Nouvo Testaman 2023
20–26 Fevriye. Matye 6–7: “Li te Anseye Yo tankou Yon moun ki Gen Otorite”


“14–20 Fevriye. Matye 6–7: ‘Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“20–26 Fevriye. Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi ap anseye bò lanmè a

Jezi ap Anseye Moun bò Rivaj la, pa James Tissot

20–26 Fevriye

Matye 6–7

“Li te anseye yo tankou yon moun ki gen otorite”

Lè nou li ekriti yo avèk yon kesyon nan tèt nou epi avèk yon dezi sensè pou n konprann sa Pè Selès la vle nou konnen, nou envite Sentespri a pou l enspire nou. Pandan w ap li Matye 6–7, pote atansyon a enpresyon sa yo.

Ekri enpresyon ou yo

Diskou sou Mòn nan se youn nan diskou ki pi byen koni nan Krisyanis la. Sovè a te anseye avèk bèl imaj, tankou yon vil ki sitiye sou yon kolin, flè lis nan chan yo, ak lou ki degize an mouton. Men, Diskou sou Mòn nan plis pase yon bèl diskou. Pouvwa ansèyman Sovè a te bay disip li yo ka chanje lavi nou, espesyalman lè nou aplike yo. Lè sa a, pawòl li yo vin plis pase pawòl; yo vin yon fondasyon asire pou lavi nou ki, menmjan ak kay moun ki saj la, ka kanpe devan van ak siklòn mond lan (gade Matye 7:24–25).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 6–7

Viv ansèyman Sovè a ka ede mwen vin plis tankou Li.

Diskou sou Mòn nan genyen anpil prensip levanjil la. Pandan w ap li chapit sa yo, mande Senyè a sa li vle pou ou aprann.

Yon prensip ou gen dwa jwenn se nesesite pou priyorize bagay Bondye yo sou bagy yo nan mond lan. Kiyès nan ansèyman Sovè a nan Matye 6–7 la ki ede w konsantre w sou bagay selès yo? Ki lòt ide oswa enpresyon ou genyen? Kisa w santi w enspire pou w fè? Sonje pou ekri enpresyon w yo. Pa egzanp:

Matye 6: 1–4

Mwen vle pi sousye pou sa Bondye panse de mwen olye m sousye de sa lòt moun panse.

Yon lòt prensip nan Matye 6–7 se priyè. Pran yon moman pou w evalye priyè ou yo. Selon oumenm, kijan w santi w ap progrese nan efò ou pou w rapwoche de Bondye atravè lapriyè? Ki ansèyman nan Matye 6–7 la ki enspire w pou w amelyore fason w priye? Ekri enpresyon w resevwa yo. Paregzanp:

Matye 6:9

Lè m ap priye, mwen dwe trete non Pè Selès la avèk reverans.

Matye 6:10

Lè m ap priye, mwen dwe eksprime dezi m pou volonte Senyè a fèt.

Ou gen dwa reli Diskou sou Mòn nan, fwa sa a nan chèche yon lòt tèm oubyen yon mesaj ki espesyalman aplikab pou oumenm. Ekri sa w jwenn nan nan yon jounal etid, ansanm ak panse w ak enpresyon w.

Imaj
fanmi k ap priye

Nou ka rapwoche de Bondye atravè lapriyè.

Matye 6:7

Kisa sa vledi itilize “repetisyon initil” nan lapriyè?

Gen moun ki souvan panse ke “repetisyon initil” vledi repete menm mo yo san rete. Sepandan, mo initil la ka dekri yon bagay ki pa gen okenn valè tou. Itilize “repetisyon initil” nan lapriyè ka vledi priye san senserite oubyen san santiman ki sot nan kè nou (gade Alma 31:12–23).

Matye 7: 1–5

Mwen dwe jije avèk jistis.

Nan Matye 7:1, Sovè a ka sanble l di nou pa dwe jije, men nan lòt ekriti (enkli lòt vèsè nan chapit sa a), li ba nou enstriksyon sou fason pou nou jije. Si sa sanble l dewoutan, Tradiksyon Joseph Smith la sou vèsè sa a kapab ede w: “Pa jije enjisteman, pou yo pa jije ou; men jije avèk yon jijman ki jis” (nan Matye 7:1, referansa). Kisa w jwenn nan Matye 7:1–5la, ansanm avèk nan rès chapit la, ki ede w konn kijan pou “pote jijman ki jis”?

Gade Sijè Levanjil yo tou, “Jije Lòt moun,” topics.ChurchofJesusChrist.org; Lynn G. Robbins, “Jij ki Jis la,” Lyawona, Nov. 2016, 96–98.

Matye 7: 21–23

Mwen vin konn Jezikri nan fè volonte li.

Fraz “Mwen pa t janm konnen w” la nan Matye 7:23 a te chanje nan Tradiksyon Joseph Smith la pou l vin “Ou pa t janm konnen mwen” (Matye 7:23, referansa). Kijan chanjman sa a ede w pi byen konprann sa Senyè a anseye nan vèsè 21–22 yo konsònan fè volonte li? Nan ki pwen ou panse w konn Senyè a? Kisa w ka fè pou w konnen Li pi byen?

Gade tou David A. Bednar, “Si w Te Konnen Mwen,” Lyawona, Nov. 2016, 103.

Matye 7:24,–27

Obeyi ansèyman Sovè a kreye yon fondasyon fèm pou lavi mwen.

Viv levanjil la pa retire advèsite nan lavi nou. Toude kay yo nan parabòl Sovè a nan Matye 7:24–27 la te fè eksperyans menm tanpèt la. Men youn nan kay yo te gen kapasite reziste devan l. Kijan viv ansèyman Sovè a te kreye yon fondasyon fèm pou ou? Kisa ou santi w enspire pou w fè pou kontinye bati “kay ou sou yon woche”? (gade vèsè 24).

Gade tou Elaman 5:12.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 6–7.Yon fason pou n aprann nan Matye 6–7 antanke fanmi se gade videyo “Diskou sou Mòn nan: Priyè Senyè a” ak “Diskou sou Mòn nan: Trezò nan syèl la” (ChurchofJesusChrist.org). Manm fanmi yo ka suiv nan liv ekriti yo epi kanpe videyo yo nenpòt lè yo tande yon bagay yo vle diskite. Aktivite sa a ka pran plizyè jou, si nesesè.

Matye 6:5–13.Kisa nou ka aprann konsènan lapriyè nan fason Sovè a te priye a? Kijan nou ka itilize priyè L la kòm modèl pou amelyore priyè pèsonèl ak familyal nou yo? (Gade tou Lik 11:1–13.) Si ou gen timoun piti, ou gen dwa fè pratik priye ansanm.

Matye 6:33.Kisa sa vle di pou “chèche … Wayòm Bondye a toudabò”? Kijan nap ka fè sa endividyèlman ak antanke yon fanmi?

Matye 7:1–5.Pou vizyalize ansèyman yo nan vèsè sa yo fanmi ou ka jwenn yon paybwa (yon ti moso bwa) ak yon poto (yon gwo moso bwa). Kisa konpare yo de a anseye nou konènan jije lòt moun? Si ou ta renmen eksplore sijè sa a pi plis, ou ka itilize kèk nan resous yo nan “Jije Lòt moun” (Sijè Levanjil la, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Matye 7:24–27.Pou ede fami ou pi byen konprann parabòl Sovè a sou mesye saj la ak mesye fou a, ou ka kite yo vide dlo sou sab epi apresa sou yon wòch. Kijan nou ka bati fondasyon espirityèl nou sou yon wòch?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan ki sigjere: “Le sage et le fou,” Chants pour les Enfants, 132.

Amelyore etid pèsonèl nou

Pataje ide. Pale sou ide w jwenn nan etid pèsonèl ou yo se non sèlman yon bon fason pou w anseye lòt moun, men sa ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou. Eseye pataje yon prensip ou te aprann semèn sa a avèk manm fanmi ou oubyen nan klas ou nan legliz la.

Imaj
Jezi k ap priye

Mwen Te Priye pou Ou, pa Del Parson