Nouvo Testaman 2023
20–26 Fevriye. Matye 6–7: “Li Te Anseye Yo Tankou Yon Moun ki Gen Otorite”


“20–26 Fevriye. Matye 6–7: ‘Li Te Anseye Yo Tankou Yon Moun ki Gen Otorite’” Vini, Suiv Mwen—Primè: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“20–26 Fevriye. Matye 6–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2023

Imaj
Jezi ap anseye bò lanmè a

Jezi ap anseye moun bò lanmè a, tablo James Tissot

20–26 Fevriye.

Matye 6–7

“Li Te Anseye Yo Tankou Yon Moun ki Gen Otorite”

Kòmanse li Matye 6–7, pandan w ap panse a timoun w ap anseye yo. Ki mesaj nan chapit sa yo yo bezwen tande? Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ak plan leson sa a kapab ba w ide pou ansèyman, si w bezwen.

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje sa yo te fè pandan semèn pase a pou yo te ka yon limyè oswa yon egzanp pou yon moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Matye 6:5–13

Mwen ka priye Papa m ki nan Syèl la jan Jezi te fè a.

Timoun yo ka aprann priye nan koute priyè lòt moun. Kijan w ka ede yo aprann nan priyè Jezikri te fè nan vèsè sa yo?

Aktivite Posib

  • Repase ansèyman Jezi te bay sou fason pou priye yo ki nan Matye 6:5–13 la. Ou gen dwa itlize “Chapit 20: Jezi anseye sou priyè a (nan Istwa Nouvo Testaman yo, 51–52, oswa videyo korespondan an (ChurchofJesusChrist.org).

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo sonje diferant pati lapriyè yo.

  • Trase men chak timoun sou yon moso papye. Pale sou sa nou dwe fè avèk men nou ak bra nou lè n ap priye. Sou chak desen, ekri yon bagay nou fè pou montre reverans lè n ap priye (paregzanp, bese tèt nou, fème je nou, eksetera).

  • Chante yon kantik sou lapriyè avèk timoun yo, tankou “Le front baissé” (Chants pour les enfants, 18), epi rann temwayaj ou sou pouvwa lapriyè. Envite timoun yo pou yo pataje eksperyans pa yo tou.

Imaj
yon tigason k ap priye

Mwen ka priye Papa m ki nan Syèl la jan Jezi te fè a.

Matye 7:12

Mwen ta dwe trete lòt moun jan m ta renmen yo trete mwen.

Ansèyman Jezi ki nan Matye 7:12 la—ke nou konnen sou non Règ Lò a—bay yon modèl senp sou fason pou nou trete lòt moun. Kisa k pral ede timoun w ap anseye yo viv selon prensip sa a.

Aktivite Posib

  • Li Matye 7:12, epi repete li nan senp mo ke timoun yo kapab konprann. Ede timoun yo reflechi sou plizyè fason pou yo konplete yon fraz tankou sa a: “Mwen renmen lè lòt moun pou mwen” an. Apre chak fraz, envite yo pou yo repete avèk ou: “Konsa, mwen dwe pou lòt moun.”

  • Chante avèk timoun yo yon chan ke w santi ki ranfòse Matye 7:12la, tankou “Aimez chacun” (Chants pour les enfants, 39). Chèche jès ki senp pou akonpaye chan an. Mande timoun yo kisa yo aprann nan egzanp Sovè a sou fason yo dwe trete lòt moun.

  • Envite yo pou yo fè lis bagay janti paran yo oubyen lòt manm fanmi yo fè pou yo. Li Matye 7:12, epi envite timoun yo pou yo site kèk bagay janti yo ka fè pou fanmi yo.

Matye 7:24,–27,

Mwen ka bati yon fondasyon solid si m suiv Jezi.

Itilize parabòl Sovè a sou bati yon kay sou sab oubyen sou wòch la ka yon fason memorab pou anseye timoun yo sou enpòtans pou nou viv selon sa nou aprann yo.

Aktivite Posib

  • Chante avèk timoun yo kantik “Le sage et le fou” a ( Chants pour les enfants, 132, epi itilize jès ki ale avèk pawòl yo.

  • Itilize Matye 7:24–27 pou anseye sou diferans ant moun saj la ak moun fou a. Envite yo pou yo fè tankou y ap bati yon kay. Kijan nou ka tankou mesye ki saj la?

  • Fè timoun yo desine foto sou parabòl moun saj la ak moun fou a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Matye 6–7

Diskou sou Mòn nan gen mesaj pou mwen.

Chapit sa yo gen anpil mesaj ki ka aplike pou timoun w ap anseye yo. Li yo avèk timoun yo nan lespri ou. Kisa w distenge nan yo?

Aktivite Posib

  • Raple timoun yo ke yo te aprann sa Jezi te anseye yo nan Diskou sou Mòn nan. Ki verite yo ka sonje yo te aprann semèn pase a?

  • Ekri kèk fraz nan Diskou sou Mòn nan sou tablo a ak kèk lòt fraz ki pa nan ekriti yo. Envite yo pou yo chèche ki fraz ladan yo ki soti nan Diskou sou Mòn nan. Envite yo pou yo pataje sa yo aprann nan ansèyman sa yo.

  • Chwazi plizyè vèsè nan Matye 6–7 ou santi k ap enpòtan pou timoun yo. Ekri referans ekriti yo sou kèk kat, epi kache yo nan tout sal la. Fè yo chèche yo, li vèsè yo, epi eksplike poukisa ansèyman sa yo enpòtan pou yo.

  • Pataje yon pasaj ou pi renmen nan Matye 6–7 la, epi eksplike yo poukisa ou renmen li. Si timoun yo gen yon pasaj yo renmen, envite yo pou yo di poukisa yo renmen l ak kisa yo aprann nan li.

  • Chante avèk timoun yo yon chan sou suiv egzanp Sovè a ak ansèyman L yo, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les enfants, 40–41). Stope chan an lè w rive nan yon fraz ki anrapò avèk yon prensip yo anseye nan Matye 6–7la. Ede timoun yo fè koneksyon ant sa y ap aprann nan chapit sa yo.

Matye 6:5–13; 7:7–11

Papa nou ki nan Syèl la ap tande m lè m priye.

Pandan w ap etidye Matye 6:5–13; 7:7–11 la, kisa w santi timoun yo bezwen konprann sou lapriyè?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo li Matye 6:9–13 fò epi apresa fè lis sa Sovè a di yo nan priyè L la. Kijan nou ka suiv egzanp Li lè n ap priye?

  • Chante yon chan sou lapriyè avèk timoun yo, tankou “La prière est comme un phare” (Cantiques, no. 75). Ede timoun yo gade pawòl yo pou yo chèche wè pouki rezon nou priye ak ki benediksyon ki soti nan lapriyè.

  • Ede yo memorize Matye 7:7 kote y ap fè yon jwèt tankou sa a: Yon timoun ap resite premye mo oubyen premye fraz nan vèsè a epi apresa l ap voye yon balon bay yon lòt timoun, ki ap resite pwochen mo oswa pwochen fraz la.

  • Mime Matye 7:9–10 avèk timoun yo kote w ap itilize ekspresyon ki senp. Mande yo pou yo pou pataje sa ekriti sa a anseye yo osijè lapriyè.

  • Pataje yon eksperyans kote priyè w te egzose.

Matye 6:19–21

Mwen ka chèche trezò etènèl yo olye de trezò terès.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo bay bagay etènèl yo plis valè pase bagay nan mond lan?

Aktivite Posib

  • Pote yon bwat “trezò” plen objè oswa foto ki reprezante bagay mond lan bay valè—tankou lajan, oswa jwèt. Li Matye 6:19–21 ansanm, epi apresa, mande yo pou yo ede w panse a trezò selès ki ta ka ranplase bagay mond lan yo ki nan bwat la.

  • Envite yo pou yo site oubyen desine kèk bagay yo ta ka fè pou “anpile … trezò nan syèl la” (Matye 6:20).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje ansèyman yo pi renmen nan Diskou sou Mòn nan avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Chèche konprann manm klas ou yo. Ou konnen timoun w ap anseye yo. Ide ki nan plan sa a kapab bezwen modifye pou yo ka reponn pi byen a bezwen klas ou a. Ou gen dwa repase tout aktivite yo bay nan plan leson sa a, e pa sèlman sa k pou laj timoun w ap anseye yo, pou w ka jwenn ide pou klas pa w la. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 7.)