Maitre la Tempête Lance” (Cantiques, no. 56). Kisa pawòl sa yo nan kantik la anseye nou konsènan lapè Jezi ofri a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan ki sigjere: “Maitre, la Tempête Lance,” Cantiques, no. 56.

Amelyore Ansèyman Nou

Ou dwe disponib ak aksesib. Kèk nan pi bon moman ansèyman yo kòmanse pa kesyon oubyen preyokipasyon nan kè manm fanmi yo. Fè manm fanmi yo konnen, atravè pawòl ak aksyon ou yo, ke ou pa ka tann pou tande yo. (Gade Anseye nan Fason Sovè a16.)

Imaj
Jezi avèk mesye malad sou kabann yo te glise soti nan plafon an

Kris la ak Mesye Paralize a, pa J. Kirk Richards