Nouvo Testaman 2023
30 Janvye–5 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: “Lespri Senyè a Sou Mwen”


“30 Janvye–5 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a Sou Mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“30 Janvye–5 Fevriye. Matye 4; Luke 4–5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi ki kanpe nan dezè a

Nan dezè a, Eva Koleva Timothy

30 Janvye 5 Fevriye

Matye 4; Lik 4–5

“Lespri Senyè a Sou Mwen”

Sovè a te itilize ekriti yo ni pou L reziste devan tantasyon Satan ak pou L temwaye sou misyon diven pa Li (gade nan Lik 4:1–21). Lè ou medite sou ekriti yo, sa ka bati fwa ou ak rezolisyon ou pou ou reziste tantasyon.

Ekri enpresyon ou

Depi nan jenès Li, Jezi sanble L te konsyan ke L te gen yon misyon sakre san parèy. Men pandan L t ap prepare L pou L te kòmanse ministè Li sou tè a, advèsè a te chèche mete dout nan panse Sovè a. “Si w se Pitit Bondye,” Satan te di (Lik 4:3, italik te ajoute). Men, Sovè a te an kominyon avèk Papa L ki nan Syèl la. Li te konnen ekriti yo, epi L te konn kiyès Li te ye? Pou Limenm, òf Satan an—“M ap ba ou tout pouvwa” a (Lik 4:6)—sete yon òf initil, paske preparasyon Sovè a pandan tout lavi Li te pèmèt Li resevwa “pouvwa Lespri a” (Lik 4:14). Konsa, malgre tantasyon, epèv, ak rejè, Jezikri pa t janm detounen L de travay Li te gen pou L te fè a: “Mwen dwe preche wayòm Bondye a … paske se poutèt sa yo voye mwen” (Lik 4:43).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 4: 1–2

Lè m rete an kominyon avèk Bondye, sa prepare m pou m sèvi Li.

Pou L te prepare L pou misyon L lan, Jezi t al nan dezè a pou L te ka “avèk Bondye” (Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:1 [nan Matye 4:1, referans b). Panse a sa w fè pou santi w pi pwòch Bondye. Kijan sa prepare w pou travay Li vle pou w fè a?

Matye 4:1–11; Lik 4:1–13

Jezikri tabli egzanp lan pou mwen paske L te reziste anba tantasyon.

Pafwa moun konn santi yo koupab lè yo gen tantasyon pou yo peche. Men, menm Sovè a, ki te viv “san peche” (Ebre 4:15), te jwenn tantasyon. Jezikri konnen tantasyon ki devan nou ak fason pou ede nou simonte yo(gade nan Ebre 2:18; Alma 7:11–12).

Pandan w ap li Matye 4:1–11 ak Lik 4:1–13, kisa w aprann ki ka ede w lè w ap fè fas devan tantasyon? Ou ka òganize panse ou nan yon tablo tankou sa a:

Jezikri

Mwenmenm

Jezikri

Kisa Satan te tante Kris la pou L te fè?

Mwenmenm

Kisa Satan tante m pou m fè?

Jezikri

Poukisa Kris la te prepare pou L te reziste anba tantasyon?

Mwenmenm

Kijan m ka prepare m pou m reziste anba tantasyon?

Jezikri

Mwenmenm

Ki lòt ide adisyonèl ou jwenn nan Tradiksyon Joseph Smith la, nan Matye 4? (gade nan referans atravè Matye 4).

Gade tou nan 1 Kotentyen 10:13; Alma 13:28; Moyiz 1:10–22; Sijè Levanjil yo, “Tantasyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Lik 4:16–32

Jezikri se Mesi yo te pwofetize a.

Si yo ta mande w pou w dekri kisa yo te voye Jezikri sou tè a pou L te fè, kisa w t ap di? Lè L te site yonn nan pwofesi Ezayi yo konsènan Mesi a, Sovè a te dekri aspè ki nan misyon pa Li a (gade nan Lik 4:18–19; Ezayi 61:1–2). Kisa w aprann apwopo misyon L lan lè w li vèsè sa yo?

Nan ki kèk fason Sovè a envite w patisipe nan travay Li a?

Imaj
Jezi k ap anseye nan sinagòg

Malgre ke depi dè syèk Juif yo t ap tann pou pwofesi Ezayi a te akonpli, anpil ladan yo pa t aksepte ke Jezi sete Mesi a lè L te deklare: “Jodia, ekriti sa a nou sot tande a akonpli” (Lik 4:21). Pandan w ap li Lik 4:20–30 (gade tou Mak 6:1–6), eseye mete tèt ou nan plas pèp Nazarèt la. Èske gen yon bagay ki ta ka anpeche w totalman aksepte Kris la kòm Sovè pèsonèl ou?

Gade tou nan Mozya 3:5–12; “Jezi deklare ke L se Mesi a” (video), ChurchofJesusChrist.org.

Matye 4:18–22; Lik 5:1–11

Si m fè Senyè a konfyans, Li ka ede m atenn potansyèl divin mwen.

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye: “Gason ak fi ki konsakre lavi yo bay Bondye yo dekouvri ke Li ka fè plis bagay avèk lavi yo pase yo kapab” (Enseignements des présidents de l’église: Ezra Taft Benson [2014], 42) Note kouman sa te pase pou Simon Pyè ak konpayon pechè pwason li yo. Jezi te wè yon bagay ki pi gran nan yo pase yo te wè nan tèt pa yo. Li te vle fè yo vin tounen “pechè moun” (Matye 4:19; gade tou nan Lik 5:10).

Pandan w ap li Matye 4:18–22 ak Lik 5:1–11, medite sou sa Jezikri ap ede w vin tounen. Kouman w santi Li envite w vin suiv Li? Kijan w ka montre Senyè a ke w dispoze pou w abandone tout bagay pou w suiv Li? (gade nan Lik 5:11).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 4:1-2; Lik 4:1-2.Ki ide nou ka jwenn nan istwa sa a sou pouvwa jèn? Pou ede fanmi w aprann konsènan jene, ou ta ka itilizese “Jene ak ofrann jèn” nan Sijè Levanjil yo (topics.ChurchofJesusChrist.org). Manm fanmi yo ta ka pataje eksperyans yo te fè avèk jèn. Petèt ou ta ka planifye avèk priyè pou jene ansanm pou yon objektif byen presi.

Matye 4:3-4; Lik 4:3-4.Lè Satan te tante Kris la pou L te fè wòch yo tounen pen an, li te mete divinite Kris la an dout lè l te di: “Si w se Pitit Bondye” (Matye 4:3, italik ajoute). Poukisa Satan eseye fè nou doute idantite divin nou—ak idantite Sovè a? Kijan l eseye fè sa? (Gade tou Moyiz 1:10–23.)

Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:11.Apre Jezi te fin teste fizikman ak spirityèlman an, panse L te vire sou bezwen Jan Batis, ki te nan prizon: “Epi, Jezi te konnen ke yo te mete Jan nan prizon, epi Li te voye zanj, epi, gade, yo te ale epi yo te sèvi li [Jan]” (Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:11 [nan Matye 4:11, referans a). Ki benediksyon nou resevwa lè nou suiv egzanp Kris la pou n panse avèk lòt moun anvan nou panse a tèt nou?

Lik 4:16–21. Èske nou konnen yon moun ki gen kè brize oubyen ki bezwen pou yo “libere li”? (Lik 4:18). Kijan nou ka ede lòt moun resevwa gerizon ak delivrans Sovè a? Ou ta ka diskite sou kijan akonpli òdonans tanp yo ede nou pote “delivrans pou kaptif yo” (Lik 4:18).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a..

Chan yo sijere: “Viens et Suis-moi,” Cantiques, no. 61.

Amelyore ansèyman nou

Viv Levanjil Jezikri a. “Petèt bagay ki pi enpòtan w ka fè [antanke paran oubyen enstriktè] se … viv levanjil la ak tout kè ou. … Sa se mwayen prensipal pou w ka kalifye pou konpayi Sentespri a. Ou pa oblije pafè, sèlman, eseye avèk dilijans—epi chèche jwenn padon atravè Ekspyasyon Sovè a chak fwa w bite” (Anseye nan fason Sovè a,13).

Imaj
Jezikri aple Apot yo pou yo vin “pechè lèzòm”.

Kris la k ap aple Apot Jak ak Jan, Edward Armitage (1817–96)/Sheffield Galleries and Museums Trust, UK/© Museums Sheffield/The Bridgeman Art Library International